KOMPA! MAGAZINE Forum Index KOMPA! MAGAZINE
The site for Haitian Music News as it happens, debates & more.


Main Thread: Rès Kou Istwa Peyi Dayiti (Leson #8 ++++)
Goto page Previous  1, 2, 3, 4  Next
 
This forum is locked: you cannot post, reply to, or edit topics.   This topic is locked: you cannot edit posts or make replies.    KOMPA! MAGAZINE Forum Index -> Let's Talk!
View previous topic :: View next topic  
jeanVALjean



Joined: 07 Aug 2006
Posts: 9356
Location: Florida

 PostPosted: Fri Sep 27, 2013 10:23 pm    Post subject: Reply with quote Back to top

Inbin nap tann ou, Cherif la.
_________________
Music washes away from the soul the dust of everyday life.
~Berthold Auerbach
 
View user's profile Send private message
Neg Timid



Joined: 06 Apr 2006
Posts: 3258
Location: Brooklyn, NY/Gonaives-Artibonite

 PostPosted: Sat Sep 28, 2013 8:52 am    Post subject: Reply with quote Back to top

jeanVALjean wrote:
Inbin nap tann ou, Cherif la.


JVJ,

Mwen konnen se yon elèv ki fò ou ye, men se pa sa ki pou fè ou pa kontinye vini nan Klas. Mwen remake mwen pa wè w nan klas la kèk jou. Kote w ye konsa? De tout fason, fòk tout moun di w mèsi, paske se ou ki te vini avèk inisyativ, sijere m pou m te ka fè kou Istwa Dayiti sa-a. Mwen konnen ou entelijan anpil, e ou gen tan pran sans sa ki ap fèt la a. Kòm ou ka wè, premye pati istwa a fini depi apre 7 premye leson yo, ki te plis chita sou tan Endyen yo avèk Panyòl yo. An prensip, mwen ta dwe antre dirèkteman nan tan Franse yo. Sa m'ap fè la-a, m'ap sèvi avèk fè yo, reyalite yo, pou analize sa ki deja rakonte nan 7 premye leson yo. M'ap montre nou panse, analize, pou nou ka konprann byen sa ki te pase — Epi pi enpòtan, pou nou konprann byen kisa ki te Kristòf Kolon an. Se pou sa, mwen sèvi avèk anpil potorik gason vanyan ki mouri, ki pa la ankò, pou fè yo pale, pou nou jije Kristòf Kolon kòrèkteman devan yon Jiri Global. Gen anpil bagay nou pral rakonte tou, fòk se fason sa-a tou pou yo ta rakonte.... Verite yo oblije sòti !

Kou k'ap fèt la, se yon kou avanse, pou elèv ki fè klas avanse. Si yon elèv pa't deja gen yon bon baz lekòl, li pap konprann kou sa-a. Menm nan Dwa (Law), yon elèv oblije te pran kèk ti kou, pou konprann jijman k'ap fèt la a.... Si se pa sa, li pap pran sans sa n'ap fè la a. Rete branche ! M'ap fin fè kèk ti koreksyon nan Dizyèm leson an. Kenbe la gason m.

NT

_________________
Richie est un grand musicien qui ne peut pas être compris du commun des mortels, car les notes qu'il émet sont trop élevées pour les oreilles du vulgaire.
 
View user's profile Send private message Send e-mail
T-Kout



Joined: 22 Sep 2010
Posts: 64
Location: QUEENS - NY

 PostPosted: Sat Sep 28, 2013 1:05 pm    Post subject: Reply with quote Back to top

Neg Timid wrote:
jeanVALjean wrote:
Inbin nap tann ou, Cherif la.


JVJ,

Mwen konnen se yon elèv ki fò ou ye, men se pa sa ki pou fè ou pa kontinye vini nan Klas. Mwen remake mwen pa wè w nan klas la kèk jou. Kote w ye konsa? De tout fason, fòk tout moun di w mèsi,[color=black] paske se ou ki te vini avèk inisyativ, sijere m pou m te ka fè kou Istwa Dayiti sa-a
. Mwen konnen ou entelijan anpil, e ou gen tan pran sans sa ki ap fèt la a. Kòm ou ka wè, premye pati istwa a fini depi apre 7 premye leson yo, ki te plis chita sou tan Endyen yo avèk Panyòl yo. An prensip, mwen ta dwe antre dirèkteman nan tan Franse yo. Sa m'ap fè la-a, m'ap sèvi avèk fè yo, reyalite yo, pou analize sa ki deja rakonte nan 7 premye leson yo. M'ap montre nou panse, analize, pou nou ka konprann byen sa ki te pase — Epi pi enpòtan, pou nou konprann byen kisa ki te Kristòf Kolon an. Se pou sa, mwen sèvi avèk anpil potorik gason vanyan ki mouri, ki pa la ankò, pou fè yo pale, pou nou jije Kristòf Kolon kòrèkteman devan yon Jiri Global. Gen anpil bagay nou pral rakonte tou, fòk se fason sa-a tou pou yo ta rakonte.... Verite yo oblije sòti !

Kou k'ap fèt la, se yon kou avanse, pou elèv ki fè klas avanse. Si yon elèv pa't deja gen yon bon baz lekòl, li pap konprann kou sa-a. Menm nan Dwa (Law), yon elèv oblije te pran kèk ti kou, pou konprann jijman k'ap fèt la a.... Si se pa sa, li pap pran sans sa n'ap fè la a. Rete branche ! M'ap fin fè kèk ti koreksyon nan Dizyèm leson an. Kenbe la gason m.

NT[/color]



WOW , se jeanVALjean, ki vini ak ide sa, jeanVALjean compliman, epri mil mesi !!!
_________________
Fo'w Kou-T T-Kout pandan lap jwe kout guita
 
View user's profile Send private message
Neg Timid



Joined: 06 Apr 2006
Posts: 3258
Location: Brooklyn, NY/Gonaives-Artibonite

 PostPosted: Sun Sep 29, 2013 2:39 pm    Post subject: Reply with quote Back to top

Dizyèm (10è) Leson: Swit Jijman Cristobal Colón Ak Anpe Nan Konpayèl Li Yo

Atis Plim: Nèg Timid

Ante Sriptum an Kreyòl Anvan n Ekri

A.S.= A.E Prezidan Jiri Global lan Mahatma Gandhi te frape Mayèt li pou seyans lan te pran yon ti pòz-goute=lunch.

Apre (1) inèd tan, tout atiray Tribinal la; Jij, grefye, Sekretè, Konsèy Defans, Konsèy Akizasyon, ak tout piblik yo a, te reprann plas yo nan sal Tribinal la, ansanm ak tout kirye, aryennafè, jounalis, etidyan-Dwa, jouda, tripòt etsetera era...

— Men... fòk nou kase met nan men nou, tout moun, vèt kou mawon, zanana kou pengwen te remake ke apre entèvansyon Avoka Akizasyon yo, sitou Jacques Pierre Brissot, tout reprezantan Konsèy Defans yo te move kou yon kong, zangi elektrik, sa k tap voye koutje, sa k tap manje dan yo, sa k tap mimire anba anba, sak tap voye pwent, sa ou te santi lafimen dife tap sòti nan nen yo ak nan zòrèy yo pandan je yo tap fè zèklè, jous tan dlo sòti ladan yo.
Ay papa, se tout bon nan won, verite sou tanbou fè gason simen pa krab mele ak devire pengwen... Dans lan vin makawon.

— Alò, se nan anbyans sa-a Prezidan Jiri a frape mayèt li pou seyans lan reprann.

— Nan moman sa-a George Corley Wallace, politisyen rasis Meriken ki te fèt nan lane 1919, epi ki te vin gouvènè Alabama depi 1963 ale pou 1967 nan epòk nèg nwa tap goumen pou Dwa Moun yo (Human Rights), se sa gouvènè Wallace te bliye senpmen li pat fè negro yo kòm mechanste: Lage chen drese dèyè nèg nwè, boule legliz yo, bat yo, pann yo, tire yo tankou lapen ak zwazo san pitye.

— Anpi tou, nonm Wallace sa-a te retounen vin gouvènè menm eta Alabama nan lane 1971 jous nan lane 1979. Apre sa Msye vin repiye ankò pou l tabli Jwèt Politik Sal li a nan eta sidis rasis sa-a nan lane 1983 pou rive nan lane 1987.

— Nan non Konsèy Defans lan, Meriken nazi ak fachis sa-a, nan Sid byen fon Etazini an, te pran lapawòl. Li te pale konsa:

George C. Wallace - Kòm youn nan moun k'ap reflechi tout tan jan sou planèt tè a, mwen etidye stiyasyon ki vin mete n nan jijman Global sa-a tout jan. Sèlman m sòti etone, m vin pantan tèlman lakòlè, lasipriz ak mekontantman anvayi kè m ak tout moun debyen pou zak malonèt, sakrilèj sa-a y'ap komèt sou tout moun debyen sa yo, ki pap janm kanmarad yo, kèlkelswa sa yo fè. Moun sa yo gen lodas mete chita sou ban lenfami jodiya, tout moun ki te fè byen pou leve limanite.

— An n fè rapèl listwa moun, vagabon sa yo pèmèt akize yo: Bon jan ti Blan, nen pwenti, bouch plat, je ble, je vèt, je tamaren, je nwa tou, koulè blon, bren, wouj ki te vin bay tan yo, lespri yo ak fòs kouray yo, ki te vin sakrifye kò yo anba vye solèy cho twopik la, pou yo te pote byenfè sivilizasyon kote yo sòti a, ak limyè Krisyanism lan bay sèten Kreyati ki pot ko reyèlman moun. Endijèn sa yo te gen fòm moun, men yo pa't ko moun poutan paske yo pa't ka panse ni reflechi, se sa k fè yo t'ap viv yon eta sovaj, nan yon babari san non.

—Yo t'ap adore tout vye Kenken, Tenten ak mòso zenglen imajinasyon fou ak malad yo a te fè yo kwè se Bondye ki ka leve yo, sove yo, ba yo lamen osinon teworize yo, rand yo malad anpitou kondane yo.

— Yo te ofri sakrifis bay lalin, zetwal, loray, zèklè, solèy, sous, rivyè, pyebwa, lanmè; anpi anpil ladan yo te sakrifye moun parèy yo, ke yo te boukannen pou yo manje apre, pandan yo t'ap griyen dan yo, montre jan yo kontan nan pami fanmi yo, zanmi yo ak tout lòt konpayèl yo.

—Swadizan moun sa yo, Avoka Akizasyon yo ak tout Pwokirè yo (D.A.) ap voye monte je fèmen an, fòk nou konprann ke dapre tout analiz, apre tout estimasyon, tout kalkil, yo poko prèt pou ta rive nan estad moun. Nou dwe admèt ke yo pa't gen ni kilti, ni ledikasyon, ni entelijans, pou yo te mennen lavi-sosyal, pou yo viv an sosyete, ni anyen k te fè yo sanble ak moun sivilize, ke Msye Blan k te sòti sou kontinan Lewòp la ta ka swiv ak imite pou byen li, lè l ta frekante yo, ta ka kenbe konpayi, paske nan okenn kondisyon, nan okenn ka, Endijèn Nouvo Kontinan Santae Crucis sa-a pa't ka egal a yo. Dayè sa ekri byen gra nen Bib lan, mòd Kreyati koulè sa yo, se pou sèvi yo la-a. Pa't janm gen pèsonn ki byen nan tèt li, ki te ka anvizaje nan okenn ka, yon konparezon dirèk ant endijèn yo te fèk dekrouvri yo ak blan Ewopeyen yo, nan nivo ras, kilti, kwayans ak Konesans Syantifik.

—Fòk tout moun admèt ke Blan Ewopeyen an te depase yo de sanmil (100.000) koude, moun sa yo te nan estad anal toujou, fòk nou rekonèt yo te enferyè, yo pa't ko moun tout bon.

— Kondi Msye Jean-Marie Arouet, ekriven franse yo te konnen sou non plim li Voltaire (Vòltè) ki te deklare lè l t'ap pale de nèg nwè ak Endyen ak tretman Blan te rezève pou yo, ke sèten moun eklere te twouve enjis, ke l pa't Dwat tankou Lajistis: « Depi Dik Dantan (Duc D'Antan) tout moun konnen ke Blan siperyè anpil a Wouj ak Nwa ki yo menm nan ka pa yo siperyè a Makak, ki li menm siperyè a zwit (les huîtres=oysters) »

— Anpi tou Msye Jean-Marie Arouet pa't janm regrèt gen (2) de bato negriye kote l t'ap degaje l fè kòb li, nan bon jan biznis, yo vin rele latrèt nèg nwè ak Endyen Loseyan Endyen yo, komès achte, twoke, vann ak revann esklav - Tout moun te twouve biznis sa-a nòmal anpitou yo te fè l san remò... Menm jan nan pa n, nan Eta Alabama, nou te gen sa nou te rele segregasyon, nou pa't danse kole ditou ak negro a, nèg nwa a, ki te ka ba nou maladi epi ke nou te gade tankou pwopriyete nou tankou bèt nou yo: chwal, bèf, bourik, kochon, poul, kodend, pijon, esklav ke yo te ye.

— Koze sa-a George C. Wallace te soulve pa't antre nan santiman okenn nan manb Konsèy Akizasyon an, sitou Akizatè Piblik yo, Kòmisè Gouvènman yo, Pwokirè yo anpi tout Avoka yo, ki kite Wallace fin livre fon kè l pou yo mande yon mosyon. Se sibstiti John Brown ki kenbe bwa a long, fè kwa sou T ak pwen sou i ak j Wallace yo.

Sibstiti John Brown: Onon Konsèy Akizasyon an, ak tout Pwokirè ki prezan la-a, m chaje m de reponn delege dyab lanfè ki sot pèmèt li ouvri bouch li plen fyèl anmè ak dife boule pou l vomi sa nou sot tande la-a nan non Konsèy Defans lan, nan tan modèn Globalizasyon an. Apre Revolisyon tout Pèp Franse a nan lane 1789, ki te pòte lide Libète, Egalite ak Fratènite pou tout pèp sou tè a; ki te blayi Dwa Moun ak Sitwayen, lè yo te aboli tout privilèj Noblès la, yon klas sosyal ki t'ap aji mal tankou parazit, sansi sou gwo mas pèp ewopeyen yo.

— Apre Revolisyon Meriken yo nan lane 1776, ki deklare ke tout moun fèt lib anpi egal ego nan dwa. Anpitou se pou gen jistis pou tout moun kèlkilanswa ras yo, koulè yo, relijyon yo ak ran yo nan lasosyete; konsa tout moun ap ka chèche chimen bonè yo, pou yo ka viv nan lajwa.

— Apre tandòt mouvman ki kontribye pou evolisyon tout moun sou tè a sou pwendvi sosyal, nan sa yo rele diyite moun, jouskaske peyi Lafrik diSid vin libere de Apated ki te yon kansè maleng pou lemond antye.

— Nou jwenn, nan moman grav n'ap viv la -a, yon pòtpawòl DyabLanfè, ajan malentespri George Wallace k'ap kontinye ansanm ak yon bann idyo-mechan parèy li mete dezinyon ak layèn sou tè a, k'ap jistifye segregasyon, menm jan yo te konn ap repete nan lane 1960 yo: Segregasyon Today, Segregasyon tomorrow, Segregasyon forever, We want White Power ! (trad) - Segregasyon Jodiya, Segregasyon Demen, Segregasyon Pou Tou Tan, Nou vle Pouvwa a Pou Blan !

— Anpi tout bann Nouvo-Facho -Nazi parèy ou yo t'ap pwomennen rakonte ke depi yon moun, po ou pa blan, ou pa Meriken tout bon. Sa k pi rèd la, sè ke, bagay mongonmen sa yo, barik asid sa-a ap fwite jous jounen jodiya fè dega nan peyi Etazini akòz de kèk (55%) senkant senk pousan Blan ki plen ak tenèb nan tèt yo, ki pa gen lanmou nan kè yo ditou. Sa fè lapenn, anpil lapenn pou peyi Etazini Lamerik Dinò, nou rele U.S.A. a...

— Kouman yon moun nòmal ta fè konsevwa ke nan tan modèn n'ap viv la; lè pou jistis ta blayi pou tout moun, pou yon kokobe mantal, yon abòdjò retade, yon fou firye ki sove nan azil kote ouvriye lasante t'ap chèche ba l swenyaj pou amelyore sò li, ap kouri vin pale tenten nan tribinal sakre Reparasyon sa-a.

— Daprè Wallace ajan dyab, moun nwa yo, li kontinye rele negro oubyen "nigger" (nèg sal) selon kapris li, jous jounen jodiya, ak tout moun bren, blan te kidnape nan Loseyan Endyen an, anvan yo te fòse yo sèvi kòm esklav, ak tout moun jòn, depi po ou pa blan, yo dwe rete alendèks, yo fèt pou rete aleka, yo pa dwe vin sou moun paske yo pa moun.

— Se pou blan ak tout pouvwa trete yo tankou bèt yo ye a; se pou pèp dekoulè yo rete esklav, rete enferyè, konsidere yo pi mal pase sitwayen (3è) twazyèm klas, jisteman pou tèt koulè yo ki pa bon.

— Anpi enbesil, estipid santi-van tankou kamyon fatra y'ap bay pou Wallace la kwè nan tout move miraj, tout move koze malajiste, maldi, malkonsevwa, mazenflen enkoni ekri nan avantaj li swivan rèv degrenn gòch li yo: pa egzanp lè eskrib (scribe) ki t’ap transkri pawòl enspire swadizan Bondye (ke yo pa't sipoze defòme), pa ke si pou sèten moun sou tè a Bondye pa egziste, se yon envansyon imajinasyon moun fou. Pou dòt moun ki reflechi fon, ki rezone byen: yo konsevwa, yo aksepte yon Espri Siperyè ki enfiniman bon, ki se Lanmou san Limit nan Tout Tan pou tout Kreyati li fè nan Linivè a depi Solèy, Lalin, Planèt yo, Zetwal, pyebwa, zannimo, pwason tout kalite ansanm ak tout moun ke l met vibrasyon l ak Lespri nan nanm yo, pou l te kreye yo selon pòtre l epi pou yo sanble Li, nan reflechi, nan panse, nan kwayans yo rive jous nan konesans yo, nan imajinasyon yo pou yo simen Lanmou epi pou yo viv ladann tout tan san manke mòso; anpitou pou yo aji byen ak tout kreyati; tout sa k nan anviwònman an, pyebwa, zannimo, moun kèlkeswa koulè yo paske kon di pawòl la: Tout panse: « M panse kidonk m egziste », menmsi nou pa sou menm longèdond, nan filozofi lavi a, nan sajès, nou pa gen menm kouran vibrasyon anpi nou pa sou menm dimansyon pi gran, pi fon, pi bèl...

— Kòm yon moun k'ap viv, k'ap respire, lè m te sou latè a, nan konpayi pyebwa yo, zannimo yo, m t'ap gade zetwal yo anlè tèt mwen, m te konnen m egziste lè m t'ap reflechi pou m aji byen, pou m te fè tout sa m kapab pou lemond antye leve kanpe, evolye espirityèlman dabò, konsa materyèlman tout moun va santi yo byen.

— M pap janm ka konprann kouman yon moun fè deklare kareman li siperyè yon lòt senpman poutèt koulè po l blanch, alòske sa k lan tèt li a reyèlman se matyè jòn, frekansite, ak awogans, paske li si-e-sèten pou mouvman sa-a se li k pi fò, li ka apiye sou zam li pou l koupe-rache, kraze zo ak sous alyans betiz lòt blan mannan parèy li ki analfabèt, bèt san metye, nan pwofesyon, avantirye ki vin piye lò moun ki pa menm koulè ak yo, redi pou yo chache ak posede. Blan sa yo se vòlè ak asasen ame jous nan dan.

— Mwen twò kontan ke nan lavi pase m, mwen te konbat blan atoufè sa yo, rèd-chèch, san mizerikòd. M pap janm regrèt sa, paske lè m janbe lòtbò rivyè a, se pa ti konpliman, se pa ti lwanj, se pa ti fèt yo te òganize pou resevwa m: tout kolonn zanj yo, tout kalite, tout gwoup, tout klasman, tout lespri Gid, tout Avatar, ak tout moun jis, bon jan sijè ki save yo te la ap akeyi m, fè m santi bon jan vibrasyon epitou te kouvri m ak limyè blanch dous syèl la...

— Gen nèg nwa, gen moun bren, moun wouj, moun jòn, ak tout zanj koulè sa yo tou, pa milyon (1.000.000) ki san mil fwa siperyè blan ki te meprize yo ak maltrete yo a, ki te kidnape yo, vann yo, revann yo tankou bèt y'ap gade anpi ki te imilye yo nan esklavaj ki se yon gwo krim kont limanite, moun ke Bondye fè nan pòtre l pou yo sanble l yo. Nou pap janm ka konprann sou ki ribrik, blan an deklare li pi save, li pi fò, li pi sesi, li pi sela, li pa kanmarad okenn moun lòt koulè senpman paske koulè l blan.

— Se pou lajistis fè kòmando Global renetwaye, refoubi tout zam, bayonèt okanon pou regle koze sa-a; anpi remonte, refile tout giyotin sou tout plas piblik pou anpil tèt blan loke tonbe woule paske krim trafik nèg nwa ak Endyen sa-a, krim Lesklavaj la, ak tout kolonizasyon ki kite eritaj apated-segragasyon ki divize limanite se pi gwo plè, pi move maleng nan linivè antye, krim kont diyite moun ke Bondye kreye egal-ego, libe libè; fòk jistis fèt....

Mezanmi anba Bravo ! Bravisimo ! sal seyans lan kraze anba rèl. Mete pou yo John Brown, bravo ak son tanbou sou chèz tribinal la yo. Prezidan Jiri a te gen anpil difikilte pou remete kalm nan sal Jijman an... Lè Mahatma Gandhi resi jwenn yon ti brek, yon ti silans, li frape mayèt li pou l mande Konsèy Akizasyon an, kontinye ekspoze l la.

— Lè sa-a vin gen yon silans total-kapital, ki rakonte plis pase pawòl ak diskou, kouman moman an te solanèl, lè Konsèy Defans lan deziye nomeman ansyen Prezidan Mati Meriken Abraham Lincoln pou pran Lapawòl.

— Lè Prezidan Lincoln leve pou l pale, bravo lodyans lan rete seyans lan yon fwa ankò. Bravo sa-a te dire plis ke (7) sèt minit ke Mahatma blije entewòp ak twa kout mayèt pou l mete lòd nan lakou l la, pou l mande silans.



Prezidan Lincoln: Mwen remèsye Konsèy Defans lan, dèske l chwazi m pou m entèvni nan Jijman Global la, nan moman ekstaz ak efori sa-a, pou m pote yon lòt dòz serenite, lisidite ak sajès nan agiman n yo. N'ap fè laverite blayi sou grandlimyè nan Tribinal la.

— Madan Wa sot pale la-a, li pretann ke l te rekòmande gwo zotobre, otorite defakto Panyòl yo, li te konn voye kòm chèf sou tè, Lamiral Colón te sezi sou non l yo, ak mari l pou yo te aji byen, tankou yon bon papa ak tout Endyen Lwès yo te jwenn sou tè sa yo; se pou yo te konsidere Endyen sa yo tankou sijè Panyòl, pou yo te defann yo kont tout zak malonèt; (bat-pran, akoz akresite, renmen tout pase pran tout, move zangi, avantirye Panyòl yo k te gen foli rich touswit) t'ap poze pou yo ka tounen lakay nan wayom Kastiy ak Aragon, pou y'al paweze, taye banda yo.

— Sa k pase vrèman, yo te rasanble Endyen yo pa gwoup de san (100) a san senkant (150) epi yo mete yon Panyòl mechan anchaj yo ak senk a sèt ( 5 a 7) sekretè san fwa ni lwa, k'ap kòmande yo san pitye, pou yo travay sou mòso tè yo te swadizan separe ba yo nan peyi yo a, pou yo plante ak gade bèt kochon, bèf, mouton, kana, poul, zwa - Panyòl yo te eksplwate pèp endijèn nan tèt kale, pran bèt yo, voye revann nan lòt zile pou lò oubyen pou lòt danre; sezi pi fò pati rekòlt yo, fè dap-piyanp sou tout sa endijèn yo te pwodwi de valab, lese pèp Endyen an nan lamizè - Se sa k fè anpil Endyen te sove al nan mòn, al rete nan kav ak nan gwòt, al mawon, oubyen sa k te gen ase kran te konn revòlte tanzantan, lakòz Panyòl te konn masakre yo pa milye. Sa yo te fè prizonye, yo te konn boule yo vivan sou gri yo te konn boukannen bèf pou yo manje, oubyen yo te konn pann yo, nan premye pyebwa k sou wout yo, oubyen yo fè gwo espekstak sou laplas piblik tankou lè yo te pann Larèn Anakawona. Ousinon yo pran plezi mare yo tankou Kawonabo, pou yo ekspedye yo nan peyi Lespay. Ousinon yo mare Endyen ak Endyèn pa pakèt ven (20) a trant (30) voye y'al vann kòm esklav nan peyi Lespay, kote otorite yo te fèmen je yo sou move trafik sa-a.

— Kanta monpè yo, madan Wa ap pale a, si se vre yo te montre kèk Endyen ak Endyèn Levanjil Kris la; majorite ladan yo te nan dezòd; genyen k te ap viv ak kat (4) - senk (5) fi lakay yo, ki t'ap simen pitit pou yo. Nou pa bezwen raple nou ke sa k te renmen ti gason te viv ak yo tou jan yo te vle lakay yo... Nan koloni yo, se te yon eta imoralite san presedan; anpi pou yon defansè ap pèmèt ou pale de Doktrin Siblim Kris la, asasen, vòlè, iresponsab sa yo t'ap vin mete sou Tierra Sanctae Crucis la - Ale non, bagay konsa pa janm egziste, monpè yo se te lou, gwo chen sovaj anraje ki te lage nan gadri Bondye a.

— Antwòt gen yon moun ki te nan pè nan Konsèy Defans Tribinal la, ki te fini karyè l kòm Monseyè. Sanble li viv anpil move zak anvayisè Panyòl l yo te poze, se ta yon bon jan mwayen, pou nou fè verite blayi nan Tribinal la, si ansyen Monseyè sa-a ta sèvi temwen kounyeya pou fè yon ti sèmon sou zak malonèt, san konsyans, chèche lò ak epis yo, k t'ap reve richès fasil yo, pou yo al viv alèz nan peyi Wayom Lespay, t'ap poze sou Endyen ki t'ap degaje yo byen pezib sou tè zansèt yo...

— Yon gwo bri « We Le Le » fèt nan sal la, mele ak bravo asistans lan... Prezidan Jiri a, yon fwa ankò, blije frape Mayèt byen fò twa (3) fwa pou fè silans, retabli lòd, pase patizan lajistis pou Endyen Inosan yo t'ap manifeste apwi yo twòp... Balans lajistis la te kòmanse derape yon bò.

— Prezidan Jiri a Mahatma Gandhi envite Monseyè Bartolomé de Las Casas pou li monte sou ban temwen yo, si l ta vle vin « rann temwanyaj alaverite tankou gran Mèt Seyè Jezi-Kris te montre verite l te vin tabli sou tè a. » San reflechi èks Monseyè Las Casas reponn: « Se pa yon pwoblèm » anpi li monte sou ban temwen yo.

— Pandan tan sa-a, Konsèy Akizasyon an gen tan refòme l, pou y'al jennen Monseyè Las Casas ki t'ap pale twòp bèl bagay, pou l vante lwanj move sijè Panyòl yo ki t'ap fè sa yo pito sou tè Endyen yo, trete moun peyi sa-a tankou bèt, yo te vòlò nan non kouwòn Lespay lan. Mèt Georges Jacques Danton yon ti jan soutni jile Prezidan Abolisyonis la Lincoln, li di l touba, Mèsi Lincoln, al fè yon ti chita, ban nou kòn lan. Lincoln koute l, l'al chita, li vire, li mache, lale enpe an retrè, lè fini Kasik Henri = Enrique vin jwenn Msye Danton ansanm ak Laplas Dutty Samba Boukman ak Msye Jacques Pierre Brissot - Sosyete Zanmi Nwa - Se gwoup Avoka Akizasyon sa yo ki ta pral fòse Bartolomé Las Casas fè limyè sou kesyon an.

— Avoka John Brown pran kòn lan san okenn Manm Jiri a pa't ba li l, li di Las Casas byen fò... Enben Mon Konpè dèske ou la rakonte nou tout move fòfe Panyòl parèy ou yo te konn fè sou zye ou nan non Kris la ak sou non Wa ak Rèn peyi Lespay la...

— Se mo di sa yo, ki fè Prezidan Jiri an ki pa't kite anyen pase, frape mayèt li pou l entewonp konbatan Lalibète sa-a John Brown pou l mande l mete dlo nan diven l, paske li pa dwe adrese l dirèkteman, nan tèm veksatwa sa yo a youn nan Avoka Defans nan yo eke lapwochèn fwa, l'ap pran sanksyon kont li - Anpi Top Moun sa a, Mahatma Gandhi mande Las Casas pou l bliye entèvansyon Avoka John Brown epi pou l pale ak kalm epi trankilite de tout Laverite li konnen sou sa k t'ap pase nan tan sa-a... Lè ou fin deklare non ou prenon ou ak pwofesyon ou.

— Las Casas rann temwanyaj alaverite konsa:

— Non pa m se: Las Casas. Prenon m se: Bartolomé.

— Mwen te resevwa Lòd pou m te Pè Katolik 15 Dawout 1510. Mwen te nonmen Evèk Chiapa nan peyi Meksik nan lane 1566.

— M'ap rakonte Manb Jiri Global la sa m te wè, sa bon jan sous te rapòte m; epi sitou sa m te viv ak sa m te tande, nan tan konkèt Panyòl yo t'ap mennen sou Kontinan Lamerik la.

— Lè m te fèk rive sou zile Hispanyola, jou ki te 23 novanm 1493, gouvènè Cristobal Colón ak tout frè l Bartolomé Colón te fè m konnen te gen yon (1) milyon uisan (800) mil Endyen nan peyi sa a, eke yo te twouve chif sa-a twòp si yo te antreprann pou yo fonde yon koloni. Se te pou gwo nonb Endyen sa yo te yon ti jan desann wè pa wè, konsa yo ta ka fè koloni an fleri epi rapòte wayom Lespay la... Francisco Roldan ki te zanmi lèfrè Colón depi peyi Lespay te jwenn yon pozisyon kòm Jij nan Koloni Hispanyola a te gen menm lide sa-a lèfrè Colon te pale m nan. Kidonk pou lakonkèt zile a, fòk nonb Endyen yo, sitou sa k te konprann yo, epi ki te rebèl yo, te diminye... Premye fò ki te bati sou zile a ak bwa karavèl Santa Maria ki te fè nofraj lavèy Nwèl 1492 (se te move presaj), Endijèn yo te detwi l, lè ti ploton Panyòl li te kite yo t'al fè malvèsasyon sou Endyen yo ak tout Endyèn yo, pou yo pran lò moun yo, ak fanm Endyèn pou yo jwi lavi yo. Panyòl yo t'al rantre jous nan Magwana, al fè rechèch pou bezwen yo, men yo te jwenn ak yon chèf ki pa't nan tolerans ak yo, se te Kasik Kawonabo, ki rantre vin koresponn ak yo na Maryen an, li goumen ak yo, li wè fen yo; anpi li boule ti fò La Navidad la, ke yo rele an franse La Nativité...

— Lè Colón tounen, premye pwendrepè li chache jwenn, se ti fò sa-a, li te kite (30) trant sòlda Panyòl ak konsiy pou yo te saj jous lè l te tounen... Nan chache dezyèm (2è) Ekspedisyon, nan dezyèm (2è) vwayaj Colón wè rad sòlda yo ak tout eskèlèt yo nan lanmè a, anpi yo jwenn rès bwa ti fò a k te boule a.... Pa reflèks, Colón bay bato yo lòd swiv li alès bò Monte -Christi (kounyeya); anpi se la nan anbouchi rivyè a, li poze premye pyè pou fè premye vil nan Nouvo Mond lan, Colón bay vil la non dam ki te fè l anpil byen an Rèn Isabela de Castilla.

— Vil Isabela sou (21) venteyen jou, mil senk san (1500) ekspedisyonè t'ap travay ladann, te gen tan pran fòm, (100) san kay klise ak bwa (4) ou (5) kat ou senk pyès te gen tan kanpe ak tèt kay kouvri ak chom., fèy kokoye, fèy palmis, kole ak klou men byen mare ak fèy latanye anpi fòs dezans, latrin (25 a 30) vennsenk a trant pye, yon ti galri anplis nan chak kay, yon plas piblik ak (2) de legliz, paske Panyòl te vin ak senk (5) monpè pou adousi mès sèten Panyòl, fè yo sonje Bondye anpitou pou preche endijèn yo doktrin Kris la ki te ofri tèt li an sakrifis, mouri pou tout moun. Pou kay yo te fini ak tout legliz, yo te fè Endyen yo ap rasanble wòch, tout jounen jouska labrim diswa, anpi menm (50 a 60) senkant a swasant Panyòl t'ap bati (5) senk fou lacho pou nou pwodwi lacho pou fè mòtye pou mi ak pave anpi tou pou pentire....

— Nan mitan tout bèl kòmansman bagay sa yo ki t'ap fèt pou Panyòl byen mennen nan Nouvo Mond lan, Tierra Sanctae Crucis, Tè Sent Kwa a; gen kèk Panyòl ki fè zanmi ak fanm Endyèn yo, anpil ki vin byen ak frè yo, ak sè yo. Genyen ki pli antreprenè, ki gen tan ap bay lave rad yo, manje, dòmi, menm dòmi nan nouvo kay yo ki fèk fèt yo, men ki poko fini an, epoutan ki pwoteje moun kont solèy ak lapli, van tanpèt, yo chache pale kominike ak Endyen yo; yo montre yo panyòl, endyen yo montre yo karayib ak Arawak, men yo kominike. Konsa Panyòl sa yo sèvi kòm polis avangad epi yo vin konnen fen ebyen ke se Kasik Kawonabo ki te pete fyèl Panyòl volè lò, asasen, kadedyakè Amiral Colón te kite nan koloni an, epi yo aprann tou ke Kawonabo ak tout madanm li Kasik Anakawona, sè Bohekyo patap janm gen bèl lè ak yo nan kote ki te gen plis lò nan zile Hispanyola a, nan min Sibawo (Cibao) a.

— Nan (21) venteyen jou sa yo, Panyòl yo gen tan fè plas piblik, yo fè kay Entandan an (15) kenz pyès kay plis (1) yon galri toutotou plis gran lakou devan ak dèyè, yo prèske fini kay Gouvènè a nan Izabela yon gwo kay (27) vennsèt pyès plis (4) kat depandans; youn (1) pou domestisite a gason ak bòn; youn (1) pou kwizin ak douch; youn (1) pou depo ak gadyen; yon lòt pi gwo pou ganizon k'ap veye gouvènè a ki te ke Amiral Colón. Kòm chèf, lè l tande gen tout lòt sa a nan Sibawo, lonbrik li bat, je l fè dife, bouch li fè dlo; menm lè sa-a li deside pou y'al ranmase lò... Plan gen tan fèt. Colón reyini (500) senk san gason laplipa ladan yo te jenn, yo te rele yo hidalgo (jantiyòm) moun nòb, pitit nòb nan peyi Lespay ak (50) senkant cheval (50) senkant chen bouldòg lèd, fewòs, visye, mechan kou mèt yo, (300) twasan Panyòl ak fizi, bouklye, epe nan ren yo, (60) swasant kavalye, gen (10) dis ki te sou kwoup, (50) senkant atiyè pou (12) douz kannon, ke Endyen alye yo tap ede yo pouse.

— Lè Colón rive nan mòn Sibawo; yo kouri vit bati yon fò ki te gen trant kay ladann. Colón ki te yon ti malis, te voye dezoutwa (2 zou 3) Endyen al rekonèt kote a pou l te ka konnen si gen lò la; lè l si-e-sèten gen lò pase Endyen yo te pote mòso ba li, li bay fò a non Sen Toma pou l fawouche sòlda l yo ki pa't vle kwè te gen lò nan rejyon sa-a.

— Lè Kawonabo tande nouvèl, Panyòl tabli yo sou mòn Sibawo, tout plim sou do l kanpe, li nève, li tanpete, li fè sèman, li pral detwi vil Izabela Panyòl yo ap bati a; anpi lale ak (500) senk san Endyen pou l 'al menase boule vil sa-a. Nou pa konn sa k pran l, li tounen san l pa goumen.

— Men sonje, plen Panyòl ki te vini nan zile Hispanyola, ki pa't janm nan lame, ki pa't konnen zafè lagè, se pa ti pè yo te pè menas Gwochèf Endyen Kawonabo t'ap fè sou yo. Yo pale fò, yo plenyen pou fè Colón konn sa; Colón te pito rezoud pwoblèm pa lafòs ak riz. Li konfye wòl sa-a bay yon chèf Panyòl ki te odasye, rize Alonso de Ojeda ak (13) trèz sòlda kavalye pote kado bay Kawonabo ak chèf Endyen yo, ki pran pòz lap montre Kasik la monte chwal, ki rive minote l epi l tounen ak li sou chwal li... Colón t'ap transfere Kawonabo nan peyi Lespay, men li mouri nan lanmè disparèt ak bato a ki te koule ak anpil lò, danre ak epis...

— Menm lè a Gwaryonèks, Manikatèks frè Kawonabo ki te bòy, Mayobonèks asistans Kasik Igwe fòme kowalisyon yo, yo reyini (100.000) san mil Endyen pou yo mache pran Panyòl yo. Men nan plenn Santyagoa, Nan plenn Vega Reyal, yo tonbe sou zo grann yo: (50) senkant chen bouldòg anranje Panyòl t'ap eksite ak vwa yo, bondi sou Endyen yo nen tout direksyon, mòde yo nenpòt kote, devore yo, fè bri, jape. Endyen panike kouri nan tout sans, yo te yon ti jan nève chwal yo ki lanse depye dèye kole yo, anfen anpil Endyen, san konte Endyen k tonbe, chwal pile kraze. Anplas sòlda ap tire avolonte, jan yo pito pou yo touye plis Endyen yo kapab; anpi tou, toule (10) dis kannon yo tonbe tire ansanm; bri sa yo te pi rèd pase loray ak zèklè. Endyen kaponnen, yo pran kriz, yo rele, yo kouche vant ba, yo met ajenou, yo mande padon gras dèske yo frekan, yo pèmèt yo atake tout Bondye sa yo ki gen loray kòm zam. Anpi, tout Endyen ki pa't janm wè chwal konprann ke kavalye blan Panyòl la ak chwal la te fè yon sèl mons k'ap vin fè yo mal. Endyen k te gen fòs pou yo kouri, sove, mande « pye sa m manje m pa ba ou », lòt yo Panyòl yo masakre yo ak gou pa milye - Panyòl yo pa pèdi yon sèl moun. Se te yon viktwa total kont Endyen ki te ame lejèman ak flèch, wòch, lans ke boukliye Panyòl yo te pare pandan ke yo t'ap koupe tèt ak pike Endyen amò ak epe yo. Sòlda Panyòl yo te fè pari pou yo wè kilès nan yo k'ap koupe plis Endyen an (2) de ak yon (1) sèl kout epe.

— Apre batay, Colón ak tout Panyòl li yo mare (3.000) twa mil Endyen ki te kouche atè a, sèten ladan yo ap fè tout sou yo, ap sal kò yo tèlman yo te pè. Genyen yo mare pa (5) senk an kwoup chwal yo, dòt yo mete nan mitan nan pou yo mache. Colón voye (300) twasan kòm esklav nan peyi Lespay, li repati (1000) bay Panyòl Lame l yo anpi li voye rès lan, nan travo fòse eksklavaj nan min lò Sibawo yo - Se te premye vrè lagè konkèt nan koloni an...

— Las Casas fè yon ti poz... Georges Jacques Danton pwofite pou l mande Prezidan Jiri Global pou l fè yon ti mosyon... pou Jiri a poze temwen Las Casas (2-3) dezoutwa ti kesyon - Prezidan Jiri an tris prèske ak dlo nan zye l reponn nòmalman, anpi l mande temwen Las Casas pou l rete aladispozisyon Konsèy Akizasyon an.

Menm lè a Danton pran kòn lan epi l mande temwen an:

— Monseyè Las Casas, ou fèk sot deklare se premye vrè lagè konkèt nan koloni an. Men, nou tout ki la a, nou si ou t'ap pale ak kè ou san brenn ou pa tap travay anmenm tan, paske depi premye vwayaj Colón an, sijè Panyòl yo te vin pou kont, yo annik plante yon kwa, anpi grefye vèbalize, li pran tè yo nan non Wa ak Larèn peyi Lespay, san fè mansyon ke te gen moun ki te mèt tè a, sa se yon deposesyon debòde. Kidonk moun sa yo pa't konte, sa ki t'ap viv sou tè a, ki te nonmen l, ki te ba l non tankou sa fèt toupatou, ki t'ap viv manje, pale, respire tankou tout moun lemond antye?

Las Casas reponn: Sa-a se te ve Pèpap kretyen yo ak souvren Lespay ak dwa Bondye ki pa't pran an kont abitan k te sou tè Amiral Colón te dekouvri yo. Ki te sèlman vini sijè wayòm Lespay.

— Danton mande Jiri Global la pou pran nòt de ensousyans sijè Panyòl ki te yon band ak yon pakèt fanatik relijye ak patryòt avèg ki pa't wont komèt krim ak vòlò nan non peyi Lespay.

— Apre sa John Brown retounen sou tapi a pou l kontinye koze a lè l mande temwen Las Casas, sa yo te fè ak (300) twa san Endyen, moun wouj, Colón te mare kou krab voye kòm esklav nan peyi Lespay?

Las Casas reponn: Osito l wè yo, Larèn Izabela te fache, li te vin tou wouj ak kòlè, anpil l fè mete Endyen yo an libète, li fè ba yo yo kote pou yo rete ak tè pou yo plante al poul, kodend, zwa, kochon pou yo elve pou yo te ka degaje yo. Anpi Larèn te deklare solanèlman ke li antann ke Endyen yo rete lib anpi pou yo chwazi relijyon kretyen yo paske yo kwè nan pawòl Kris la, non paske yo pè oubyen pase yo fòse yo....

— Las Casas pot ko menm fin reponn ke Dutty Sanba Boukman monte alaso kont sijè Panyòl la, gwo bwa nan relijyon kretyen an ki t'ap rann temwanyaj alaverite nan Hispanyola.
Dutty Sanba Boukman ale poliman sou Las Casas.


[/img]http://acij-ioj.org.jm/v1/wp-content/uploads/2013/02/Dutty_Boukman.jpg[img]
Dutty Sanba Boukman

D.S.B. — Ak tout respè ke m dwe ou, Monseyè Las Casas, rakonte n otan ke w sonje konbyen fwa Panyòl yo fè chen grangou devore moun ki te toujou ap viv sou zile Ispanyola. Eske yo te regrèt jès sa-a ki pwovoke krim gratis sa yo, ryen k pou yo te griyen dan yo. Anpi ki jan konkèt bat moun pou pran tè yo te fini nan Sen Domeng; konbyen Endyen k te rete sou (1) yon milyon (Cool uisan mil ki te genyen lè ou te debake nan peyi a. Lè fini, presize pou nou ki lòt tray, lòt touman, lòt mizèrere Endyen yo pase anba men move sijè Panyòl sa yo. Mèsi davans pou kalite verite ou pral sètènman lage atè devan Jiri Global la.

— Las Casas reponn fò, li grate gòj anpi l repati konsa:

— Koze eskandal piblik fè chen manje moun nan, se te yon fè deplorab reyèl ki pase anpil fwa swivan imè ak kòlè san kontwòl kolon Panyòl ak sèten sòlda. Gen yon fè ki enpadonab, se lè yon kolon Panyòl Pedro Garrida te ale lachas ak (2) de tigid (14-15) katòz, kenzan, anpi rive yon kote chen l lan ap fè owouwou plenyen chen tankou l grangou, Msiye rale manchèt byen file l la li koupe yon bra youn nan ti Endyen yo bay chen l lan manje. Yon lòt fwa se de (2) sòlda Panyòl fè senk (5) chen devore yon madanm ak tout mari l ansanm ak kouzin madanm lan paske yo te nan diskisyon pou yon mòso tè ke fanmi Endyèn lan pa't vle evakye

— Fò m di nou ke yo rapòte anpil lòt ka mati, tray nan min lò yo, kote k te toujou gen batay nan separe lò oubyen Kolon Panyòl yo. Youn konn denonse lòt pou chèf vin prann, wete l nan men moun Endyen yo te pote l bay yo. Konsa, moun odasye ki vin pran lan, foure pi fò nan pòch li epi li bay gwo chèf la anpe pou li, rès la, yo voye l pou wayom Lespay la. Se konsa entelijan sa yo te jere lavi nan Koloni an. Men, tankou li ap toujou ye toutan, tout move zak ak abi ou fè sou yon moun oubyen sou yon gwoup moun mennen reyaksyon moun ki sibi abi yo. Konsa te konn gen revòlt ke Panyòl te toujou kraze nan san; anpi yo menm Panyòl ki pa't gen twòp elevasyon lespri, ki pa't twò save, ki pa't resevwa twò gwo edikasyon, ki te a (85%) katreven senk pousan analfabèt te toujou konprann ke y'ap resevwa benediksyon Pè Letènèl lè y'ap sakrifye yon pèp sovaj desivilize k'ap adore idòl....

— Avoka nan Konsèy Defans John Brown leve men l, Prezidan Jiri a pèmèt li entèvni epi l made:

John Brown: Men Monseyè, pandan ou sou kous verite a, eksplike Jiri a ki jan konkèt zile a te fèt; kouman l fini, konbyen moun ki te rete nan zile Ispanyola a. Eske ou konnen listwa Meksik, Pewou ak lòt zile yo tankou (Juana) Wana ki vin rele Kiba kounyeya? Ki lòt traka, tray ak touman Panyòl yo te konn fè Endyen yo pase jous malere yo ki te mèt tè yo, te sèt oblije bwaze, pran mòn pou yo, oubyen mouri sou plas?

Las Casas: Ebyen toupatou se te tan konkèt, Panyòl yo ak alye yo nan Lewòp t'ap mache « Koupe-Rache », yo siprime anpil Endyèn ki t'ap pratike lidolatri anpi ki t'ap sakrifye moun, manje moun tou nan peyi Meksik, nan Pewou tou. Kote sa yo te jwenn anpil lò ak lajan. Panyòl yo te detwi tout liv ak tout objè da (d'Art), penti, eskilti ki te ka raple kilt idolatri sa yo, epi yo efase anpil moun ki te revòlte kont sa. Tout sa te pwovoke rivalite ak gwo diferan nan pami blan Panyòl yo ki te vle chèf tou, anpi k te twouve Amiral Colón pa't dwe nan plas li ye paske li pa't fèt nan peyi Lespay, se moun vini li te ye. Yo pete kòtòf Amiral-gouvènè Colón ak kout lang vrè ou fo, men li te pèdi djòb li nan anpil imilyasyon. Li pa't gen dwa met pye l Ispanyola.

— Kiba menm, Colón te batize Juana, nan non Prensès Lespay lan yo rele Lenfant lan (Infante), se yon Panyòl vif yo te rele Diego de Velasquez ke yo te voye soumèt li a Wayom Lespay ak (4) kat bato, chaje ak Panyòl gason vanyan. Kiba te aksepte pou yo te sou zòd yon Ayisyen, ansyen sou-Kasik, anba Gwakanagarik ki te sove al Kiba lè l te wè Panyòl yo vin pou kont epi Kasik la pa't vle reyaji kont yo.

— Lè Hatuey apèsi (4) kat bato yo ap pwoche kot Kiba, li reyini tout Endyen k te brav yo, fanm kou gason, jenn kou vye epi l di yo, pou yo rasanble tout zam yo ka jwenn, pou yo goumen jous sa kaba... Anpi Hatuey sanble l te yon boutyòs (pè nan relijyon Endyen yo), li gen tan jete nan lanmè kòm sakrifis bay Espri Blan yo, yon gode annò, pou Espri Blan yo ka pran ka Endyen yo tou, di yon mo an favè yo, nan batay a yo ta pral livre a. Anpitou, « chat konnen, rat konnen », Hatuey fè Endyen sere tout bagay ak tout lò, yo te posede, pou sizoka pa ka, okenn Panyòl pa jwi byen yo.

— Men, podiab Endijèn yo, Panyòl yo debake, yo bat yo ak bouldòg, chwal, fizi, kannon, epe long, yo masakre yon pakèt anpi yo fè Hatuey prizonye. Panyòl kondane Hatuey pou l mouri boule vivan, (pè lebren) tankou Panyòl yo te abitye fè nan tan Enkizisyon an - Boule moun vivan.

— 8 Desanm 1508, Yo mare Hatuey ki te kosto nan (2) de poto epi yo reyini yon pakèt bwa ak pay pou boule misye anba poto yo = Hatuey pral mouri, gen yon pè fransisken ki al pwomèt misye jwisans paradi si sèlman li te kite l batize l - Hatuey mande pè a, èske ap gen Panyòl nan Paradi sa-a w'ap pale m de li a?

— Pè a reponn Hatuey; « Wi, men senpman sa k bon yo. »

Hatuey reponn: « Sa ou kwè k pi bon Panyòl la se yon voryen, m pa vle ale okenn kote m'ap rankontre yon sèl - Hatuey refize yo batize l anpi l mouri nan mitan flanm dife a, san l pa janm rele.
(N.B. - Gen yon byè ki pote non Hatuey jous kounyeya Kiba - Hatuey La Gran Cerveza de Cuba)

— Kanta Ispanyola, konkèt la fini depi Ovando te al pran Kasik Anakawona pa riz, anpi yo te egzekite rèn sa-a Santo Domengo, motif: paske Anakawona t'ap konspire kont Wa ak Rèn Lespay. Anpi tou apre Eskivèl (Esquibel) ke Kotibanama te bat yon premye fwa, t'al dèyè Kasik sa-a ankò anpi l te fè Kasik la prizonye. Eskivèl te mare Kotibanama, voye l Santo Domengo kote Kasik Endyen an, dènye a te jwenn lanmò l pa egzekisyon, yo te pann li sou plas piblik la.

— Nan lane 1498, tout zile a te nan men Panyòl, konkèt la te fèt anpi Panyòl yo t'ap livre yo a gwo egzaksyon. Nan lane 1507, te rete sèlman (60.000) swasant mil Endyen nan Ispanyola...

— Sou pawòl sa-a Boukman kanpe, li leve men l pou yon mosyon sou temwen an.

— Prezidan Jiri a otorize l poze kesyon an.

Boukman: Monseyè Las Casas, ak tout respè m dwe ou ankò, m te renmen ou fè pou Jiri a, yon ti kalkil sou zak ki poze la yo. Kidonk depi lane 1492 pou rive nan lane 1507, ou sètifye te gen yon (1) milyon (800) uisan mil moun endijèn sou tè a, li vin redwi a (60.000) swasant mil; fòfe sa-a gen yon non ki chape nan tèt mwen; ki lòt move tretman ki fè Blan Panyòl move sijè yo ekstèmine Endyen konsa?
— Temwen Las Casas: M' oblije di tout laverite paske m pase devan jijman konsyans mwen. M pa't janm fè mal dirèkteman a yon mouch; non sèlman èske m te fè ase pou m rete malfektè Panyòl yo nan move zak yo, direktè Konsyans ke m te ye? Petèt ke non.

— Lè Panyòl yo te konn anvayi ti bouk Endyen yo, ak raj, nan kokenn chenn vyolans yo te konn sakrifye timoun, granmoun, menm fanm ansent yo pa't epanye pèsonn, menm fanm ki te ti nouris, ki te fèk akouche. Panyòl yo te konn louvri vant medam yo yo ak kout lans, ak kout epe. Yo te ansasinen pèp dou sa-a, tankou mouton y'ap mennen labatwa. Yo te konn koupe yon mal Endyen ande, anpi y'ap wè sa kap retire trip li ak fwa l pi vit, yo te konn fè pari sou sa. Yo te konn rache timoun nan, nan bra manman yo, kenbe timoun nan, nan yon janb li epi yo frape tèt li sou yon wòch atè oubyen y'ale ak (2) de timoun yo rive bò rivyè a, yo plonje tèt ti bebe yo nan dlo a pou yo nwaye, apre sa yo lage timoun yo pou kouran dlo a bwote yo; epi ak yon ton satisfaksyon, yo di: « M sot rafrechi timoun yo ! »

— Gen de lòt lè, pou ti fot leje yo te repwoche Endyen yo, Panyòl yo te konn pran gwo gri yo boukannen bèf ak kochon yo, anpi yo boule vivan pa (5) senk, chèf bouk Endyen yo epi si te gen plas toujou yo mete kèk lòt Endyen kwit. Lè malere yo ap rele, sòlda bouwo yo foure baton nan bouch yo, pou fè yo pe.

— Se sa ki fè ke nan (15) kenzan depi 1492 pou rive 1507, pèp Endyen an vin diminye konsa yo pèdi (1.740.000) yon milyon sèt san karant mil moun. Men fò m di ou ke Panyòl yo te pote maladi tou, ke yo transmèt ba Endyen yo graje vèrèt, lafyèv tofoyid, lapès tou ak anpil maladi veneryèn. Non masak sa-a se jenosid, yon krim kont limanite.

— Devan krim sa yo Monpè Dominiken yo, Montesino sitou ki te mande chatiman Letènèl piblik kont kolon koupab sa yo. Men m konnen, Monpè Fransisken yo te pran pati pou kolon k t'ap fè mal yo, kolon yo ak tout mwàn ak monpè sa yo make fè touye m paske m t'ap chèche met ola, estope tout vye mannèv sa yo. M te blije pati-kouri, m' ale nan peyi Lespay pou m t'al plede koz Endyen yo devan Wa Charles Quint (Chal Ken), anpi konsa nou regle koze Endyen yo.

— Se Kadinal Kzimenez de Cineros (Ximenez) ki t'ap ban m jarèt. Kadinal la te Enkizitè Jeneral nan Wayom Lespay, li te konn fè e defè, fè sa l pito tou. Wa Lespay ban m tit Pwotektè Inivèsèl Endyen. Lè m retounen Ispanyola, m fè lage tout Endyen ki te ap sèvi kòm esklav, anpi nou kontinye denonse tout move zak k'ap fèt nan koloni an.

— Nan Konsèy Defans lan Boukman leve kanpe san l pa mande otorizasyon epi li koupe lapawòl Las Casas konsa:

— Wè, Monseyè, ou defann Endyen yo, jan ou di a, men sa ou te fè pou moun nwa ki te sot sou tè Lafrik la?

— Temwen Las Casas vin tou wouj tankou yon tomat mi, li tranble, li swe, li sere lèv li, li pran yon ti moman epik l gade bò Jiri Global la pou wè si prezidan Gandhi pa ta raple Boukman alòd pou enteripsyon san l pa't gen dwa a lapawòl... Prezidan Jiri, on jan ede l, lè l di Las Casas, reponn kesyon Avoka Konsèy Defans lan poze ou la non.

Las Casas: Sa se yon pwoblèm ki kòse. Tou dabò, se pou nou anvizaje ke esklavaj te nan mès tan sa yo sòti lantikite vin nan (15è) kenzyèm (16è) sèzyèm (17è) disetyèm ak yon pati (18è) dizwityèm syèk yo. Men se Arab mizilman yo ki te mennen nwa nan peyi Lespay ak Pòtigal lè yo te fè konkèt penensil iberik la (Iberian Peninsula), eke yo te mentni dominasyon yo pandan (7) sèt syèk sou peyi Lespay ak Pòtigal. Lè m te pale ak Wa Charles Quint (Chal Ken) de ekstèminasyon Endyen an; nou te vin rezoud ke se moun nwa yo ki sot sou tè Lafrik, ki pi vanyyan, pi byen pòtan pou travay anba solèy cho twopik yo, epi k'ap reziste tout jounen, nan gwo travay nan plenn ak nan chan, anpi sitou nan min lò yo. Se sa k fè premye nwa k vini travay latè ak pike pou chèche lò te sòti dwat nan Wayom Lespay. Kòm nou te genyen ke (50.000) senkant mil nwa, nou voye sèlman (5.000) senmil. Anpi lòt avantirye vin gen lide fè bato pou al chèche nèg sou kot Ginen ak Afrik pou fè trafik bwote vin vann nan tout nouvo Kontinan Tierra Sanctae Crusis "Tè Lasent Kwa", ke nou konnen jounen jodiya sou non Lamerik, ak nan sèten peyi Lewòp la tou...

— Boukman deside entewonp Las Casas ankò tèlman li eksite.

— Boukman: Ekskize m wi Monseyè, ou kab di konben k mouri pandan y'ap mennen yo a... Kouman vwayaj la te ye?

— Fwa sa-a, san l pa ezite Las Casas reponn: Pa gen estatistik presi sou konben moun ki te oblije fè vwayaj fòse sa-a, genyen ki di an tou (15) kenz milyon an kontan mò yo pandan travèse a, genyen k di (10) di milyon toujou lè yo mete mò yo ladann. Men, nan tout kagezon, lè chans (2/3) detyè rive (1/3) yontyè mouri; lè devenn (1/2) mwatye rive, mwatye (1/2) . Se esklavaj moun sa yo, ki te motè ekonomi nan koloni yo ak nan Lewòp kòm repèkisyon. Tout lò a t'al nan peyi Lespay ak Pòtigal — Depi 1535, izin sik nan Ispanyola sèlman te pwodwi 890 kès (200) desan liv chak plen sik pou voye nan wayom Lespay, Nicolas Ovando te fè eksplwate min lò afon, sa te rapòte peyi Lespay (2.400.000) demilyon kat san mil liv tounwa (tournois). Wa Fèdinan te bat bravo lakontantman pou yon Gouvènè ki te te voye lò ba li ki te pèmèt li fè (500.000) senk san mil eki lò, antretni lame l ki te gen anpil twoup ak fè bato pou soutni yon gwo marin pou pwoteje epi agrandi wayom Lespay la ki vin tounen yon anpi (Empire) kote solèy Bondye a pa janm kouche. Lò sa-a te bay Lespay dwa enpoze volonte l toupatou. Kontwole tout lanmè menm si l te konn gen derapaj ak Angle ak Franse pafwa. Ak tout richès, k'ap sòti nan tout koloni l yo sitou nan peyi Meksik ak Pewou, lè blan Panyòl te poze men sou fòtin Enka yo, Wa Fèdinan te kreye sa yo te rele « Invicible Armada » = Lame k Toujou pote Laviktwa, epi l te asire tout konkèt Nouvo Mond lan...

— John Brown entewonp Las Casas pou l envite Jiri Global la pran n•òt sou tout mizèrere Endyen yo pase, kòman Nèg Nwa ateri nan koloni Amerik yo ak sou Kontinan Lewòp la, anpi kouman blan sa yo te konn fè lajan san konsyans, an kimele yo, san okenn kesyon nan nanm yo, si nanm nan te rete nan kò yo ankò....

— Piblik la bat bravo, gen moun ki kriye nan sal la.

— Prezidan Jiri Global la, frape mayèt li pou li menase yo, di yo ke fè silans oubyen l'ap fè sal la evakye... Anpi li di n'ap fè yon poze pou kèk minit.

— Se la a n'ap rete dizyèm (10è) leson an, n'ap tounen ak seyans lan yon lòt jou... Pa enkyete n, nou gen ti tan pou n ekri fèy papye listwa nan jou sa yo.

_________________
Richie est un grand musicien qui ne peut pas être compris du commun des mortels, car les notes qu'il émet sont trop élevées pour les oreilles du vulgaire.
 
View user's profile Send private message Send e-mail
T-Kout



Joined: 22 Sep 2010
Posts: 64
Location: QUEENS - NY

 PostPosted: Sat Oct 05, 2013 3:59 pm    Post subject: Reply with quote Back to top

Bon Neg Timid, mwen fek fini leson 10 hier swa . De Premyé leson juksa dizyem leson, fo yon moun pran tout leson sa yo epri fe yon film, oubyen yon "Tv Sereis" avel, Franchman. Leson yo telman telman bon , Comliman anko .

mwen vreman paka tan pou res leson yo.


Mesi mil fwa.
_________________
Fo'w Kou-T T-Kout pandan lap jwe kout guita
 
View user's profile Send private message
jeanVALjean



Joined: 07 Aug 2006
Posts: 9356
Location: Florida

 PostPosted: Thu Oct 10, 2013 6:28 pm    Post subject: Reply with quote Back to top

Good stuff NegT; very creative. I gotta go back and read some of the previous lessons, then tie it all with this one. That's a lot of reading and writing brother lol.

btw, mpap pran okenn kredi sou ou. mjis te bay yon ti sijesyon. What you've done is above and beyond anything I could have ever expected. Thx again!
_________________
Music washes away from the soul the dust of everyday life.
~Berthold Auerbach
 
View user's profile Send private message
T-Kout



Joined: 22 Sep 2010
Posts: 64
Location: QUEENS - NY

 PostPosted: Tue Feb 25, 2014 4:33 pm    Post subject: Reply with quote Back to top

Neg Timid, Bon Anne 2014 ! Mwen konen byen ke se epok Kanaval. Tout moun branche sou li , mwen swete ke apre twazyem jou gra kap vini 4 Mas, ke wap kontinye Istwa Dayiti map tan pati 11.


P.S. mwen vle di ke m'kwe ke ou telman ensprire'm anpil, ke mwen komanse ekri sou Ayiti, tout bagay ki fem tris, bagay ke'm pa kopran, rev mwen pou Ayiti, map priye bondye poum ouvri yon konpayi an ayiti, ou byen isit , ekri yon liv sou Ayiti, men most importantly , paret tankou yon model pou timoun an Ayiti, pase kek zon an Ayiti e bay elev caye nouvo, pou yo ka ekri tout sak nan tet yo, sak fe yo tris, sa yo pa kopran mem jan avem.
_________________
Fo'w Kou-T T-Kout pandan lap jwe kout guita
 
View user's profile Send private message
T-Kout



Joined: 22 Sep 2010
Posts: 64
Location: QUEENS - NY

 PostPosted: Thu May 08, 2014 4:20 pm    Post subject: Reply with quote Back to top

Prof. Neg Timid, kot'é'w yé la ?

Istwa Dayiti Pati 11 , map tan li.


mwen kopran ou bizi ak travay.
_________________
Fo'w Kou-T T-Kout pandan lap jwe kout guita
 
View user's profile Send private message
Neg Timid



Joined: 06 Apr 2006
Posts: 3258
Location: Brooklyn, NY/Gonaives-Artibonite

 PostPosted: Mon May 26, 2014 11:54 pm    Post subject: Reply with quote Back to top

Ti Kout,

Mwen la gason m. Se tan k'ap kraze m konsa. Menm lè ou wè mwen pase sou board la, se nan prese. Ti atik sou mizik ou wè m'ap ekri yo pa anyen devan travay ki mande pou prepare kou sa yo... Pye m mare avèk kou sa-a paske mwen vin pa gen ase tan pou ekri l... E mwen pa vle bay leson bouyi vide. Se yon travay ki mande anpil konsantrasyon.

NT

_________________
Richie est un grand musicien qui ne peut pas être compris du commun des mortels, car les notes qu'il émet sont trop élevées pour les oreilles du vulgaire.
 
View user's profile Send private message Send e-mail
T-Kout



Joined: 22 Sep 2010
Posts: 64
Location: QUEENS - NY

 PostPosted: Tue May 27, 2014 10:51 am    Post subject: Reply with quote Back to top

Neg Timid wrote:
Ti Kout,

Mwen la gason m. Se tan k'ap kraze m konsa. Menm lè ou wè mwen pase sou board la, se nan prese. Ti atik sou mizik ou wè m'ap ekri yo pa anyen devan travay ki mande pou prepare kou sa yo... Pye m mare avèk kou sa-a paske mwen vin pa gen ase tan pou ekri l... E mwen pa vle bay leson bouyi vide. Se yon travay ki mande anpil konsantrasyon.

NT


Mesi anpil fré'm , pou repons la . Enbin , m'pa gin chwa non, m'oblijé tann

tan juskas ke'm tounen pwatan Laughing
_________________
Fo'w Kou-T T-Kout pandan lap jwe kout guita
 
View user's profile Send private message
Display posts from previous:   
This forum is locked: you cannot post, reply to, or edit topics.   This topic is locked: you cannot edit posts or make replies.    KOMPA! MAGAZINE Forum Index -> Let's Talk! All times are GMT - 5 Hours
Goto page Previous  1, 2, 3, 4  Next
Page 3 of 4

 
Jump to:  
You cannot post new topics in this forum
You cannot reply to topics in this forum
You cannot edit your posts in this forum
You cannot delete your posts in this forum
You cannot vote in polls in this forum
Geo Visitors Map