KOMPA! MAGAZINE Forum Index
Home - FAQ - Search - Memberlist - Usergroups - Register - Profile - Log in to check your private messages - Log in
 
Main Thread: Rs Kou Istwa Peyi Dayiti (Leson #8 ++++)
Goto page Previous  1, 2, 3, 4  Next
KOMPA! MAGAZINE Forum Index -> Let's Talk!
This forum is locked: you cannot post, reply to, or edit topics.This topic is locked: you cannot edit posts or make replies. View previous topic :: View next topic
Author Message
nustyle11



Joined: 19 Oct 2006
Posts: 1142
Location: BROOKLYN, NY

PostPosted: Mon May 07, 2012 10:51 pm Post subject: Reply with quote

---
_________________
L'homme propose, Dieu Dispose


Last edited by nustyle11 on Mon Jun 11, 2012 11:59 pm; edited 2 times in total
Back to top
View user's profile Send private message AIM Address Yahoo Messenger MSN Messenger

Author Message
Neg Timid



Joined: 06 Apr 2006
Posts: 3258
Location: Brooklyn, NY/Gonaives-Artibonite

PostPosted: Sat Jun 09, 2012 11:23 pm Post subject: Reply with quote

Nevym (9) leson an pare. M'ap f yon dnye revizyon ladan l pou m ka prezante l chik e bl pou nou. Se ap yon leson kap lou anpil avk enfmasyon. Sa ap mande pou nou met tt nou anplas pou n byen konprann li. F n pa bliye, se yon pwos kap ft nan Tribinal Entnasyonal Global avk yon kalite psonaj ki mouri, ki pa la ank, kote n ap jije Kristf Kolon pou krim kont limanite ki pap janm efase. Se pati nan kou a ki pi difisil pou ekri, paske mwen oblije antre byen fon, anndan tt psonaj map f pale yo (ki sanse mouri depi lontan), pou vini avk tout filozofi yo, pote pou nou, tankou se yo ki te la tout bon anndan tribinal la. Rete branche !

NT

_________________
Richie est un grand musicien qui ne peut pas tre compris du commun des mortels, car les notes qu'il met sont trop leves pour les oreilles du vulgaire.
Back to top
View user's profile Send private message Send e-mail

Author Message
Neg Timid



Joined: 06 Apr 2006
Posts: 3258
Location: Brooklyn, NY/Gonaives-Artibonite

PostPosted: Sun Jun 10, 2012 10:57 am Post subject: Reply with quote

Istwa Peyi Dayiti: Nevym (9) Leson

Atis Plim: Ng Timid




Reine Isabelle

Rn Isabela la Catlica de Espaa te chita dab anpi li leve pou l di:

Rn Izabl Km Lid (lead) alatt Avokat Defans lan, mwen ap pale nan non tout manb Konsy la, nan non tout Avoka yo, tankou tout sij Wayom Lespay, nou gen nanm nou chaje ak doul byen anm dske n w peyi n tonbe nan gwo touman, katastwf ak devastasyon moral sa-a ak tout gwo dega vlkan ann eripsyon, sikln, tranblemandt ak tout tsounami ki frape peyi n, l n tande gwo chay tw lou Akizasyon Mechan Malveyan sa yo, ki sti nan sten sekt mal enspire, mal entansyone pou pote chay kont sij Wayom Lespay patikilyman ansanm ak tout pil lt sitwayen ak sij lt peyi Lewp yo tou.

B kote pa n, nou rete ak konviksyon ke sij Panyl ki te met pye at sou nouvo Kontinan an, se te moun diy ak respektab, ki te brave defi ak danje: van, tanpt, vag mtl lanm monte, pou te vin pote bon jan sivilizasyon bay Endyen ak Endyn Lws yo sou t Lasent Kwa yo vin bay non Kontinan Lamerik la.

Wi, nap sonje, nap reviv lajwa ak lespwa ki te anvayi k tout moun sou plant t a, l Amiral Loseyan Cristobl Coln ak kaptenn batiman l yo, ak maren l yo ak tout lt manb ekipaj li yo te dekouvri tizile, gwo zile ak tout t kontinantal Lasent Kwa a. Yo te pote bon, ak griyen dan-k kontan nan tout limanite byen-pansan kap reflechi sou ap sivilizasyon kretyn lan nan Nouvo-Mond sa-a. Se te konsa, depi Amiral Coln te kite P Pals de la Fontera nan Andalouzi, tou pre fwonty Ptigal, jou k te (3) twa dawout 1492 pou jous jounen jodiya.

Annef, jous kounyeya nan (21) venteyinym syk nap viv la-a, nou ka konstate nan tout espland l: sivilizasyon sij kretyen Wayom Lespay yo, prensipalman, te vin tabli, bay Amerendyen yo, ak lt Nwa yo te mennen vini yo, ansanm ak tout Endyen ki te sti nan Loseyan Endyen b peyi Lend lan.

Sij peyi Lespay yo te montre yo sa k nmal, sa k byen, sa k bl. Sij peyi Lespay yo montre yo sa Bondye vle: pou yo travay konsa yo swe sou fwon yo pou yo manje. Nou te pote limy lasyans ak teknoloji Lewp ba yo. Epi se konsa, bann engra, pa konprann sa yo ap remsye pp Panyl la ak tout lt Ewopeyen yo ki te vin met men, ki te ede anpil pou jou ka miy, pou soly la pi klere sou Kontinan Sanctae Crucis la, ke jodiya nou konnen sou non Lamerik. Kounyeya, zt ap f nou yon pwos san sans: men yo rele n nan Tribinal Global pou n reponn de move zak nou pa janm responsab.

Si nou ka rive nan sitiyasyon sa-a, nan Tribinal Jistis sa-a, s ke Amerendyen yo, Ng nw, ak tout Endyen Loseyan Endyen yo f gwo er apresyasyon. Moun sa yo pa ka evalye val nou f yo benefisye. Si yo te gen yon ti limy, yon ti larezon nan fontn tt yo, yo ta fmen zye yo, sou lepase k byen pase, sou tout bagay sa yo ki pase depi l dyab te kaporal. Yo ta lese-grennen, bay vag pou lemond ka viv trankil, san rankin, nan lap, pwogr ak lanmou pou plant nou an ka evolye, monte piwo, nan linyon total-kapital toulzm.



Bartholom de las Casas


(Km Lapawl se pou Konsy Defans lan, Bartlom de las Casas vini an ranf epi l kontinye konsa)

2m Avoka Defans lan: Bartolom de las Casas Konsy Defans lan ap f onorab Jiri a remake ke depi plis pase (500) senksan lane, depi plis pase (5) senk syk, se fete yap fete nan lemond antye kokenn chenn evnman sa-a Amiral Loseyan an Cristobl Coln esansylman, ak tout lzt jantiym yo mete san rezon, pa er, ou pito pa fot dapresyasyon km dir Larn Isabela sou lenfami akize jodiya, te kreye ak jeni l km yon gran Navigat, ak tout bn volonte l, ak bon jan ladrs li, double ak konpetans li nan kalkil matematik jous li te dekouvri Nouvo Mond sa-a. Konsa l te mete lajwa nan tout Lewp, l l te mennen dezoutwa endijn vin rekont peyi Lespay, pou yo te konstate ak zye yo Endijn po kwiv yo, ak plant ak bt egzotik... (tou lsenk Avoka Akizasyon an ak tou ltwa (D.A yo) Pwokir yo, Komis Global yo, grate gj yo f an menm tan, (js yo a ralanti kous Bartolom de las Casas ki koupe yo yon gwo kout je anvan l te rekmanse pou pi rd.)

Nou menm Panyl, nou pote limy relijyon Kris la bay tout pp endijn yo, nan Nouvo Mond lan: Tierra Sanctae Crucis la. Nou f yo evolye, nou sivilize yo, nou mennen yo sou chimen Sali, l n te aprann yo konnen vr Bondye a, ki vin pran plas li nan k yo; alske se te pyebwa, sous, larivy, lanm, zetwl, lalin ak soly moun po wouj sa yo tap adore. Nou menm sij Panyl, nou f yo konnen bl doktrin Kris la. Nou f se Jezi Kris ki vin Wa yo nan syl la, menm jan ak pou nou Panyl, epi yo jwenn bon yo gras a nou Panyl, yap kontinye chante jous jounen jodiya: Ala m kontan Jezi renmen mwen (3fwa)....Glwa Alelouya Jezi renmen mwen !

( Bartolom de las Casas kontinye pou l deklare: ) Wi, vrman, nou menm sij Larn ak Wa Panyl la ki twouve l chita enjisteman sou ban akize jodiya tankou gwo bandi, vl, tankou kriminl, pami lt inosan lenjistis lzm mare ak li yo, nou pa merite s sa-a, zt ap pare pou nou, lanf yo vle mete n nan paske nou te gide moun ki te ap viv nan tenb, fnw sou chimen lasyans, lakonesans, pwogr ak lap... Nan ka nou ye la-a, nap site tr saj apot Lik chapit I vs 78 ak 79:

Lik I-78 Gras a pouvwa charite ak konpasyon Bondye ki f ke soly leve vin vizite n depi anwo,

Lik I-79 Pou l ka klere sa k chita nan tenb ak lonb lanm Pou l gide pa yo nan chimen lap

(Las Casas kontinye pou l di: ) Tout endijn nou te jwenn sou Tierra Sanctae Crucis la tap adore lt bagay ki te gen k oubyen ki pat gen k dapr yo. Se te yon pil ak yon pakt dye pou yo. Epi yo tap ofri yo sakrifis. Nan sten okazyon, anpil fwa, yo te touye enpe moun, sakrifye jenn gason sitou bay idl sa yo, espesyalman apre yon evnman lanati k te grav pou yo. Nan zaf sakrifis, se pp Aztk la k te pi cho nan peyi Meksik ak Konp yo Maya nan peyi Gwatemala ak Salvad kounyeya, Beliz ak yon pati nan Ondiras.

F n f jiri a konnen ke nan peyi Aztk yo: Meksiko, se prske chak jou Bondye mete, p ("prtre") Aztk yo tap sakrifye moun, pafwa yo te pran plezi chanje fm ak rit sakrifis yo pou seremoni an pat tounen yon woutin.

Yo te trennen moun yo ta pral sakrifye sou tt yon mn epi yo te rache k l nan lestomak li pandan k a tap bat toujou. Remake ke se te konsa yo te akonpli tout sakrifis yo.

Gen de l, se te sezon sch, pat gen lapli, al yo te ofri k enpe nan viktim yo, bay bondye loray, zkl ak lapli. San viktim yo pat pdi, yo te deja pare pou resevwa san an nan kwi ak nan kanari, l fini, yo te f yon mastik ak li, pou f estati Bondye Lag.

Km, ansyen monsey, Bartolom de las Casas te f yon ti ezite pou l kontinye... Nou di ezite, men li te f espre rete, pou l bay jiri a tan pran filing sa l tap di a; sou sovajri ak babari relijyon ak kwayans Aztk Meksiken yo...

(P Francisco Blanco pran kn nan: ) Gen de bagay ki pi rd, kap etone lemond l yo aprann yo. Sakrifis ke yo tap f nan peyi Meksik ak jenn jan ke yo te elve pou sa, oubyen sa yo te retire nan fanmi yo, depi yo te gen (3) twa katran, pou yo sakrifye l yo gen (14) katz, (15) kenz, (16) szan - L yo rive nan bl laj jens yo sa-a; yo mennen yo sou tt tanp yo ki te gen fm piramid yo, kote yo te rache k yo pandan yo tou vivan, (k yo tap bat toujou), epi koupe tt yo, yal plante tt la sou yon pik akote tanp lan. L fini, yo jete k san tt yo anba reb tanp piramid la, epi yo kche kadav la yo. Yo koupe yo an miyt mso tankou yo f pou zanimo, pou yal kwit yo, pou yo manje. Pp endijn Meksiken an ak tout p relijyon Aztk la te kanibal.

(P Francisco Blanco kontinye rakonte: ) L te konn gen gwo ft, yo te konn kenbe jenn jan ank, yo pike lang yo, zry yo, bra yo, ak pwatray yo. L yo fin pran tout san yo, yo te al wouze estati idl yo ki te reprezante tout kalite bondye yo te adore.

Apre sa, yo f va sou prizonye yo, l yo fin touye yo, yo kche yo, yo kwit san an apa, yo asezonnen k yo ak epis, yo fri yo, oubyen yo bouyi yo, oswa yo boukannen yo, pou yo nannan pandan yap koze trankilman ak paran yo ak zanmi yo.

Remake tou ke p endijn Meksiken yo pat janm vide dlo sou k yo; yo pat janm benyen, cheve yo te toujou kole ak san viktim yo. Konsa, menm jan ak idl yo tap adore yo, ak tout tanp yo kote yo te konn f sakrifis yo, te chaje ak mouch, gwo mouch kap vole wonwonnen f bri. Diplis, tout p sa yo te gen mouch sou k yo, epi yon lapwosesyon mouch kap swiv yo. Sa nap rakonte ou la, se tout Konkistad (Conquistadores) ki rapte menm istwa sa-a. Chak ane, an mwayn, fk te gen omwen (40) karant a (50) senkant (1000) mil moun yo te sakrifye e manje nan peyi Meksik.

Nou pa bezwen di ou ke nan ka sa-a, timoun ak jenn jan nan pp endijn aztk la, ansanm ak lt pp ozalantou yo, ke yo te domine, epi yo te trete tankou esklav, pi mal pase bt, chak fwa yo f lag san rezon, l lide yo di yo. Yo f yo prizonye pou yo travay pou yo, pou yo f sakrifis epi pou yo devore yo tou.

Kidonk, tout pp vwazen Aztk yo: Senmpoaltk, Tlakskaltk, Tarasks, Kanyari, Wanka yo, te kontan alye yo ak sij Panyl yo ki te vin pote, edikasyon, blte, lapwte, sivilizasyon, l yo te entdi sakrifis sanglan, Aztk yo tap pratike a ak tout zak kanibal, lougawou-baka manjd moun, pou yo preche epi f respekte bon jan bn nouvl Pawl Levanjil Kris la. Tout pp sa yo, ki tap viv nan laperz te vin pote kole ak Panyl yo, yo tounen alye yo, zanmi yo, travay yo, pou yo defann tt yo kont kriminl, 'barbar' Aztk yo.

Maya yo te f moun bagay sa yo tou nan sakrifis ke Aztk yo te konn f yo. Anplis yo te konn nwaye viktim yo nan pwi plen dlo yo fouye pou sa menm. L Panyl yo te rive Gwatelama, Salvad, Beliz, te prske pa gen anpil gason ank nan kote sa yo, tlman dye moun sa yo te swaf san, yo te konn f sakrifis ak yo.

Enka yo menm, nan peyi Perou te ap mennen yon sosyete sosyalis. Fanm tap viv yon b, gason yon lt b. Epi tout gason te blije abiye menm jan, tout fi tou te abiye menm jan ak inifm pa yo; pat dwe gen okenn ladiferans nan abiman, esitou, psonn pat gen dwa chanje fm rad yo, san sa, yap pran gwo sanksyon kont ou.

Se sa k f (250) desansenkant Panyl ak chwal yo, chen yo, fizi yo ak epe yo f lakonkt Perou, paske tout moun fi kou gason, jenn tankou granmoun te bouke ak lavi nan lasosyete degrenngch - fs kote sa-a - Enka yo te konn ofri menm sakrifis ak Aztk yo. Yo te konn manje moun tou, men pa a menm vits Aztk yo te konn f aloufa sou jens yo a, ak vwazen yo ak prizonye yo te f yo. Kanibalis ntalkole sa yo te sovaj, fews epi 'barbar'.

Epi, ansanm, ansanm, twa (3) nan avoka Defans yo ki te pran lapawl, jouska moman sa-a di byen f (kmkwa yo te antrene pou sa) Se premye bagay sij peyi Lespay yo anpeche l yo pran kmandman an, nan men endijn kanibal, adorat idl sa yo. Panyl entdi sou pn lanm sakrifis moun ak kanibalism, ki vle di manje moun (san ou pa gen ke pou ou souke)

(Batolom de las Casas repran lapawl pou l souliye ke: ) Se la-a doktrin Kretyn nan antre nan won; l laprann endijn yo ke Jezi Kris te mouri pou yo sou lakwa an sakrifis pou sove tout moun sou lat. Apre sa, apre lanm l, Jezi Kris k te pitit Bondye Gran Mt la te leve, li te resisite apre (3) twa jou epitou l te monte nan syl al chita adwat Papa Bondye kote lap rete jouska lafen dimond pou l jije moun kap viv ak sa k mouri.
Konsa, endijn Tierra Sanctae Crucis yo vin konnen sten, ke psonn pa bezwen, ni tou pa gen dwa ofri Bondye, yon sl Bondye a sakrifis ank, paske Jezi Kris se pitit mouton "ayo" ki te sakrifye pou sove nou tout vt kou mawo, zannana kou pengwen ki vle di tout moun, tout sks, tout ras, tout koul san eksepsyon. Lemond libere de tout sakrifis ank. Bondye pran bon jan filing, yon grap plezi nan lanmou, padon, konpasyon, charite, solidarite ak lamizerikd.

N.B. Fotograf, rept, jounalis ak anpil espektat remake ak note moman sa-a las Casas tap deklame Pawl sa yo... L sa-a, yo tap swiv ke Prezidan Jiri Global la bat je l pi souvan, pi f epi li te lese part yon ti souri pa anba, espesyalis ak psikolg senpman te ka entprete js la. Jeneral Toussaint Louverture bese tt li dab anpi l leve pandan l tap grate l; chf Endyen Seattle gen yon tous sibit ki pran l, Cuahotemoc grate gj li; Jomo Kenyatta twouse nen l, anpi l souke tt li. Aim Csaire pike Frantz Fanon ki mimire (pale tou ba): Ou kw se vre sa map tande la-a ! ... Paul Leroy Robeson gade Las Casas fiks ak pitye.

P.S. Mezanmi, swiv pwos sa-a byen wi, paske lap montre n anplis filozofi lavi a, tout sa k gen de bon pou aprann nan konesans sou t sa-a.

Pawl tw dous, oubyen tw pwofon, oswa myl pou f tout moun dodo, Las Casas sot voye monte la-a reveye Konsy Defans lan, ki leve kanpe ansanm pou yo mande Lapawl, pou repouse koze patizan sa yo yo deklare Jiri Global la: Se twp at, yo bezwen plase yon mosyon nan moman grav sa-a.

Imedyatman, Prezidan Jiri a Mohandas K. Ghandhi frape mayt li twa (3) fwa pou l deklare ke Mosyon Konsy Akizasyon an ak Komis Gouvnman Global yo aksepte.



Georges J. Danton

Georges Jacques Danton leve kanpe, li di Jiri Global la Msi , pou tt Jiri a aksepte Mosyon Konsy Akizasyon an pral pote a, epi l te pale konsa:

G. J. Danton Anpil moun kap viv sou lat kontinye f de relijyon yo, yon byen prive, yon posesyon total-kapital. Anplis yo konprann at ke yo gen monopl Bondye a pou yo tousl, alske yo pa menm ka bay yon definisyon de Bondye anfendkont.

Ki kalite Bondye, ki atribi l, tankou tout moun kap f lojik ap mande? Leplisouvan, yo deklare ou ke Bondye se yon Espri, konsa yo klase l senpman nan domn Espri yo. Tandiske alaverite Bondye konprann, regwoupe tout bagay ki ka egziste epi ki ka konsevwa, ki ka imajine epi ft. Bondye se Alfa ak Omega, li se A a Z, li se Lenfini, Sa k pa gen kmansman ni fen. Li anglobe tout bagay nt. Fk ou ta reyalize tout lakonesans pou ou vin yon Wa, yon Espri-Moun ki reyalize gwo jf pou ou rive, atenn objektif espirityl la pou ou konprann sa, pou ou viv sa. Si ou pa ka rive pou ou konprann ke Bondye se tout bagay ansanm, tout definisyon ou bay de Li se jbd, wap jbd.

Paray, Bondye mete timoso nan Li, ki apatni atout Li, epi ki Limenm toutantye nan nou menm menm. Bondye pa tw lwen, jan n konprann li an. Li se konsyans tout sa L kreye, ke L bay vibrasyon diferan (wch gen yon konsyans de wch, zannimo gen yon konsyans de zannimo, pyebwa gen konsyans pa l apa). Bondye nan konsyans epitou se konsyans tout sa l kreye, ki gen vibrasyon pa yo apa; paske li ekri senbolikman l lakreyasyon an Lespri Bondye tap flannen, tap plannen sou tout bagay = egal pou l ba yo jvrin, pou l ba yo jart, bay chak bagay nan lamaty konsyans pwp, espesyal pa l.

Nou menm tou lzm, li nan konsyans pa nou akz de nanm nou ki vin nan k n l n fk ft, ak premye respirasyon tibebe nou an. Nanm nou ki te kreye depi kmansman tan depi tan gen tan. Nou tou lzm nou gen konsyans pa nou, ki f n distenge byen ak mal. Lespri Bondye mete nan nou an, sti nan Bondye epi l dwe manifeste l pou l tounen nan Sous Limy, Fwaye Limy ke Bondye ye a. Pou ou ale rejwenn Bondye, se nan anndan ou menm menm chimen an ye, tankou Kris la montre l la paske Espri Sen Letnl la te sibstitye l, pran plas nanm Jezi jou batm li an Jan Batis te selebre a. Se konsa Letnl pwouve n li tou pre nou, nan nanm nou, nan k nou. Li anvayi konsyans ou l ou f byen ou evite mal.

Epi, pou ou rive jwenn li, pou ou santi l, km moun fk ou sibi yon inisyasyon oubyen pou pi piti fk ou f l yon pwoms, yon (voeu) ve, Konsa wap antre nan sa Jezi rele (cercle interieur) sk entery patizan l yo (-ou pap tankou tout moun ki nan sk ekstery a, ki dey ap gade epi yo pa w, ap tande epi yo pa konprann).

Nan tan pa m, nan 18 syk, l m tap viv sou t a nan peyi Lafrans, nou tout Franmason ak Wozkwa ki te f Revolisyon an, ki te pwoklame Dwa Moun ak Sitwayen an, nou te f Sman devan Bondye pou n te chanje figi lat l n siprime privilj, peze souse, boule gra pou n ka vin gra, f sa n pito, abi klas nobls la ak tifr yo ki te nan klje Legliz la tap f pp yo sibi sou lat.

Pou rezon sa-a, nou te konkeri prske tout Lewp ak Mesaj Dwa Moun ak Sitwayen kap tabli k l pi rd jous kounyeya nan (21) venteyinym syk nap viv la-a. Nou te jete tt yon Wa ak yon Rn ki te reprezante tout abi, privilj, move zak ak koripsyon pou n te pote chanjman total-kapital nan tan sa-a.

Epi sitou Leta te vin layik (lac). Pat gen af de mete tout bagay sou do Bondye ank, pou deklare se Bondye k bay Wa a Dwa: kit se an byen, kit se an mal. Lzm vin pi responsab, se de yo menm, de konptman yo, kondwit yo tout bagay depann, paske ak Lespri, nanm li, lm se yon tibondye an minyati, an pi piti (al li sm (82) katrevende).

Al, jounen jodiya, psn pa ka admt, ni w pou ki sa pati advs la: Konsy Defans lan ap vin entwodwi Kwayans yo, relijyon yo ak bondye yo a, jan yo konsevwa l yo menm nan devan Tribinal Global la, alske n konnen ke chak moun selon degre evolisyon yo konsevwa Bondye nan nivo pi wo ou byen pi ba, tr tr wo ousinon tr tr ba. Nan langaj mistik, nou pale ( du Dieu de nos coeurs et de nos mes) = Bondye selon k ou, selon nanm ou, Bondye jan ou ka konprann Li an, jan ou ka w l la.

Se sa k f nou tout ki mouri, ki pase lt b rivy a sou pon yo, oubyen nan tinl yo; oubyen moun kap f entpelasyon ak medym (medium) (spiritisme), nou remake, nou konstate nan ki nivo, nan ki rejyon, nan ki katye nan syl la (nan ksms la) nou ka rive, nou ka w, nou ka vizite, nou pap janm ka depase tou; paske plen lwa (loi) tr sev anwo a ke ou dwe respekte alalt. Fk nou sonje pawl Mt (Rabay) Jezi Kris la: Gen anpil katye lakay Papa m, (nou menm zapot yo ak disip yo,) kote m ap rete a, nou pap ka vini, al m pral devan pou m f kay pou nou...

Tout Leta, nan tout peyi ki f resp yo vin layik, yo pa melanje relijyon ak leta.

Epi mwen menm Georges Jacques Danton ki te etidye relijyon Kretyn lan afon, m chaje pou m f Avoka ak Avokat Defans yo w sa (Rabay) Mt Jezi Kris te avti konsnan moun tankou w yo nan levanjil Matye 7:21 a 23.

Matye 7:21 - Se pa tout moun kap rele m Sey, Sey kap rantre nan Watom Syl la.

Matye 7:22 - Jou sa-a, anpil ladan yo ap di m: Sey, Sey ske m pat f prediksyon nan non ou? Pa vre, m te chase dyab nan non ou?

Matye 7:23 - Al, map di yo piblikman. Kote m konnen nou, M pat janm te konnen n, dispart devan m nan, nou menm kap komt lenjistis.

Sa se gwo pingga Manm Konsy Defans lan pou n pa pwomennen vante sa n f ak relijyon nou pretann nap pratike a. Nou ka santi ke kote nou ye la a nan Tribinal la se pa relijyon yon moun pratike ki konte, se jan ou svi ak Lanmou, Solidarite, charite, konpasyon sou pwochen ou ki tout bagay la.

Nan zaf Leta, tout moun konnen ke depi yon otorite Jistis ak Lapolis double pa Lame pase ld pou entdi yon mouvman, yon move zak ki konn ft, tankou touye moun, krim, ansasina epi anplis kanibalism, epi w apiye anpchman ou lan, entdiksyon an ak chay lou, gwo sanksyon, prizon vi, pn lanm menm, zak la ap ralanti oubyen l pap ft ditou. Relijyon ak kwayans ap entvni apre, pou baz moral ak espirityl ld la pou tout moun f sa k dwe ft.

Prezidan Jiri Global la, Mahatma K. Gandhi, ki te egzse pwofesyon Avoka nan peyi Lafrik diSid, nan pi resan vi l sou lat, deklare ke Jiri a pran nt ak konsyans de Briyant entvansyon Avoka Akizasyon an Georges J. Danton ki f rekt pou enpoze entdiksyon relijyon ak non Bondye nan pawl Avoka Konsy Akizasyon yo. Men slman l ajoute ke Jiri Global la konprann nan kouran deba a, Konsy Defans lan ap degaje l defann tt li ak tout sa l te genyen nan tan sa-a sou plan kiltirl, kwayans, sosyal, relijye, ekonomik, edikasyonl (elatriye...) - Al se Akizasyon an ki pou pote agiman kontr achak fwa, tankou mosyon l sot mande a. Epi Prezidan Jiri Global la frape mayt li pou l mande Konsy Defans lan kontinye ekspoze l f ak zak li yo pi bon jan l kapab.

Bartolom de las Casas kouri repran kn lan pou l eksplike:

Fk nou retounen nan ane 1490, pou n sonje ke Wa Ferdinando de Aragon ke sten moun mal pansan pmt yo mete chita sou ban akize jodiya, te an kontak ak pap yo ke nou oze f chita sou ban lenfami akizasyon an tou Se gran psonaj sa yo ki te voye sij peyi Lespay pati selon ld Mt Legliz Kretyn nan:

Ale montre, aprann tout moun nan tout peyi, batize yo nan non Papa a, pitit li a, ak Lespri Sen an.

Se kokenn doktrin Levanjil lan nou tal simen sou nouvo Kontinan an: Tierra Sanctae Crucis (T Lasent Kwa) ke yo rele Lamerik kounyeya. Epi Pap epk sa-a Alexandre VI (Rodrigo Borgia) ki tap sipvize dekouvt la depi Vatikan te bay peyi Lespay otorizasyon pote Levanjil bay pati N kontinan an, alske Wa Ptigal la Joao II te gen pou l bay fidl katolik yo swenyaj nan pati Sid kontinan an. Konsa, tout endijn Panyl yo te jwenn sou t a, te vini otomatikman sij Panyl epi lt yo te sij Wayom Ptigal.

Se dizon sa-a Pap Alexandre VI (Rodrigo Borgia) te konfime nan lt li a, yo rele bil (Bulle an franse) ki te gen tit: Inter Coetera, ki te pote dat Twa (3) me 1493, epi l te mete yon diplis l l te eksplike nan menm ane a nan lt (bil) ki te gen tit Piis Fidelium (Fidl devwe yo) gwo pouvwa Wa peyi Lespay ak Wa peyi Ptigal genyen sou nouvo Kontinan an km chf Katolik.

Lt pap ki te patisipe nan koze sa-a se te:

Pap Jules (Jil) II ak bil Eximiae devotionis nan lane 1503 epi bil : Universalis Ecclesiae nan lane 1508 ak yon lt bil ank nan lane 1513.

Pap Leon X (10) te ekri yon lt (bil) pou raple gran pouvwa ekstradin Wa peyi Lespay ak Wa peyi Ptigal te genyen nan lane 1518.

Pap Adrien VI, te rafrechi delagasyon pouvwa sa yo nan lane 1522 ak lt (bil) Omnimoda.

Pap Paul III te rebay plis pouvwa nan lane 1535 ak 1547...

Rn Izabl leve, li on ti jan teke Bartolom de las Casas ak koud li epi li pale, yon ti jan eksite, li nve paske l dnye pasaj li sou t a km Rn, li pat janm jwenn opozisyon, ni repons, ni defi l l te konn pale, l l te pran yon pozisyon, se te definitif, dapre dwa Bondye te ba li, l yo te kouwone l Rn... Li pale konsa:

Rn Izabl: Tout vye pwent, ensinyasyon malveyan, move koze, zen gaye, medizan malpalan ap voye monte sou Wayom Lespay ak sij l yo se manti ak kalomni yo ye.Sij volont benevl nou yo tal pote sivilizasyon ansanm ak limy doktrin kretyn nan sou Nouvo Kontinan an. Gen yon sekt kap chche bayonen nou, fmen bouch nou pou n pa pale de sa, poutan se sa k lesansyl nan sa peyi Lespay akonpli km devwa l.

Fk nou f nou tout moun sonje ke mwen menm Larn peyi Lespay ak tout mari m Wa Ferdinando de Aragon ke nou pmt nou mete chita san rezon nou ban lenfami, jounen jodiya, nou te pale tout moun nou te mete anchaje t tounf ke n dekouvri yo, pou yo boule byen ak endijn yo, pou yo trete yo byen tankou fr ak s ak pitit Panyl yo.

Nou te fmlman entdi lesklavaj nan yon donans wayal jou k te 6 jen 1495. Mwen menm psonlman, m te f bay donans sa-a jart jou k te 20 septanm 1499 epi m te rechofe donans lan prske (2) dezan apre jou k te 1e dawout 1501.

Mwen menm Larn Izabl ak tout mari m Wa Ferdinando de Aragon te bay nouvo gouvn zantiy yo Nicolas de Ovando ld pou osito pye l touche t nan zile yo, pou l aboli lesklavaj, epi tou pou l aji byen ak Endyen yo ki tap viv sou nouvo t yo ki te agrandi Wayom Lespay lan.

Ld nou te bay Nicolas de Ovando te eksplike byen ke tout Endyen yo, se moun lib, sij natirl kouwn lan, menm jan ak tout Panyl yo.

Ld sa-a kontinye pou f lage tout Endyen gason kou fi yo te arete; libere yo, mete yo dey, sti nan prizon anpitou remt yo tout byen yo ke yo te konfiske.

Anplis ld la di byen ke, l yo travay pou klkeswa moun nan, se pou yo peye yo; pou pran enpo ak taks sou yo. Se pou yo fikse montan enpo ak taks Endyen yo ap peye yo nan reyinyon, bon jan chita tande ak ansyen chf yo. Apre sa, l gouvn a fin tonbe dak ak ansyen chf yo, fk li f bon jan rab sou montan taks la ak enpo yo ke anchaje Panyl la ak ansyen chf yo te aksepte a.

Anfendkont, donans lan, ld la, te egzije ke yo aprann Endyen yo tout verite sou lafwa kretyn.

Apre sa, mwen menm Larn Izabl, m te voye rekmandasyon bay tout gouvn ak otorite ki an chaje sou tout t nou te dekouvri yo, pou yo te pwoteje endijn yo, kont akresite, renmen tout, move zangi voras, avantirye Panyl ki bezwen rich vit pou yo tounen lakay yo vin jwi byen san swe. Konsa anchaje te dwe aji.

Premyman: Rasanble Endyen yo an ti gwoup nan bouk yo, epi mete yon Panyl, bon moun, kapab, entelijan epi charitab alatt yo, pou l ka pwoteje yo sizoka paka, dirije yo, epi f yo tounen moun sivilize.

Dezymman: L sa-a chak Endyen ki alatt fanmi l, ki vle di Chf Lakay li, ap genyen yon kay pou l rete, yon psyon t pou l plante epi bt pou l gade.

Twazymman: Nan chak bouk (bourg-village) ap gen yon kire (monp) kap responsab legliz la ak lekl timoun yo.

Sistm sa-a te rele "encomienda" ki vle di distribisyon sou rekmandasyon. Vrman kire yo (monp yo) te f djb yo byen. Yo te jwenn d kk endijn ki te konvti nan relijyon katolik... Konsa anpil Endyen ak Endyn te pwogrese, yo te sti nan tenb kote yo te layite k a, l yo tap adore soly, lalin, zetwl ak pyebwa ak nenpt ki sa yo te pran pou bondye. Kidonk gras a konvsyon yo, endijn yo te vin sivilize, yo te mennen bonjan lavi kretyen, nan lanmou, youn ede lt, nan resp tt yo ak diyite tout lt moun.

Konsy Defans lan rete sou pawl larn Izabl sa yo epi yo di Gran Jiri Global la, yap pran pz, yo retounen l Manb Konsy Akizasyon an fin prezante pwendvi pa yo, opinyon pa yo ki stnman pap tw krk kote verite a....

Tout manb Konsy Defans lan leve kanpe ansanm. Tout moun nan sal la ki tap asiste seyans lan, li kontantman tout manb Konsy Defans lan, sou figi Avoka yo, ki f yon ti ri ki lese part akl lajwa k te nan k yo l sa-a.



Lger-Flicit Sonthonax

Pwokir a, D.A. anchf la, Komis Global Lger Flicit Sonthonax rete doubout alske lt manb Konsy Defans lan te chita, anpi l di:

Mesye Prezidan ak tout manb Jiri Global la, (D.A) Prokir ak tout sibstiti l yo ansanm ak tou manb Konsy Defans lan pa vin nan Tribinal Global la pou yo f imajinasyon yo travay; oubyen pou f konnen ki objektif ideyal yo te renmen reyalize sou t a, l yo tap viv, sitou nan tan lontan l pp Panyl te vin "dekouvri" pp endijn, yo te rele Endyen Lws yo. Non ! Nou pap vin voye monte, voye fl, nou la-a pou n montre laverite, tabli laverite, tout laverite, san wete-san mete, nan mond reyl, ki te egziste l akize sa yo (li lonje dwt li sou ban akize yo) tap f sa k pa sa, komt lenjistis, vol, f adilt ak krim sou Kontinan yo te f dap-piyanp sou li eke yo te rele Tierra Sanctae Crucis la.

Avoka Defans Jacques Pierre Brissot, anchaje b pa nou an, pou l mete verite sou tanbou, l l pral pale de premye moman "dekouvt" la jouska tablisman Koloni Panyl yo sou Kontinan Ameriken. Anka l bouke, yon lt manb Konsy Defans lan va pran rel a...



Jacques P. Brissot

Avoka Jacques Pierre Brissot leve pou l remsye Komis Sonthonax ki te ba l lapawl konsa:

Av. Jacques P. Brissot Msi anpil Komis Global Sonthonax dske ou f m konfyans pou m pale avk konpetans ak verite de moman istorik sa-a, moun kap viv nan tan modn sa-a 20-21 syk rele rankont (2) de mond. Nou menm, kote nou ye a kounyeya, nou gen yon gran vizyon sou tout sa k te pase yo, ositou nap rapte istwa a tlkl, tennfas. L n fin prezante ekspoze nou an, tout moun ap rann yo kont, se pat rankont (2) de mond ditou, tankou yo ta vle ba l tinon an; men se te vrman yon chk (2) de mond.

An n pati ak Coln, depi [8] uitan anvan (1e) premye vwayaj li sou Nouvo Kontinan an, jou k te (3) twa dawout 1492 nan P Palos de la Frontera, nan peyi Lespay, l l tap fme pwoj sa-a, v mwa fevriye 1484.

L sa-a, Msye Christoffom Colom, te sij Wayom Ptigal, li te f lide pou l pase nan Loseyan Atlantik pou l rive nan peyi Lend, konsa l va ale a Ls an pasan pa Lws. Li te si-e-sten lap rive Ozend, paske nan tan sa-a, lzm te konnen ke t a tou won dapre latwouvay ansyen gran save Grk yo patikilyman Eratosthne (Eratostn).

Christoffom Colom te kouri prezante pwoj vwayaj li a bay Wa Joao II Ptigal, ki bay yon gwoup eksp etidye l. Mesye save Ptigal yo, pa trouve plan Colom an te kanpe sou anyen, yo rekmande Wa Joao II pou l rejte l. Se sa Wa Joao II f epi pwoj vwayaj nan peyi Lend pa Lws Colom an tonbe nan tchouboum pou lemoman...

An me 1485, Colom ke lide ale Ozend pa Lws la te tounen yon obsesyon pou li, chanje peyi. Li imigre nan peyi Lespay nan Castiy, ak tout pitit li a Diego nan presbit La Rbida, nan P Palos de la Frontera. De (2) ch fr l vin f zanmi ak yo, yo bal konsy ale nan vil Kordou (Cord) kote ya f pran kontak ak larn Izabl, kap plede rd-chch pou Akizasyon an kounyeya (Rn Izabl gade Brissot detrav anpi l twaze l) (Brissot souri epi l kontinye.)

Jacques P. Brissot Larn Izabl, ki nan pami nou la-a, resevwa Msye Cristobl Coln, rize ak entelijan, ki te gen tan adapte l, li te gen tan pran yon bl non Panyl. Nan mwad janvye 1486, Larn Izabl di l, plan l lan pap pase. Katran apre an 1490, Coln tounen alaso. Larn Izabl lage swadizan Navigat a nan dlo ank, Rn nan pa aksepte pwoj Navigat a.

Nan mwa avril 1490, mwens tikras minit ak yon tisegond, plan Coln an te fin aksepte. Men: "anbisyon touye rat la", Larn Izabl voye Coln al flannen ank, l Coln mande pou l Viswa tout t lap dekouvri sou pasaj li ansanm ak yon tit nobls Panyl... Larn Izabl f kl entery pou l pa chape, li vin tou wouj, se ede yo ede l monte nan apatman kote l kouche a.

Men te gen trezorye (kontab) kay Wa ak Rn lan Luis de Santangel ki te okouran pwoj Coln an, epi k te inisye, li te konnen anpil, paske l te chche anpil, epi l te byen ak tout kalite savan sitou ptig yo, ki te eksplike, ke sa Coln prezante a se te gwo zaf Al Santangl ki te abitye bay Wa a ak Larn Izabl ki la-a kounyeya lajan pou yo manje, pou yo banboche, pou f tab la gra nan bon kou nan move tan, vin mennen yon dnye mannigt pou Navigat a - (Larn Izabl pa ka kenbe ank, li touse f epi l kwipe tankou yon jn fi maledve).

Jacques Pierre Brissot pran yon ti pz epi l kontinye. Nan fen mwad me 1491 Luis de Santangel (se bon non panyl li) rale yon foty epi l chita b kote Larn Izabela pou l rakonte l ke si Coln rejwenn Lzend pa Lws, se pap yon wout ki koni, epi Lespay ap gen gran pase trankil pou lal ranmase l, epis, lajan, prl, ak yon band lt danre, se pa ti ogmante finans Wayom lan, ap ogmante. Lap bon pou Wayote a kap viv nan yon miz nwa, ki fk sot mete mizilman yo dey nan dnye basyon yo nan Wayom Lespay, nan Grenada... Se pa dekb, de peseta, nou te blije depanse pou f lag sa-a avk ld alye "msen", k te sti nan tout peyi Lewp Sid la... L pwoj Coln an reyisi, Wayom Lespay lan ap releve...

Larn deklare kontab li a, Luis de Santangel ke li poko ap ba l yon repons, fk lal prezante ka a devan lakou Wa a reyini. Al, nan klke jou, la di l sa Wa a ak Rn nan konkli. Luis de Santangel reponn li an koutizan (li konnen l mare yo): Qu la voluntad de su graciosa Majestad sea Ke volonte grasyez Majeste ou a ft ! Epi l f sis (6) pa annary anvan l bay do pou l ale...

Kenz (15) jou apre, nan mwad jen 1491, Larn Izabela voye rele kontab li a, ki tou pote kb pou f plante fl nan pal a, ansanm ak douz (12) p pijon blan ki pou reprezante lap nan Wayom Lespay la... Se premye bagay Luisito montre Larn Izabela l l fin salye l, km sa dwa ak koubt yo rele reverans lan...

(Larn Izabl pa ka kenbe ank, li eklate epi l di byen f: ) este pendejo perverso de piernas chuecas no deja de decir babosadas, seguro que fue algo bajo, muy bajo en otra vida... Echanle a la basura, de dnde viene (trad) Enbesil kowonpi, visye epi mechan sa-a ak pye kanbra li yo pa sispann di tenten rans, siman Msye sti ba, tr ba nan yon ansyen vi. Jete Msye nan fatra kote l sti a...

(Brissot k santi l sot peze abse Larn lan vire l reponn f tou pou piblik la ak jiri a tande tou; repons li an te pike: )

Brissot Non la reine, je fus Rvolutionnaire, Girondin et Franais, de ces hommes farouches qui ont pris la Bastille, mis bas la noblesse, guillotin un roi et une reine et proclam les Droits de lhomme et du Citoyen qui ont cours de nos jours en Espagne et dans le monde civilis. Au diable les rois parasites ! A bas les reines profiteuses ! (trad) Non Larn, m te Revolisyon, Jiwonden, Franse, nan pami gason kanson ki te pran Labastiy yo, kraze nobls la, epi m pwoklame Dwa Moun ak Sitwayen ki an vig nan peyi Lespay nan jou nap viv yo epi nan lemond sivilize. Ke Wa parazit yo ak rn kap pwofite yo al jwenn djab ! - [Piblik la, bat bravo...]

Pou met ld, epi f tribinal la jwenn kalm li pou seyans lan rekmanse, prezidan Jiri Global la frape mayt li, epi l deklare sou yon ton trankil men fm. F silans, oubyen m ap f tout moun sti nan sal la...

Epi Prezidan Jiri a tounen sou Larn pou l obsve l, l l te di l, ke l pa gen dwa agrese Avoka Akizasyon an konsa, eke l dwe gen otorizasyon Jiri Global la, pou l pte tout mosyon.

Apre sa Prezidan Jiri a vire pran Brissot pou l mande l, pou l pa kominike dirkteman ak Avoka Defans yo, ke se pou l toujou pase pa Jiri a pou tout kominikasyon; epi se pou l aprann metrize tt li, pou l pa pwosede a okenn vyolans, ni entimidasyon, se lajistis, tout moun vin chche nan tanp Thmis la... Epi Mahatma Ghandhi mande Avoka Akizasyon an pou l kontinye ekspoze la.

(Avoka Brissot kmanse pa plenyen, l l deklare byen f, ke se teknik Defans la, l Avokat yo a tounen yon Sent Entewonp pou f yo bliye verite yo tap tabli a... Epi Brissot respire twa (3) fwa, l fini l kontinye konsa: )

Brissot Wi, m tap pale n de gran save Grk Eratostne ki te bay yon estimasyon prske krk de sikonferans lat a. Men dnye kalkil anvan Cristobl Coln, ki vin sij Panyl toudenkou, defakto, nan panzou, se te yon arab mizilman k te f l: gran save sa-a te rele Al-Farghani. Li te estime Ekwat lat a, apepr (18.300 mil) dizwimiltwasan mil swa anviwon (30.000 km) trant mil kilomt.

Se apati de kalkil Al-Farghani an Cristoffom Colom te bati pwoj vwayaj Ozend pa Lws li a. Poutan Navigat a tap f fos wout, si Bondye pat konn kenbe krab pou l mete nan makout avg. Se pa ti er kalkil anjwt Colom te f anpatan, paske Arab la Al-Farghani te svi ak yon mezi ki te egal a 1973 mt, alske mezi Romen yo, Christoffom te svi ak li a te egal 1482 mt. Kidonk te gen yon diferans (491 mt) katsan katreven onz mt sou chak mil nan tout pakou a pou rive jousk Ozend pa Lws ki te 4200 mil... Se pa ti distans. Kidonk, travay entandans lan te fose tou; patap janm gen ase viv ak dlo pou yo reziste, si yo pat pdi, "grasa Dye epi chans" pou yo tonbe sou zile, yo te rele "El Salvador", Sov a.

Men tou, pou l rive nan zile Amerik sa-a, ke l pat konnen egzistans li a: lachans souri ba li, ki f l genyen kout kat sa-a.

Malgre move kalkil degrenngch Coln yo, plan entandans, katye mt, finans ak distribisyon byen l yo pat kdym. V (10 ak 11) dis ak onz oktb 1492 ekipaj bato l yo kmanse manke viv ak dlo, anplis yo pat si kote Coln tap mennen yo. Tout maren yo kmanse ap f wounou wounou, ap leve koken, f mitinri, mande pou yo retounen nan Wayom Lespay. Coln ak kaptenn lt bato yo, lfr Pinzn blije svi ak tout fmasyon yo, tout sajs yo, pou yo kalme ekipaj yo, epi yo pwomt yo ke si nan (3) twa jou del, yo pa jwenn anyen, yap retounen lakay yo.

Se nan konbinezon sa-a, nan tan di sa-a Coln ki te entelijan anpil, f tt li travay. Li remake yon band zwazo kap f ale vini. Li remake kote zwazo yo ap sti a, epi l vire bato Amiral la, La Santa Maria nan direksyon kote kana sovaj yo prale a, epi li f kaptenn lt (2) de karavl yo siy pou yo swiv li. L (2) de lt bato yo, karavl yo aliyen ak li, yo kenbe kap yo, tt bato yo, nan direksyon chimen kana k tap vole yo ap swiv la. Epi yon jou edmi apre nen (12) douz oktb, v diz dimaten, maren k tap f leget sou pon nf la, bato-Amiral la Rodrigo de Triana tonbe rele Tieeerra (Twa fwa) pou anonse Nouvo-Mond pou Panyl ak Ewopeyen yo... (Brissot kontinye pou l mande: )

Al, piblik la, ak moun ki dwat nan lemond antye, ap jije pou yo menm, si Mouche sa-a, ki chita sou ban akize a, pou anpil lt zak malont, move sij Panyl te komt sou kont li, ak nan tolerans li, fmen je l, gade ltb san reyaji kon kolon Panyl kap f abi ak malveyans gen dwa a tit Gran Navigat, Jeni, Amiral Loseyan l l f kalite er kalkil sa-a, san okenn plan Entandans, paske ekipaj yo manke mouri swaf ak grangou sou kont li; epi se bonnanj li, ki f l swiv kana mawon ki pral poze nan letan pou l te ka jwenn t; tou sa yon matlo pwofn ta f ak ensten l. Nanpwen merit nan sa Coln kw l akonpli a...

Se la nap rete leson 9 la pou jounen jodiya. Nap kontinye rapte pwos nan Tribinal Global la tr byento.

Al etidye esitou poze nou kk kesyon sou sa, n pa fin konprann.


NT

_________________
Richie est un grand musicien qui ne peut pas tre compris du commun des mortels, car les notes qu'il met sont trop leves pour les oreilles du vulgaire.
Back to top
View user's profile Send private message Send e-mail

Author Message
Neg Timid



Joined: 06 Apr 2006
Posts: 3258
Location: Brooklyn, NY/Gonaives-Artibonite

PostPosted: Wed Jun 13, 2012 9:24 am Post subject: Reply with quote

nustyle11 wrote:
---



Nustyle11

Mwen remake ou te ekspedye yon vs dy m avk ekspresyon vizaj ou byen move dnye fwa km repons. Mwen w ou efase l maten an a in-dimaten (1:00am). Mwen swete se pa anyen ou te li nan sa m ekri yo ki te f w fache atis la. Mwen pa vini isiya pou f psonn fache. Se ti kras nan konesans mwen, mwen vin pataje avk nou. E se tout dwa w pou pa dak avk yon analiz liter mwen f. Epitou, menm l ou w se Kreyl mwen ekri, mwen ekri l avk yon nivo tr avanse, nan tks mwen yo. Pafwa, sa konn mande pou lekt a f tt li travay anpil, pou l pran vr sans sa m vle di. Epi, f anpil atansyon avk vs nan bib la l wap site yo; paske 90% moun ki li bib la pa konprann li. Sa yo konn panse vs a vle di a, se pa sa li janm vle di. Pou konprann bib la byen, gen yon pon menm si ou pa inisye, fk ou pase sou li kanmm. Bib la se yon liv mistik li ye....

NT

_________________
Richie est un grand musicien qui ne peut pas tre compris du commun des mortels, car les notes qu'il met sont trop leves pour les oreilles du vulgaire.
Back to top
View user's profile Send private message Send e-mail

Author Message
nustyle11



Joined: 19 Oct 2006
Posts: 1142
Location: BROOKLYN, NY

PostPosted: Thu Jun 14, 2012 4:56 am Post subject: Reply with quote

Please, get off your high horse and spare me the literature. My delivery was mot meant to be disparaging but rather to convey a simple message. Since the latter was not understood, let me take the opportunity to apologize and keep it moving as i have no desire to be indulged in a back and forth with anyone. I am going through the darkest hour of my life right now and it is imperative to concentrate on what's really important in life?. My message was edited because i find it necessary to do so. To put facts to your rhetoric, this so-called atis was a student of W. Exume as well as you. So, don't get it twisted!! furthermore, the interpretation of verses in the bible may have a different meaning to you as it is to me and that verse was used the way i see fit. With that said, i bid you a good day and this is the last you'll hear from me.
_________________
L'homme propose, Dieu Dispose
Back to top
View user's profile Send private message AIM Address Yahoo Messenger MSN Messenger

Author Message
T-Kout



Joined: 22 Sep 2010
Posts: 64
Location: QUEENS - NY

PostPosted: Sun Jun 17, 2012 9:47 pm Post subject: Reply with quote

Neg Timid, map li Leson 8 kounneya. Tale la fom al acht ink poum ka print lot leson yo. Mwen mem, mwen ta renmen li biograpfi kek prezidan lontan yo. Fe saw kapab, se anpil travay wi. Mwen renmen travay sa anpil, me konpliman !
_________________
Fo'w Kou-T T-Kout pandan lap jwe kout guita
Back to top
View user's profile Send private message

Author Message
Neg Timid



Joined: 06 Apr 2006
Posts: 3258
Location: Brooklyn, NY/Gonaives-Artibonite

PostPosted: Sun Jun 17, 2012 10:48 pm Post subject: Reply with quote

T-Kout wrote:
Neg Timid, map li Leson 8 kounneya. Tale la fom al acht ink poum ka print lot leson yo. Mwen mem, mwen ta renmen li biograpfi kek prezidan lontan yo. Fe saw kapab, se anpil travay wi. Mwen renmen travay sa anpil, me konpliman !


T-Kout,

Mwen sanse deja fin kouvri tan Panyl yo. Apre pwos a, map atake tan Franse yo, epi pou m atake kote ou vle m rive a, nan tan Prezidan Ayisyen yo. Sa ap pran yon ti tan, avk anpil kout plim pou m rive la. Paske jan map f istwa a avk nou la-a, mwen garanti nou, nou poko aprann li konsa. E tout moun ap jwenn, klkeswa nivo entelektyl ou. Mwen pap annik rakonte nou istwa a, men map analize l avk nou tou, pou ouvri je nou, f nou w yon pakt bagay yo pat montre nou lekl. Pran pasyans !

NT

_________________
Richie est un grand musicien qui ne peut pas tre compris du commun des mortels, car les notes qu'il met sont trop leves pour les oreilles du vulgaire.
Back to top
View user's profile Send private message Send e-mail

Author Message
PIYO



Joined: 30 Mar 2006
Posts: 1323
Location: NYC

PostPosted: Mon Jun 18, 2012 2:06 pm Post subject: Reply with quote

Met la,

nou pa pale, men nap swiv leson yo trankilman. akoz de tan ki vinn tre rare, se tiake elev la ap tiake leson yo le li kapab. mwen we ou ap fe ampil efo pou bay prezantatyon ak ampil banan mouska pou dan elev yo ka dire plis tan. Men fok ou kenbe balans lan pou li pa paret tankou yon bouyon kote elev santi li oblige al cheche viv yo (opinyon sa relatif paske elev ki vle konen ya ap fouye bouyon an et jan parole bib la di a "le prof arrive quand l'eleve est pret"). Enpil enfomatyon ap tonbe, et mwen sure ke ou ap ekspoze li yon fason anpil moun ki pa fouye pap janm konen.

Sel kritik mwen vle pote, gen yon seri de dossye ki ta supoze prezante kom sijet danaliz et non kom fet, paske istwa otantik yo non selman yo pa ouve a piblik la e gen lot sous ki bay diferan pwen de vu two valab pou nou pata mantyone yo alevwa inyore yo. Apres sa, mwen pa we kijan poum ta remetye ou pou inityativ lan.

Kreyol la pa finn two kodiom, men nap fe efo Very Happy

PiYo
_________________
Haitian... Why Not!!!
Back to top
View user's profile Send private message AIM Address

Author Message
Neg Timid



Joined: 06 Apr 2006
Posts: 3258
Location: Brooklyn, NY/Gonaives-Artibonite

PostPosted: Fri Sep 27, 2013 5:42 am Post subject: Reply with quote

Kote elv entelijan Klas istwa Dayiti Kompa Magazine yo? Mt la ap anonse nou ke rekreyasyon an fini, kmanse prepare nou pou nou retounen nan klas. Richie ap f Klass pa l yon b, Ti Cherif Trankil la ap f pa l yon lt b. Dizym leson an ap rive sou nou nan fen wikenn nan. Rete branche ! Cool

NT

_________________
Richie est un grand musicien qui ne peut pas tre compris du commun des mortels, car les notes qu'il met sont trop leves pour les oreilles du vulgaire.
Back to top
View user's profile Send private message Send e-mail

Author Message
T-Kout



Joined: 22 Sep 2010
Posts: 64
Location: QUEENS - NY

PostPosted: Fri Sep 27, 2013 11:58 am Post subject: Reply with quote

Neg Timid wrote:
Kote elv entelijan Klas istwa Dayiti Kompa Magazine yo? Mt la ap anonse nou ke rekreyasyon an fini, kmanse prepare nou pou nou retounen nan klas. Richie ap f Klass pa l yon b, Ti Cherif Trankil la ap f pa l yon lt b. Dizym leson an ap rive sou nou nan fen wikenn nan. Rete branche ! Cool

NT



Prof. mwen la mwen mem , mesi pou klass sa !
_________________
Fo'w Kou-T T-Kout pandan lap jwe kout guita
Back to top
View user's profile Send private message

This forum is locked: you cannot post, reply to, or edit topics.This topic is locked: you cannot edit posts or make replies. KOMPA! MAGAZINE Forum Index -> Let's Talk! All times are GMT - 5 Hours
Goto page Previous  1, 2, 3, 4  Next
Page 2 of 4


Jump to:  
You cannot post new topics in this forum
You cannot reply to topics in this forum
You cannot edit your posts in this forum
You cannot delete your posts in this forum
You cannot vote in polls in this forum
Geo Visitors Map


Powered by phpBB 2001,2003 phpBB Group Silver_Xire background picture BaRiMzI. made byBaRiMzI