TI JOE ZENNY sou KRÉYOL LA sacré CHAMPION KANAVAL OKAY 2017!



















__________________

*KOMPA MAGAZINE:Ki reaction Ou de Kreyol la Ki consacré champion kanaval 2017 la d'après Ticket...Rezilta majorité musiciens Ki nan kanaval Toujou ap tann?
TI JOE ZENNY: "Bonjou pat , mpanse ke li rann justis a tout group ki travay pou yo fe on kanaval ki diferan, on travay kote tout mounn rejwen yo ladann. Li surtou rann justis a tout group ki travay pou yo surpase tampet ki rele djakout - t vice la. Li pa rive souvan ke on jazz vole kanaval la sou 2 jazz sa yo ki gen 25 polemik/plus attention mediatik/ plus attente publik/ e ki toujou jwen plus kob pou yo fe lobey, paske se yo ki met kanaval la (se normal). Pandan plus ke 25 ans saa sa rive selman 4 ou 5 fwa ke on lot jazz vole kanaval la sou yo, donk le sa rive li spesial pou ou."
*KOMPA MAGAZINE: Eske sé yon chanjman kap fèt nan makèt la FWA SA pou tout bon, Ou bien lap Minm Jan tankou avan...Ki vlé di ke kanaval 2017 la...sé YON KOU...épi biznis kanaval ap retounin Vice/Djakout anko en 2018?
TI JOE ZENNY: "Sa depann de production kap soti yo, men jazz sa yo telman pa kite espas, ke si pa gen on instans ki etabli de krite pou champion nan kanaval, tout jazz ap toujou fe 1 kou. Lol."
*KOMPA MAGAZINE: Eske Ou pansé Djakout ak T-Vice ap dako ak resulta a? Eske Ou kwè ke yo pansé Kreyol la mérité l sou YO?
TI JOE ZENNY: "Bon se on dwa, men pesonn paka di yo fem kado saa, mpap dako pesonn di yo fem kadol. Mwen travay pou sa .. apre tou se dwa tout mounn pou yo proteje biznis yo.... men li toujou bon tou pou biznis la, le on outsider genyenl, konsa t vice ak djakout pa subi pwa ankenn defet younn sou lot.
Mwen fe des annees map kreye, map vinn ak de bagay nan biznis la, mwen fe des annees map subi tout kalite injustis, mwen fe tout vim nan hmi la, map ekri, kompoze, anime, anpil mounn pa rekonet li, or minimize travay la. O lie yo rekonet talan mwen, yo pito relem ransè lol. On viktwa konsa sé on gro revey li ye nan biznis la.
Map di Bondie mesi avan tou, tout kompliman se pou li. Viktwa saa nou dedie l a Joubert kotel ye a. A TOTO (Ansyto) ki malad; ke nou konen kap kontan. A tout mounn ki té pedi espwa le lot neg yo te kité. Nap di yo, sa nou fe pi bien nan lavi nou se batay. Nou konn batay .. nou konn pedi, men nou toujou relevé ... APACH FOR LIFE."
KM!
- kompamagazine
- Site Admin
- Posts: 4585
- Joined: Thu Dec 10, 2015 12:05 am