HMI Music NEWS and Discussions

Ki Kote Enspirasyon Mizisyen Konpoze Yo Sòti?

Ki Kote Enspirasyon Mizisyen Konpoze Yo Sòti?

Postby Neg Timid » Mon Feb 22, 2016 1:22 am

Ki Kote Enspirasyon Mizisyen Konpoze Yo Sòti?


Atis Plim: Nèg Timid


Se yon bon jan kesyon ki poze la-a: sijè sa-a ap kòmanse depi nan nivo elemantè, preliminè pou l rive jous nan nannan nanm nou; nan pwofondè espirityèl, an pasan pa afeksyon, lanmou, laènn, relijyon ak mistik.

Fòk nou aksepte ke, gen kèk lèt fin nan tèm sa-a, n'ap devlope a, ke nou pa gen dwa eksplike ou nèt; swa yo twò lou; swa yo twò pwofonde; kidonk yo fè pati de sa yo rele Fon Inisyasyon an. Kote, kòm inisye, nou te fè sèman pou nou pa janm devwale yo « Kote lapli ap tonbe », nou pa gen dwa vyole sèman sakre sa-a. Se sa k fè gen kèk liy k'ap manke nan prezantasyon nou an...... Ke entènot yo va mete tèt ansanm ak lektè yo pou yo plen blank lan ak entwisyon yo, ak eksperyans yo, ak Enspirasyon yo, rezònman bon nanj yo ak sa gid lavi yo va soufle yo nan sibkonsyan yo.

Antouka, n'ap pati, koute byen, retni tout pawòl yo ak souzantandi yo; analize, sentetize, chèche konprann; medite, fè opinyon pèsonèl pa ou gras a konesans ki lontan pi sèten ke kwayans ki pote inyorans, pasyon, lerè, sipèstisyon ak fanatism. An'n toujou rezone tout tan gen tan, paske Bondye se Logos, Lojik, Verite, Bon jan Rezònman Pou toutan.

N'ap fè ou wè klè, lè n'ap eksplike ou ki jan Labib deklare nou vin sou tè a depi Kòmansman....... Nou pa pral fouye zo nan Kalalou. « Bondye fè lòm ak pousyè tè a, (li te konpoze limon=labou), epi l te mete souf lavi a nan de twou nen l (ti tonton labou a) pou l te tounen yon antite (èt) vivan.» Jenèz 2:7 - Kidonk, lè n'ap pale de Lavi, difèt ke nou pa mete, oubyen nou retire mo espirityèl la; nou pwovoke yon mezantant, yon terib dezakò nan definisyon Lavi a.

Se ak Lavi Espirityèl sa-a Granmèt la tou kreye n ak li, lavi nanm vivan manifeste nan yon kò lachè pou yon tan plizoumwen long, sou sèten sikonstans pwograme, nou pral bati rezònman nou an, lè n'ap reponn bèl kesyon ki poze a.

Pou tèt sa, n'ap frape pou gadyen pa-pòt la (Papa Legba Atibon) louvri pou nou, sou Koridò etwat la, kote yo pa kite nenpòt ki moun antre. Anndan an, n'ap vire gade tout lorizon toupatou, ak tout sans nou, tout kè nou, tout sa k pa sa yo te montre n, tout sa k te plase an Kwa sou chimen evolisyon nou; tout sa ke n li, ke n etidye ki pa depase nivo lamatyè, pati enferyè nou an: labou-a; tout sa ki lakoz: Pasyon (lajan, richès, plezi, lanmou materyèl); Fanatism [ fanmi (gen yon sèl fanmi imèn); Peyi (Linivè antye se pou nou); Relijyon (chak moun konsevwa Bondye nan nivo pa l, diferaman); Inyorans (move jijman, move rezònman, pale tenten, nonsans); tout twa faktè sa yo mennen sou Laènn, lavyolans ak tirani ki ak kont: Sèl Lwa Bondye ki se: Lanmou Toutan San Wete San Mete.

Dayè sa ou ye pou ou Kritike, jije pwochen ou ki depase w de mil koude pafwa, epi ki gen konsyans Bondye k'ap mache ak li a pou ou jije l chak milyèm de segond. Pa fè okenn jijman temerè, sitou envante pawòl, pale verite, pa bay manti, pa twonpe tèt ou lè ou pa gen tout done yo.

Sonje pati sa-a: « Sa k san peche a, tire premye kout wòch la. » Bondye pa vle wè mantè ak moun k'ap kouri fè mal, epi entrigan k'ap fè frè goumen ak frè !

Lè nou obsève kòmandman sa yo, Lwa Espirityèl sa yo, n'ap vanse sou chimen Vrè-Lavi a, pou nou wè Lalimyè Etènèl.

- Nan lansanm, latè poko pare pou l resevwa sèten sekrè okilt, sèten prèv pouvwa yo sèt oblije kache gwo mas pèp la, dèske sa k pi enpòtan, pou kategori moun sa yo, se Enterè yo, yo konsidere byennèt tèt yo ak fanmi yo sèlman. Yo pa ka anvizaje byennèt tout lòt moun nan peyi pa yo, konpatriyòt yo ale wè pou moun k'ap viv nan peyi etranje.

- Zanmi kamarad, lè yon jou, wa ka antre nan Fratènite Inivèsèl la, Wa konnen ke kote nou rive a se yon obligasyon li ye, pou nou pratike Tolerans ak Pasyans, pou n bay tout moun kelkeswa ras yo, koulè yo, mezi lajan yo genyen, nivo pòv lamizè y'ap viv, ran yo nan lasyosyete, chans yo, pou yo rachte yo, pou yo resezi yo, pou yo mache fèm nan ti santye plen wòch, pikan ak mòso boutèy ki mennen sou gran wout ki debouche sou Gwo Limyè a.

Sou santye sa-a moun ki gen Lespri-Nivo pi ba yo, lib elibè pou yo panse jan yo vle, rezone jan yo pi pito; kèlkeswa erè yo komèt, sou dezoutwa semèn y'ap korije l paske limyè Lakonesans ap anvayi nanm yo ak kè yo; menm lè n te remake ke anpil, anpil ladan yo t'ap swiv relijyon estrik ki fòme fanatik anraje san konprann, kalite konplotè asasen Kris la te mande Papa l, Papa nou tou, sou kwa a pou l te padone paske yo sòt, yo idyo-inyoran, yo pa konn sa y'ap fè. Sonje jan Kris la te klase yo lè l t'ap viv sou tè a: « Moun sa yo, y'ap gade, yo pa wè, y'ap koute yo pa ka tande. »

Yo toujou gen pwazon laènn nan fon kè yo pou yo pèsekite si la yo, yo ta dwe konsidere ak admire Kòm mèt yo, gran frè yo.

Nou ta kontan anpil si nou ta egzèse tolerans ak pasyans pou tout moun ki an reta sou bon santye a. Nou pa jije pèsòn, pa antre nan zafè kwayans yo, ak dwa yo bay tèt yo pou pale de « Nonm Anlè a », (se konsa yo rele l) yo pa ka konnen l menm.

Konsa, nou ta renmen ke tout entènot yo ak lektè yo aprann epi retni ke n'ap viv sou youn nan ra planèt dyalite (dualité) yo = Byen ak Mal, eke nou pa dwe janm bliye ke dezakò kreye lamoni (harmonie) nan Linivè antye, pou nou ka fè ladiferans ant limyè ak tenèb, ant zewo ak lenfini, ant sa k bon nèt (syèl) ak sa k mal fini (lanfè) ak tout sa k'ap viv, flote, naje, vole nan mitan de (2) inite sa yo.

Pa bliye tou ke Satan ak tout djab li yo (1/3) yon tyè nan zanj nan syèl la te kouri kite Paradi a ak tout konesans, tout pouvwa yo te genyen lè yo te revòlte kont Gran Mèt la.

Se konsa tou, nan mizik, gen dezakò nan tout bèl konpozisyon yo, gen kote mouvman an ale vit, lòt kote l'al dousman, gen de lè li pi lan, li pi fò, li rete, li pe, li fè silans tankou nan bèl mòso Wolgang Amadeus Mozart konpoze ke lè w'ap tande l, ou santi l voye w monte nan (7è) setyèm syèl sou chimen Pwogrè Etènèl la, kote na rankontre pou'n konfonn nan Linite pou n fè youn ak Gran Mèt nou an nan amoni Paradi a, konsa na rive vibre nan Nòt Fondamantal Lanati Inivèsèl ki dènye destine Lòm.

- Lè sa a na rive konprann ak kalite Lanmou, ki nivo respè gran konpozitè tankou Mozart, Bitovenn, Lizt, Stròs, Bak, Lidovik Lamòt (nou gen ti pa nou tou), Paganini, Rachmaninòv, ak moun gran Lespri tankou Anperè Lalmay, Otrich Ongri, Wa Lafrans, Wa Laswèd, Wa Angletè, Tza Larisi ak tout gwo melomàn ak gran atis venere lamizik ki ak Lanmou ak Lalimyè, se pi gwo vibrasyon ki egziste nan Linivè antye.

Tout premis (tout (1e) premye rezònman) nou met atè, pou rale n lwen, mennen n pre, pou n sa konprann mye, mennen nou yon fwa ankò nan ekspresyon: Latè se planèt dyalite a: Byen ak Mal. Sou sijè sa-a, mizik ak mizisyen pa fè eksepsyon.

Nou tout, nou konnen, paske nou viv reyalite sa-a lakay nou, kay zanmi nou. Nou gen frè n, sè n, zanmi n, kouzen n ki aprann mizik (sòlfèj ak jwe yon enstriman) pandan douz (12) a kenz (15) an anvan yo bay cho (show) pyano, vyolon, vyolonsèl, òg, klarinèt, flit, sakstwofòn, arp, piston elatriye... Nou gen zanmi ak fanmi n ki pi gen don, ki fè kat (4) ou senkan (5) an ap aprann mizik epi yo jwe byen, yo konpoze, yo fè ou chante, fè ou danse....... Bagay sa-a se yon gwo fenomèn li ye paske nan kemond antye daprè tout mistik, mande tout moun ki fè pati òganizasyon sekrè, « tout doit être acquis », sa w simen se sa w rekòlte; ou fèt pou ou merite tout bagay nan jefò ou fè, etidye, tande, konpoze, pase tout jounen ou ap reflechi, panse, aprann rekòmanse san fen. Chèche, jwenn, medite, reflechi, ranmase, yo pap fè ou okenn kado.

Men gen mizisyen tou, ki pase twa (3) ou kat (4) mwa ak yon flit, yon gita, yon akòdeyon, epi yo vin tounen wa mizik, y'ap met nan kò w toutan; se « zwing », se bèl ti ritounèl, bèl ti fraz mizikal, se bon jan mizik dous, mizik cho tou pou kwa pa, mizik agreyab y'ap lage nan lenn ou, paske yo pran l nan nannan yo, nan sibkonsyan yo; yo dwe te pase kat (4) a senk (5) vi youn dèyè lòt kòm mizisyen twoubadou ki t'ap mache fè mizik, epi se rezilta etonan sa-a yo vin bay nan vi aktyèl yo sou tè a ke anpil espektatè pa ka reflechi a, sa ni non plis konprann fenomèn nan. Sa se reenkanasyon tou pi (pure), chak 80 a 150 lane apre lanmò w. Mozart se yon gwo egzanp. Sonje: Lòm imotèl ki vle di li pap janm mouri nèt.

« Eli te vini epi nou pa't janm rekonèt li », epi disip yo te konprann Jezi t'ap pale de Jan Batis... », epi li ekri tou nan revelasyon Apokalips: « W'ap (moun ki reyisi a, sa k reyalize a,) w'ap tounen yon kolòn nan Tanp Bondye a, kote ou pap janm sòti ankò al fè pelerinaj nan mond yo. » Sa, se lè ou fin bon, pafè, jis tankou lajistis, lè ou ap resevwa grad ou, ti wòch blanch lan ak vrè non ou ekri sou li. Se pa ti kras mèvèy ki pare pou moun ki mache dwat, ki pa janm panse fè mal, ki ede pwochen yo san pale san plenyen.

An'n tounen nan mizik: N'ap kontinye eksplikasyon an: Gen atis, melomàn, aktè ak aktris, bankye, patikilye, chèf polis ak lame ki al pran koupon (ki al fè pak ak djab, y'al pran pwen), genyen tou sa k'ap viv ak espri tankou yon gid espirityèl, yon zanj, yon bon lwa Ginen Vodoun. Ewopeyen yo te konn chèche sèvis lèmiz (Les Muses). Se te nèf (9) deyès pou ba yo enspirasyon mizikal: Etèp (Euterpe) pou mizik, Galyòp (Galliope) pou ladans, Kliyo (Clio) pou listwa etsetera era... Sa, se gwo blan ak blan mannan ki te konn sèvi ak yo.

Nou menm, nèg, nou gen ti lwa nou nan kilt Vodoun, kilt Espri nou yo: Ountò pou tanbou, Gede pou bèl dans banda, yon divita Lwa: (Larèn Kongo, Èzili Dantò, Èzili Freda, Ogou, Simbi, Lasirèn Dyaman, Papa Loko, Ayizan, Sobo, Badè, Agasou, Bosou, Kouzen Zaka, Granbwa elatriye... Kote nou jwenn yon pakèt dans ki mache ak yo tanlkou: yanvalou, zèpòl, mayi, kongo, Ibo, djapit, rara, petwo, maskawon...) Baton ou genyen nan men w lan, se ak li ou sèvi. Sa-a lojik, li pratik. Miz (Muses) pa djab, lwa pa fòseman espri dyabolik (« Ginen pa Bizango. ») Dayè tout inisye konnen ke tout sa depann dabò de entansyon w, kè w, santiman ofisyan an, apre sa de idantifikasyon espri ou rele a, espri ou annafè ak li a.

Gen ka envokasyon lespri nan Bib la, ki demontre franchman, lojikman ke ofisyan an pa't ka rele yon bon Espri sitou Lespri Sen Bondye a, paske siman li pa't an eta gras, epi ofisyan sa-a manke jwenn ak zo grann li oubyen pitit li ta ka pase. Na remake ke li ekri: « Notre Dieu est un Dieu d'Amour qui prend plaisir à la misérocorde et non aux sacrifices », Bondye se labonte lebyen enfini, li pap janm fè mal, li pap tante pèsòn... Epi toujou sonje, pou n fè trèzatansyon, se pa tout sa ou li, pou ou aksepte san diskite.

Nou konnen gen atis ki swiv relijyon yo dwat, (nou pa gen anyen kont relijyon depi l'ap mennen w nan bon chimen an). Yo mande Bondye pou voye mesaje li, vin ede yo konpoze oubyen ranje youn (1) ou de (2) mòso mizik pou yo. Lè priyè a sensè Bondye egzòse yo, « priyè a monte gras la desann » tankou yo di, yo jwenn sa yo bezwen an; pafwa madanm yo k'ap dòmi kote yo a, tande dyalòg yo ak mesaj Bondye a, lè y'ap reponn li pou tèl nòt, ou tèl aranjman, oubyen lè mizisyen an tonbe chante lè mizik la nan dòmi...

Men gen de lòt moun menm, de mizisyen ki envoke djab la kareman. Sa yo di yo pi renmen an, djab la pa bay pwoblèm, li pa pran tan pou l vini, li pa fè ou tann. Konsa anpil atis, yon bann aktè ak aktris, yon pakèt biznismann, yon divita komèsan, yon pil mizisyen al jwenn djab la pou regle zoufè yo, pou pèdi tèt, yo pèdi lakat yo, paske yo peye yon pri trè trè chè pou sa. Nou konnen zafè mizisyen lakay ki te gen gita l ki t'ap jwe pou kont li a, san pèsòn pa kote l, nan kòf machin li, oubyen anba pyebwa gwo midi pou kò l...

Enben, men yon egzanp ki gen (303) twasantwazan de entèvansyon Satan djab an pèsòn sou yon mizisyen Italyen ke l t'ap file pou l antre nan kan l, n'ap chèche rakonte ou tout istwa a:

Bondye ba ou tout sa ou vle, gratis ti cheri san l pa mande ou benefis. N'ap ensiste sou pwendvi djab la ak chèf djab la antèt Satan, ke Akanj Michèl ak lame selès la te chase sot nan syèl la men ak tout konesans, tout pouvwa l. Sonje se Satan ki te vini an (2è) dezyèm nan syèl la apre Bondye, li te rele Lisifè. L'ap pote Lalimyè, li gen tout konesans yo: mizik, (menm nan bib la, n'ap ka wè ke se Satan ki te Minis mizik Anwo a, avan li te chase, vin sou tè a; Satan se pi gwo vyolonis ki egziste, pi devan nou pral wè yon egzanp sou sa), Ar-Liberal, dans, elokans, lajan, richès, laglwa, mayifikans nan men l. Se sa k fè se li ki inisye lèzòm pa Adan gras a Èv, pou l te louvri je yo, fè yo konn sa k byen sa k mal, lè senbolikman, li te fè yo manje fri defandi a, pòm nan - Satan se Mèt Lasyans, Inisyatè lèzòm. Alò n'ap rakonte ou istwa bèl mòso mizik difisil sa-a ke mizisyen modèn kontinye ap jwe jous kounyeya, epi na fè n yon ide. Mizisyen djab la te tante a rele mòso sa-a: « La Sonate du Diable : Sonat pou Vyolon an Sòl Minè. »

Sonat la se yon mòso mizik anpil mouvman monte desann, vire isit, vire lòtbò, yon lè li lan, lòt moman li rapid. Epi yo konpoze l pou vyolon oubyen pou pyano, oubyen lè de (2) alafwa, pou oplis twa (3) ou kat (4) mizisyen degaje yo ousinon anmize yo.

Movèz rankont sa-a (daprè nou) te rive nan lane 1713, lè gran pwofesè vyolon, gran konpozitè Italyen, Guiseppe Tartini te gen venteyen (21) an (1692- 1770). Tartini t'ap dòmi nan yon presbitè kote l te kache paske lapolis t'ap chèche l pou arete l dèske li te marye an kachèt ak yon elèv li. Tartini rakonte vizyon l fè a bay zanmi l Jerôme Lalande, ki t'ap viv nan presbitè a tou paske l ta pral fè l Monpè, li te seminaris.

Tartini t'ap dòmi, li reve Satan an pèsòn parèt sou li ak fouch li, senbòl mal absoli a nan men l, kò l te toutouni, tankou kò moun, li te gen yon ke byen long, pye l te tou kwochi, li te gen de (2) kokenn chenn zèl chòvsouri, zòrèy li te long, de (2) kòn nan fwon l byen pwenti, figi l te efreyan, de (2) zye l tou wouj kapab fè ou pè.

Djab Satan fè Tartini konnen kilès li ye, li prezante tèt li konsa:

- Se mwen menm Prens Tenèb la
- Mwen kapab ba ou laglwa, la richès, la renome
- Men ou ap lage nanm ou nan men m.

Lè Satan fin prezante tèt li, li rape vyolon an nan men Tartini epi l tonbe pase achè a sou kòd vyolon an. Se te yon mèvèy, yon mizik ak son siperyè gaye, ke ladrès ak metye Wa Djab mete atè. Se de kalite son, pechè latè pa't janm tande anvan. Se te plis ke yon chedèv. Pèsòn pa konnen si Tartini te dakò ak Prens lan.

Guiseppe Tartini rakonte ke l rete l'ap koute san l pa bouje, tankou yon moun ki etone, lòlòj li vire, li deraye, tankou yon moun ki anlè, ki pa nan mond lan, ki an nekstaz lè l'ap tande Sonat sa-a. Mòso a te bèl, bwòdè, men li te etranj; paske pwofesè Tartini pa ta ka janm imajine ke son ekstraòdinè sa yo ta ka sòti nan yon vyolon. Pwofesè Tartini sezi, tansyon l monte, li te menm pè respire pou l pa pèdi yon sèl nòt nan amoni dous agreyab sa-a. Yon moman, tansyon l rive twò wo, li te prèske gen opresyon, li kouri leve nan dòmi an. Epi kòm li se yon pwofesyonèl, sou presyon sa l te santi nan moman an, sou enfliyans mizik sa-a ki te antre nan tout mwèl li, Tartini pran vyolon l pou l repwodwi sa l sot tande a; men l deklare ke sa l rapòte a se yon pal reflè mizik Prens Tenèb la te jwe a.

Se konsa Sonat Djab la konpoze oubyen rapòte (pou n ka plis nan verite). Se youn nan mòso ki gen plis renome nan listwa lamizik.

Menm papa Mozart ki te yon vyolonis (chevronné) deklas deklare, gen pasaj Sonat sa-a, lè w'ap triye yon sèl kòd vyolon an pou ou degaje w fè pas rapid yo sou lòt yo, mande yon pil ak yon pakèt ladrès mizikal.

- Na remake tou ke gen mizik sakre, gen mizik relijye, gen mizik espirityèl.

- Anplis entwisyon nou, bòn volonte n ak sibkonsyan nou, lwa Ginen yo, zanj Bondye oubyen demon an pèsòn, depann de sa ki parèt devan n, nan rèv, ant somèy-revèy, lè nou sou, ousinon lè nou malad, tout sikonstans sa yo kontribye pou bay poèt, pent eskiltè, mizisyen (etsetera) jarèt pou yo kreye, pou yo envante, pou yo aranje oubyen konpoze tout gwo pyès ki òd pòte zye yo, zòrèy yo, brenn yo, ak tout sans yo. Gen de mizisyen ki jis bezwen yon ti boustè tou piti pou yo derape; genyen se yon lak, ou letan kote yo te fè premye fè ti bo ak menaj yo; genyen se yon mòn; genyen se lanmò yon manb nan fanmi yo; genyen se nesans premye ti bebe yo; yon lòt se echèk li sibi nan vi l, yon dam li damou fou ki kite l, ki trayi l; gen de zòt menm se tristès ki nan kè yo dèske yo pa jwenn lanmou, yo pa atenn bi yo; yon zwazo yon chasè blese lachas ki pral mouri; yon ouvriye ki travay yo pa peye l; yon lòt zanmi yon gwo zouzoun fè abi; yon jij ki rann yon move jijman; genyen menm se yon ti wiso pre ki pase bò lakay yo, ki fè lawoze granm maten, kote ti zwazo ap vin kraze swaf yo, sa aji sou yo epi yo enspire; genyen se yon òganizasyon sosyal ki plè yo etsetera era...

Mezanmi, nan domèn enspirasyon Bondye ki te kreye nou sou pòtre l ak resanblans li », lòm pa gen limit paske non sèlman li pa pou kont li sou tè a; men li-menm tou li pa fin kole ak tè a, toujou sonje se pase n'ap pase pou n'ale pi lwen...

An n chante pou n fini:

« Va plus loin, va plus loin, même si tu te crois arrivé,
Va plus loin, va plus loin, le voyage est à peine commencé
Et la route est encore longue, Vers la fraternité et l'horizon de l'amitié.

Viens, suis-moi, mon ami, n'aie pas peur
Même si l'obscurité nous aveugle. Je suis là et je marche avec toi.
Ensemble nous irons, l'espoir au fond du coeur,
Car au bout de nos peurs et au bout de nos peines,
Il y a la lumière tout au bout du chemin.

Je suis là, mon ami, près de toi
Même si tu redoutes d'être seul.
Je suis là et je marche avec toi.
Je te donne la main pour aller sans faiblir,
Et la joie dans le coeur.
Va, regarde plus loin,
La lumière promise est au bout du chemin.

Va plus loin, mon ami, va toujours
Au delà de la terre et de la mer.
Au delà de toi-même et de tout.
Si tu donnes la joie par le bien que tu fais,
Tu trouveras la joie par le bien que tu fais,
En semant la lumière tout au long du chemin. »


NT
 
Facebook/: Les Jean-Philippe
Neg Timid
 
Posts: 99
Joined: Mon Feb 08, 2016 11:33 pm
Location: Brooklyn/New York

MUSIC

Who is online

Users browsing this forum: Bing [Bot], Google [Bot], Google Adsense [Bot], Majestic-12 [Bot] and 84 guests