TI JOE sou si KREYOL LA pral dèyè DJAKOUT ak T-VICE pou....



















__________________
TI JOE ZENNY di nou si KREYOL LA gin GNB pou al dèyè DJAKOUT ak T-VICE nan prochain kanaval la. Al li sa li di nou.

*KOMPA MAGAZINE: Ti Joe Zenny, eske OU ak Kreyol La gin GNB pou attacké Djakout ak T-Vice nan kanaval POU JWENN Respè ke Ou pensé ke yo pa ba Ou a nan domaine Kanaval? Eske Ou ka jéré CHALEU sa?
TI JOE ZENNY: "Si se pou "GNB", pou nou ta atake kikonk li posib. La seule choz, mwen pansé ke gen de bagay sé pa ou ki kreyé yo...li vini pou kol. Si m ta ataké yo li pap bon, tout mounn ap wem raz, a mwens ke ta gen vreman on problem ki rivé. T-VICE ak DJAKOUT gen 17 ans de polemik, en theme d'attente publik ak lapres, yo devan tout mounn. Yo pratikman monopolizé kanaval la. En theme de forma yo fe kanaval yo, se 2 jazz ki chak ané pratikman ap fè menm bagay la. Ane sa, KREYOL LA prouvé siw travay sanw pa oblijé kopié forma on lot, siw gen lot strateji, e surtou siw propozé on bagay diferan... ou ka champion .. ou parmi les meilleurs.
Sa kap pase 2 jazz sa yo simp. Li depann de ki drama ki rivé younn ou lot pandan anée a. Selon sak rivé a, selon sujè kanaval la ....le gen ane pa gen drama, pa gen bozz, sujè yo jus niais. Yo telman di bagay sou lot, ke sujè yo vinn on jan raz. Nan konpa ané saa, Kreyol la te jus diferan. Mesi a Carimi ki pat la, ki fosem al fè on lot bagay, e fem propozé on lot bagay. Herezman tou ke KREYOL LA depi leu nou fomé a jodi a, nou pa peu pran risk a anyen, ni text, ni jan nou joué, ni jan nou animé, ni nou pa janm pe fe de bagay ki pa fet nan biznis la. Example, jodi a mkwè nou montré tout mounn ke on challenge posib nan on moman kanaval. Nou pran tout ti mounn nou ambalé yo, nou fosé tout mounn, mem si yo pa renmen Kreyol La...al gadé; epi konsa tout mounn konen kanaval la.
Rev nou se pa nou menm jan ak tout mounn. Rev nou se pa pou nou numero 1, ou champion tout tan ect. Sé pito kijan nou ka édé biznis la ak lot propozision. Kreyol la ap toujou rété grenn maggy tout promotè le yo bezwen on bel afich. Nou bon nan tout sos. Antouka mtres fier ke jodi a tout mounn ap felisité nou pou on nouvel proposition. Tout jazz ki vle champion an met pranl. It's ok. Men lot ane ..... Paske ane saa; map enjoy li net."
KM!
- kompamagazine
- Site Admin
- Posts: 4585
- Joined: Thu Dec 10, 2015 12:05 am