KOMPA! MAGAZINE Forum Index
Home - FAQ - Search - Memberlist - Usergroups - Register - Profile - Log in to check your private messages - Log in
 
Main Thread: Rès Kou Istwa Peyi Dayiti (Leson #8 ++++)
Goto page 1, 2, 3, 4  Next
 
KOMPA! MAGAZINE Forum Index -> Let's Talk!
This forum is locked: you cannot post, reply to, or edit topics.   This topic is locked: you cannot edit posts or make replies. View previous topic :: View next topic
Author Message
Neg Timid



Joined: 06 Apr 2006
Posts: 3258
Location: Brooklyn, NY/Gonaives-Artibonite

PostPosted: Sun Apr 01, 2012 3:41 am    Post subject: Main Thread: Rès Kou Istwa Peyi Dayiti (Leson #8 ++++) Reply with quote

ENTWODIKSYON LESON #8

A.S: ( an laten Ante Scriptum)
(An Kreyòl Anvan n Ekri)


Atis Plim: Nèg Timid

Yon ti memo pou n rekòmanse Listwa Peyi Dayiti. Nou menm Ayisyen, apre tout doulè, tout lapenn, tou dèy, tout tray, nou sot pase la-a, nan tout move pas nou ye la-a toujou, nan Tan Madichon n’ap viv kounyeya, n’ap kontinye ak istwa ti peyi kote n te fèt la... oubyen kote manman n, papa n, granpapa n ak granmè n sòti a si n’ap viv andeyò peyi Dayiti.

N’a toujou sonje lè n’ap ekri, nou kenbe byen nan tèt nou ke se pou papa n, manman n, frè n ak sè n, tout zanmi nou, tout moun nou konnen eke n’apresye ka pote atansyon dabò, pou yo reflechi apre epi pou yo pote bon jan rezònman, bon jan konklizyon sou yon zak, sou yon dram ki pase.

Fòk nou dakò tou ke don disènman an; don sa-a ki fè ou wè klè, ki fè ou konnen sa k byen sa k mal, lè ou fè diferans ant yo (2) de eta lespri, eta nanm, oubyen nivo reyalite a, se don Entelijans, don aprann konprann, se Don sa-a ki louvri je ou, epi ki fè ou chita bòzò sou yon mòn byen wo.

Anpi tou, pwomès se dèt. N’ap rekòmanse akite yon bon pati nan dèt sa-a depi jodi-a. Nou pral mete lalojik atè nan bon mamit Estime ak tout tiyon sou tèt li souple...

Pou tèt sa, nou pral fè Jijman, nan tribinal listwa, Maren Navigatè, Amiral, Viswa peyi Lespay ki (daprè Zòt) se pi gwo jeni, pi gwo save nan tout tan gen tan, pi gran Maren-Navigatè Lanmè, pi Bon Kretyen; moun ki gen pi bon kè; ki gen plis kouraj nan malè ak nan danje pou l reziyen l pase sou sa epi kontinye lavi.



(Konsèy Defans lan) - Oubyen (selon moun ki sibi nan men l yo) selon sa yo vin rele atò « Endyen » yo, desandan yo, ak moun Nwa yo te depòte sòti nan peyi Lafrik yo ak desandan yo, selon Konsèy Akizasyon, nou pral fè pwosè pi move je, pi move zangi, aza te ekspedye sou Kontinan blan mannan bay nan Lamerik la.

N’ap fè remak sa-a: Pwosè sa-a ap sòti delòdinè paske li pap dewoule nan tan l, nan epòk li. L’ap fèt sou (520 tan) senksanventan apre aksyon yo fin pase. Konte byen, sòti nan dat 12 oktòb 1492, depi lè matlo karavèl La Pinta a Rodrigo de Triana (pwononse Tliyana) tonbe rele ak vwa l k’ap trennen sou chak silab yo plen mennwit: « Tie-e-e-e-erraa - Tieeeeerraa ! » (Laaaaatèèè - Laaatèèè an Kreyòl ); lè sa-a zòrèy tout Panyòl kanpe tankou chen k wè zo, anpi tou tansyon yo monte, kè yo bat pi fò paske yo te konprann ke yo rive Ozend, nan peyi Sipangi (Cipangi) kote je tout akrèk yo fè zip-zip paske yo ta pral ranmase epis, bwote pyè-presyez ak lò pou piyay; pou rive nan moman di n’ap viv la kounyeya nan mwa avril 2012.

Sa se sèten, n’ap bay « konklizyon ak vèdik pwononse » jijman sa-a an klè kou yon dlo kokoye ole, pou nou menm k’ap viv nan tan nou ye la-a (ki vle di nou tout ki nan kategori (12) douzan jous (103) santwazan ak tout lòt jenerasyon pitit nou ak pitit pitit nou k’ap vini yo, ka konnen ak konprann sa k te pase vre, depi sa yo rele rankont (2) de mond sa yo; chòk ant de (2) koulè moun diferan; lobo ant (2) de kilti, batay ant (2) de sivilizasyon diferan ki te angaje (2) de konsepsyon lavi diferan.
Sou toule (4) kat rezon dirèk ak endirèk nou fèk site nan paragraf anvan an; nou tout nou pral konstate dabò tout zak ki te komèt (bon ou move), tout egzaksyon, tout dram sa lakòz, tout bon oubyen move ajisman ak tout move biznis, moun ki te sòti sou kontinan Lewòp la, patikilyèman Panyòl te vin poze sou Nouvo Mond yo te sote sou li-a.

N’ap pòte atansyon, n’ap mete tout entelijans nou, ak bon jan rezònman, pou n ka byen balanse sa Mouche Blan Ewopeyen yo deklare yo pote sou Kontinan Lamerik; sa yo te pot vann; sa yo janm bay esitou tout sa yo fè ki mal.

Moun ki t’ap viv trankil ak nan lapè anvan Blan peyi Lewòp yo te vin nan Lamerik la , va di byen wo ki byennèt, ki alemye Mouche Blan te pote pou yo ousinon ki soufrans, ki mizèrere, ki dezagreman, ki katastwòf moun po blanch yo te lage nan mitan yo.

Alèkile, nou dwe konnen ke lè yon pwosè ap fèt, gen moun ki pou akize a, ki kouri brid sou kou vin defann li; tankou tou gen lòt moun ki kont, ki ta renmen wè l pèdi nan prizon pou lontan oubyen menm ke yo kondane amò.

Kidonk gen temwen k’ap vin bay akizasyon jarèt, k’ap met piman, vinèg ak jenjanb sou do akize a. Yo rele temwen sa yo, Temwen ak Chay paske tankou non yo ba yo a eksplike ke yo vin met chay byen lou sou akize a, pou mele jous nan kou konsa jij la oubyen jiri a (moun nan lasosyete k’ap jije akize a) ka rekonèt akize a koupab anpi pou yo kondane l...

— Konsa tou gen temwen ki vin pwoteje akize a, anbrase l, pote kole ak li, voye l anlè byen wo, pou yo fè defans li. Yo rele temwen sa yo, Temwen pou Dechay, ki vin retire chay sou do akize a, ki vin pou Defans akize a. Pafwa akize a tèlman gen gwo chay sou do l, l’ap plede koubap, yo pa ka fin retire tout pil chay sa yo sou do l, alò yo vin wè si ak kondwit akize a, karaktè akize a nan tan pase yo ta ka fè l jwenn sa nan Dwa, nan Règleman Lajistis yo rele Sikonstans Atenyant, (ki vle di se pa fòt akize a, se sitiyasyon, se sikonstans lavi-a ki mete ansyen bon eleman sa-a nan move ka l ye a). Oubyen tou temwen pou dechay la ka rive fè kou l konnen pou l mete dout sou ka-a. Lè gen dout nan Tribinal, sa pwofite akize a. Dout la ka lakòz akize a sòti nan petren l ye a.

— Se sou kalite temwen pou Dechay sa yo, avoka defans yo, oubyen Konsèy Defans lan (lè gen anpil Avoka defansè) konte pou jiri a ou jij la akite kliyan yo a, lè akize a sòti (hors-de-cause) ki vle di yo andeyò kòz sa-a. Kidonk yo inosan tankou yon tibebe k fèk fèt, ki poko janm fè aksyon malefik ni menm panse mal de pèsonn. Alò, lè sa-a, se pou akize a rejwenn tout diyite l ak tout lonè l.

Ositou, nou pati tout bon, pou Listwa, nou pral site an Jistis Nan tout Jenerasyon sou Kontinan Lamerik la, zansèt yo te sibi, Kòdasasina, Presyon, Zak tòti-briganday, Vòl, Vyòl, Apated, Segregasyon, Kidnaping Jenosid, Tretman tankou zannimo etsetera era (etc) anba pat Kolon blan Ewopeyen kèlkilswa ki te vin pwofite tan koloni an depi 1492 rive 1888 sou tout teritwa Lamerik la, ansanm ak tout desandan Kolon blan sa yo ki gen ale mye gras a richès fasil, eksplwatasyon san remò, dap-piyanp, zenglendinaj zansèt yo te fè sou swè ak san popilasyon endijèn nan ak travò fòse lesklavaj san pitye ke yo te fè moun nwa ki te depòte sot ann’ Afrik yo vin fè pou yo jous fyèl yo te pete.

Nou site Lajistis tout ansyen Kolon blan yo ak tout Desandan yo nenpòt kote yo ye sou latè, nan non Cristobál Colón kòm senbòl.

Pou krim kont Limanite ki pap janm efase jous nan Letènite. Pou sa kòm Grefye Nèg Timid ap Rapòte Minit Jijman Cristobál Colón (Konsa nou konnen l).

Rete branche !

Antre nan leson #7 pou aksè ak tout rès leson avan yo:
http://kompamagazine.com/kmboard/viewtopic.php?t=29063

NT

_________________
Richie est un grand musicien qui ne peut pas être compris du commun des mortels, car les notes qu'il émet sont trop élevées pour les oreilles du vulgaire.
Back to top
View user's profile Send private message Send e-mail

Author Message
T-Kout



Joined: 22 Sep 2010
Posts: 64
Location: QUEENS - NY

PostPosted: Wed Apr 11, 2012 2:25 pm    Post subject: Reply with quote

merci Prof. mwen kontan ke ou tounen ak klas la.

fo'm kat chup wi, mwen sou 6eme leson toujou.
_________________
Fo'w Kou-T T-Kout pandan lap jwe kout guita
Back to top
View user's profile Send private message

Author Message
T-Kout



Joined: 22 Sep 2010
Posts: 64
Location: QUEENS - NY

PostPosted: Wed Apr 11, 2012 2:31 pm    Post subject: Reply with quote

prof. NT, eske se vre ou telman gin leson pou nou, men si nou fek konmanse 8eme leson , ou poko mem konmanse ak leson?
_________________
Fo'w Kou-T T-Kout pandan lap jwe kout guita
Back to top
View user's profile Send private message

Author Message
Neg Timid



Joined: 06 Apr 2006
Posts: 3258
Location: Brooklyn, NY/Gonaives-Artibonite

PostPosted: Wed Apr 11, 2012 3:41 pm    Post subject: Reply with quote

T-Kout wrote:
prof. NT, eske se vre ou telman gin leson pou nou, men si nou fek konmanse 8eme leson , ou poko mem konmanse ak leson?


T-Kout,

Klas la poko menm kòmanse. Mwen bezwen anpil elèv ki fò tout bon pou vin swiv klas sa-a paske mwen pral mete bèt sou nou. Laughing

NT

_________________
Richie est un grand musicien qui ne peut pas être compris du commun des mortels, car les notes qu'il émet sont trop élevées pour les oreilles du vulgaire.
Back to top
View user's profile Send private message Send e-mail

Author Message
T-Kout



Joined: 22 Sep 2010
Posts: 64
Location: QUEENS - NY

PostPosted: Thu Apr 12, 2012 1:08 pm    Post subject: Reply with quote

prof. NT , eske wap gin leson sou tout prezidan Dayiti?

si wi, fem konne epri map voye e-mail pou ou de yon website ki gin geneology tout prezidan yo. (banm mwen e-mail ou tanpri, mwen gin lot bagay m'gin pou voye ba ou).
_________________
Fo'w Kou-T T-Kout pandan lap jwe kout guita
Back to top
View user's profile Send private message

Author Message
cuttableman21



Joined: 29 Nov 2007
Posts: 2260
Location: The Big apple

PostPosted: Fri Apr 13, 2012 8:11 am    Post subject: Reply with quote

Mesi pou res leson an Neg Timid,men gade kijan ou ka rasanble elev yo anko paske l'ap difisil. Elev yo ale fe woul,yo pa vin nan klas. Pi gwo ere pwofese a fe ak klas sa,li pran plis ke dezan pou li tounen ak res leson yo.Menm pwofese a genle te ale fe woul tou Laughing Laughing
Back to top
View user's profile Send private message

Author Message
Neg Timid



Joined: 06 Apr 2006
Posts: 3258
Location: Brooklyn, NY/Gonaives-Artibonite

PostPosted: Fri Apr 13, 2012 8:26 am    Post subject: Reply with quote

cuttableman21 wrote:
Mesi pou res leson an Neg Timid,men gade kijan ou ka rasanble elev yo anko paske l'ap difisil. Elev yo ale fe woul,yo pa vin nan klas. Pi gwo ere pwofese a fe ak klas sa,li pran plis ke dezan pou li tounen ak res leson yo.Menm pwofese a genle te ale fe woul tou Laughing Laughing


Cutab,

Ou konnen m konnen ou se youn nan elèv ki pi fò nan klas la, apre JVJ. Laughing Se pa’t fòt mwen gason m, e m te eksplike nou tout bagay deja. De tout fason, Mèt la tounen pou tout bon fwa sa-a. Djakout mwen chaje kon Legba... Mwen pwomèt nou, dimanch pou pi ta, m’ap mete premye pati Jijman Kolon an.

@ T-Kout:

Negtimid@aol.com

NT

_________________
Richie est un grand musicien qui ne peut pas être compris du commun des mortels, car les notes qu'il émet sont trop élevées pour les oreilles du vulgaire.
Back to top
View user's profile Send private message Send e-mail

Author Message
cuttableman21



Joined: 29 Nov 2007
Posts: 2260
Location: The Big apple

PostPosted: Fri Apr 13, 2012 4:49 pm    Post subject: Reply with quote

Laughing, enben n'ap tann ou pwofese a.Mwen gen lenpresyon JVJ kraze rak tou wi loll. Mwen paka tann ou komanse anvayi nou ak res leson yo
Back to top
View user's profile Send private message

Author Message
Neg Timid



Joined: 06 Apr 2006
Posts: 3258
Location: Brooklyn, NY/Gonaives-Artibonite

PostPosted: Sun Apr 15, 2012 4:42 am    Post subject: Reply with quote

8è Leson - Jijman Kristòf Colon ak Tout Konplis Blan Parèy Li Yo Nan Tribinal Entènasyonal Global Pou Krim Kont Limanite

Atis Plim: Nèg Timid

A.E. (Anvan nou ekri) Medam, Medmwazèl, Mesye, tout moun k’ap swiv listwa peyi Dayiti sou "Konpa Magazin"; nou redi « Bonswa ! » apre yon poze byen long depi jou tranblemandtè-a : 10 janvye 2010. Jou malè sèk sa-a, tankou anpil nan nou, mwen te gen anpil lapenn nan kè m paske m te pèdi anpil paran ak zanmi, granmoun kou timoun. Alò, tankou Jòb, nou reziyen n devan volonte Gran Mèt la pou nou di « Beniswa Letènèl ! » Anpi tou nou kwè li lè, li tan pou nou re-ekri listwa ti peyi nou an ak tout entelijans nou, tout nanm nou...

N.B. N’ap mete tout konesans nou: espirityèl, mistik, entelektyèl nou pou nou louvri je frè n ak sè n yo - Sonje byen 8èm Leson an ki se premye pati pwosè a, pa ka menm jan ak lòt leson yo.

Jodiya, nou pral swiv mach listwa Dayiti, nan yon pwosè k pap janm menm ak tout lòt, paske li pap fèt nan tan zak yo repwoche kriminèl yo te komèt la.

Men nou vin genyen pari a sou tan, difèt ke, gen krim yo defini tankou krim kont Limanite, ki pap janm efase ni nan mond n’ap viv la, ni nan lòt la. Konsekans krim ak fòfe sa yo pap janm pase; dega yo lakòz ap toujou rete nan konsyans tout moun ki vrèman moun, ki merite viv nan limanite sou tout plan yo: materyèl, moral epi espirityèl.

Zak bandi, vòlò, vagabon ak brigan sa yo te poze sou kouran (5) senk syèk ak (20 tan) ventan k sot pase yo, toujou prezan pou fè moun ki gen nannan, ki gen konsyans fonse sousi yo, souke tèt yo, manje dan yo. Alò, se zak malonèt sa yo, nou pral jije jodiya, yon bann krim ak feloni an seri, ke blan akrèk pou richès fasil, ke blan piyajè ki te sòti prèske tout kote sou kontinan Lewòp la, te vin komèt sou Nouvo Kontinan ke Mouche Lamiral Colón, nan move kalkil li, ak chans li nan aza, te vin sote sou li; epi pèp endijèn ki t’ap viv nan lapè sou tè yo depi Dik Dantan, te vin pantan sou blan sa yo, sa fè 520 lane.

Ebyen, an n pati tout bon pou jijman Malfèktè-Atoufè sa yo ki te sòti brid sou kou sou kontinan Lewòp la, kolon blan Panyòl sitou ak tout lòt blan ki te swiv yo, pou akonpaye yo, tounen konplis nan fòfe yo a, patikilyèman blan Pòtigè, blan Olandè, blan Anglè, blan Franse ak tout lòt sa ki te gen kondwit « Pa rapòta diri, kòm ti wòch n’a goute grès », ak tout desandan blan sa yo, k’ap viv toujou, san remò, san wont (okontrè), k’ap manje, bwè, banboche, dòmi san pwoblèm, paske yo menm menm yo reyisi touye konsyans yo. Petèt ke yo pa janm konsidere lanfè ke yo te kreye pou moun yo te jwenn ki t’ap viv sou nouvo kontinan an, yo te vin rele « Tierra Sanctae Crucis » anvan yo fè konbinezon pou ba l non Lamerik la.

Fòk nou fè yo pale tou de mizèrere yo fè moun nwa, yo te fè va sou yo a, oubyen yo te achte pou pakoti, oubyen pou (3) twa ti vè kleren (yo te bay bèl non: dlolavi), yo te depòte sòti ann Afrik bwote vin vann sou nouvo Kontinan an.

Nou pap bliye nonplis Endyen, bon jan Endyen yo, veritab Endyen yo, yo te kidnape, mare mennen vini tou sou tè Lamerik la, ki te sòti nan rejyon Loseyan Endyen an. Mwatye ladan yo te mouri nan pasaj lanmè. Tout moun sa yo, blan Lewòp yo fòse yo travay kòm esklav, lajounen kou nan nwit, pafwa nèt ale san poze, san somèy tankou bèt ou pa sansib pou li, nan tout Kontinan Meriken an sou bitasyon, nan mòn ak nan min (mine), pou Msye Blan ka jwenn lajan fasil byen vit, pou yo tounen byen bwòdè nan youn nan peyi Lewòp yo oubyen pou yo rete sou Kontinan Meriken an, ap cheri desandans yo, pandan tout afè yo ap mache twò byen; alòske pèp endijèn yo, sa yo vin rele « Endyen Lwès yo » ak nèg nwè yo kidnape, depòte sòti sou Kontinan Afriken ak tout desandan yo ap santi fatig tout vi yo epi y’ap mouri nan mizè, lafen, nan maladi, nan malswen, malsite, sou tansyon tou ki twò wo, ki ba yo estwok, paralizi, anpi bloke kè yo. Anpi blan piyajè, vòlè, eksplwatè yo ouvri bouch yo byen laj pou fè moun konnen ke yo gen lapenn, ke yo regrèt sa rive pèp endijèn yo, ak nèg nwa yo mennen vini pa fòs yo, yo fè sa ipokritman, paske pa anba, yo toujou mennen yon politik de « kèlèmonmèl », ki mele n, ki foute n ak pèp ki pa blan yo. Reflechi wi, apre konbyen siklòn nou pran, apre tout inondasyon Gonayiv, Vèrèt, apre tranblemandtè ki touye lontan plis moun pase bonb atomik Iwochima ak Nagazaki ansanm... Ki sa Ayiti ak Ayisyen jwenn reyèlman kòm sekou... Alò, nou poze frè nou yo kesyon sa-a sou Konpa Magazin: Eske se pa menm sekans-komès sal nèg nwè Lafrik la, esklavaj yo ansanm ak « Endyen Lwès » ak veritab « Endyen Loseyan Endyèn », eksplwatasyon tout pèp koulè k pa blan yo, ke yo pa vrèman konsidere kòm moun k’ap kontinye?

— Alò, an nou pati tou bon pou Jijman Kristobàl Colón ak konplis li yo epi se pou jijman sa-a retonbe sou desandan blan mechan, zago loray sa yo toutan gen tan.

— Grefye Tribinal Listwa Ap Prezante Fòmasyon Jiri A

— Nan dènye vi m sot pase sou tè a, mwen m te Aktè ak Chantè Meriken Paul-Leroy Robeson.



Paul L. Robeson

Pasaj mwen sou tè a te dire: sòti jou k te 9 avril 1898 pou rive jou k te 23 janvye 1976. Tan sa-a, m te travay anpil epi trèbyen kòm atis. Mwen te pase anpil tribilasyon sou tè a, paske m t’ap lite pou Egalite tout moun ki fè pati minorite nan Etazini Nò Lamerik la (U.S.A) ansanm ak Dwa Sivik tout moun. M te blije egzile m nan peyi Langletè dabò, nan Larisi Sovyetik apre pou m te chèche lavi.

— N’ap anonse Pwosè Entènasyonal Global Grandyòz sa-a avèk pèmisyon epi nan Non Tribinal Espesyal Listwa sa-a, kòm Grefye (clerk) Tribinal la:

— Nou konnen byen, sa fè 520 tan depi evènman, pechè latè dantan lontan yo te bay non « Dekouvèt la », nan lane 1492; menm evènman sa-a abitan latè kounye yo, adousi langaj yo pou yo rele l « Rankont (2) de Mond. » Nou pral gade ansanm ak yon jiri entènasyonal ki metrize tan ak espas la, ki kareman san patipri, k’ap vide atè sèlman Laverite Entegral, si rankont sa-a se te yon bon chemen pou pwogrè ak linyon lèzòm kontinye nan Lapè ousinon si se te yon gwo chòk, yon move kolizyon ki mennen plis malè sou Planèt tè a.

— Men Fòmasyon Jiri Pou Tribinal Espesyal Pou Verite Listwa:

— Prezidan Jiri a se: Mahatma Mohandas Karamchand Gandhi.



Mahatma Gandhi

Pasaj li sou tè a te dire: depi jou k te 2 Oktòb 1869 pou rive 30 Janvye 1948. Mahatma a se yon lidè enkonparab. Li te fè peyi Lend jwenn endepandans li ak doktrin Non-Vyolans anpi Dezobeyosans Sivil; konsa se li ki te leve Mouvman Pou Dwa Sivik nan lemond antye. Yo rele li Papa Nasyon Lend.


Toussaint Louverture

1e Vis-Prezidan: François Dominique Toussaint Louverture: Jeneral, Gouvènè tout lil Dayiti. Pasaj li sou tè a dire 10 Novanm 1743 rive 7 Avril 1803. Yo rele l tou: Premye pami Moun Nwa. Li te Pitit-pitit Wa Arada.


Alexandre S. Pétion

2è Vis Prezidan: Alexandre Sabès Pétion, 1e Prezidan Dayiti - 1e PanAmerikanis ki te mande frè mason l Simon Jose Antonio Bolivar Y Palacios pou l aboli lesklavaj nan tout teritwa l’ap libere yo. Libertador = Liberatè a koute l vre epi Esklavaj aboli an 1818 nan tout peyi Amerik Sid eksepte Brezil ki aboli l an 1888. Pasaj li sou tè a 2 Avril 1770 pou rive 20 Mas 1818.


José Antonio de Sucre

3è Vis Prezidan: José Antonio de Sucre: Jeneral ki t’ap konbat pou Libète sou kòmandman Simon Bolivar. Li se 1e Prezidan peyi Bolivi (1826-1828). Pasaj li sou tè a te dire depi 1793-1830.


Chief Seattle

1e Manm: Seattle (Chèf Endyen Duwanish yo). Pasaj li sou tè a te dire depi 5 Me 1780 pou rive 7 Jen 1866. Li te chèche yon mwayen pou l te antann li ak kolon blan yo. Ositou Kapital Eta Washington nan pote non l. Li se papa tout ekolojis, tout moun k’ap veye sou lanati. Li te fè blan yo respekte Meriken Natif-Natal yo ("Endyen yo") epi tou aprann respekte Dwa moun.

— 2è Manm: Cuauhtémoc: 1e Rezistans Meksiken kont avanse Panyòl yo ak Hernán Cortés. Pasaj li sou tè a dire depi 1495 jiska 28 Fevriye 1525.

— 3è Manm: John Fitzgerald Kennedy: 35èm Prezidan Meriken. Pasaj li sou tè a te dire 29 Me 1917 rive 22 Novanm 1963.



Jomo Kenyatta

4èm Manm: Jomo Kenyatta: Chèf Mouvman Mau-Mau nan peyi Kenya kont kolon Angle yo. Premye Minis Kenya de 1963 a 1964. Premye (1e) Prezidan Kenya 1964-1978. Pasaj li sou tè a dire depi 10 Novanm 1889 pou rive 22 Out 1978.


Salvador de Madriaga

5èm Manm: Salvador de Madariaga, Ekriven, Istoryen, Diplomat Panyòl, Enjenyè epi sitou patizan lapè ant lèzòm pou yon mond ki pi jis, egal-ego k’ap ini. Se te yon pasifis. Li te ekri nan (4) kat lang: Panyòl, franse, alman ak angle - Li te vin sou tè nan peyi Lespay jou k te 23 Jiyè 1886, li kite tè a nan peyi Laswis 2 Desanm 1978.


Aimé Césaire


6èm Manm: Aimé Césaire, Powèt franse, Politisyen Matinikè (Depatman lòtbò Lanmè Lafrans), Fondatè Mouvman Negritid la avèk Leon Damas ak Leopold Sedar Senghor; Kreyatè Literati Frankofòn, li te Majistra FòLafrans. Li te pase sou tè a sòti 26 Jen 1913 pou rive 17 Avril 2008.

—7èm Manm: Frantz Fanon, psikyat franse, ekriven (Liv li ekri ki pi antre nan fon konsyans moun se : Dane Sou tè a ak Po Nwa, Mask Blan) depi 1952, li te pran pati Revolisyon Aljeri a ke l te pote anlè. Li te pase sou tè a jou k te 20 Jiyè 1925 pou rive 6 Desanm 1961.



Léger F. Sonthonax

1. Ministè Piblik la - Akizatè Piblik la, D.A. pwononse (Di-E-a) District Attorney (ann anglè) Global la, Procureur (an franse) , Komisè Gouvènman Mondyal la se:

Léger Félicité Sonthonax. Li te pase sou tè a 13 Jen 1763 rive 16 Desanm 1813.

N.B. Nou ba ou tout non yo pou ou ka konnen yo.

Rezime Komisè Sonthonax: Se te yon Jakoben, patizan ki te pi chofe, pi militan nan Revolisyon Franse 1789 lan. Sonthonax te vini nan Koloni Sen Domeng lan kòm Komisè Sivil avèk Polvérel epi Ailhaud. An 1791, lè l te avoka nan Palman franse a, a Pari, tèt li te boure ak lide revolisyonè. Se Sonthonax li menm menm ki te ekri: « Tè Sen Domeng yo, genyen pou yo vini pwopriyete Nèg Nwa yo, tè sa yo dwe rele Nèg yo chè mèt chè metrès paske yo swe nan tout fontèn tèt yo pou yo genyen yo. » Misyon sekrè Komisè Sivil yo: se te aboli lesklavaj.

Aprè yon pakèt batay ak kolon blan yo, Sonthonax ak Polvérel sitou ak alye blan yo ak afranchi yo dabò, apre sa alyans li ak esklav yo ki te nan band nèg mawon-Pierrot, Makaya, Ti Nwèl Priyè... Komisè Sonthonax te pwomèt yo Lalibète yo bat blan rebèl Lafrans revolisyonè yo. Lè sa-a plis pase (10.000) dimil kolon sove, yo pran lyann, yo pran bato y’al rekonèt yo nan peyi Meriken, patikilyèman nan Eta Lwizyàn (Louisianne). Sonthonax pwoklame abolisyon lesklavaj sou tout teritwa Sen Domeng lan le 17 Daout 1793.



John Brown

2. Sibstiti D.A. a - (Procureur) Komisè Gouvènman Mondyal la se: Sibstiti Komisè John Brown. Li te pase sou tè a jou k te 9 Me 1800 pou rive 2 Desanm 1859.

Rezime Sibstiti Komisè John Brown : Se yon abolisyonis esklavaj militan Ameriken. Nan lane 1850 yo, John Brown mande pou pèp la òganize enzireksyon, ki vle di, pran lèzam pou aboli lesklavaj ki yon gwo mechanste nan peyi Etazini. Msye te alatèt eleman ki komèt masak, zak ansasina Pottawatoni an kote yo te pase (5) senk blan alenfinitif nan lane 1856, nan vil Bleeding nan Eta Kansas. Apre sa, non John Brown te site tou nan leve kanpe ki pa’t reyisi a nan Harpers Ferry nan lane 1859. Kèk tan apre nan menm ane a 1859, yo te mennen John Brown nan tribinal epi yo te kondane l amò. Men, repons li yo bay jij la ak dènye diskou l nan tribinal la reveye tout moun bon konsyans ki de bòn fwa nan peyi Etazini. Meriken ap toujou di ou ke nan 19èm syèk la John Brown se pèsonaj yo pi diskite sou li sa k pou - sa k kont sitou sa k kont li yo rele Msye (1e) premye teworis sou tè Lamerik la. Yo te pann li.

— Sonje ke gen yon lari prensipal ki pote non vanyan gason blan Meriken sa-a Pòtoprens. Se Avenue John Brown - Lalue.



Georges J. Danton


3. Dezyèm (2èm) Sibstiti Komisè Gouvènman Global la - 2èm D.A. - 2èm (Procureur) - 2èm Sb. Minis Piblik:

Georges Jacques Danton: Avoka-Oratè. Li pase sou tè a 7 Avril 1759 rive 28 Jiyè 1794. Georges Jacques Danton te youn nan pi gwo Depite lidè nan Revolisyon Franse a ki te pibliye Dwa Moun ak Sitwayen yo, lè li menm li te deklare: « Tout moun kèlkeswa ras yo, koulè yo, relijyon fèt lib elibè anpi egal nan dwa. » Premye objektif Revolisyon se te siprime, efase privilèj klas nob aristokrat ki t’ap souse pèp la, anpi k te trè awogan.



Jacques P. Brissot


Konsèy Avoka Akizasyon Nan Jijman Sa-a Fòme Konsa:

1. Avoka alatèt la: Depite nan Direktwa ak Konvansyon nan Revolisyon Franse a:

Jacques Pierre Brissot. Pasaj li sou tè a te 13 Janvye 1754 rive 13 Dawout 1793. Se depite Brissot ke afranchi nan Sen Domeng te eksplike ka yo, ki tray y’ap pase nan imilyasyon kolon blan yo ap fè yo sibi, ki te fonde klib yo te rele Sosyete Zanmi Moun Nwa nan vil Pari nan peyi Lafrans. Klib sa te vin genyen plis pase 2.000 blan franse ki t’ap lite pou Egalite Afranchi ak nwa yo nan tan tenèb rekile sa yo. Se yon gwo eksplwa, limyè sa-a Jacques Pierre Brissot t’ap chèche mete sou tè a.

2. Kasik Anri = Enrique (1498-1570). Nou konn kiyès li ye deja. Nou te pale de li nan setyèm (7èm) leson an.

3. Dutty Samba Bookman- 5 Avril 1765 rive 2 Septanm 1791.

4. Abraham Lincoln - 12 Fevriye 1809 - 15 Avril 1865

5. Frederick Douglas - Pasaj li sou tè a te dire depi 21 Fevriye 1818 pou rive 20 Fevriye 1895. Li te esklav, men l te sove li chape poul li, pou l te tounen yon nèg lib. Li te vin tounen yon gwo refòmatè ameriken pou pwogrè sosyal. Li te gen yon bèl gwo vwa, li te pale byen epi poze. Yo rekonèt li kòm Oratè; li te yon bon ekriven epi yon òm (homme) deta. Blan yo te etone nan epòk li a, lè yo wè sa yon moun ki te chape sove kòm esklav t’ap remèt nan peyi prejije diskriminasyon. Douglas te demanti kareman tout kliche, jijman toufèt yo te tabli sou ras nwa a.



Frederick Douglas

Douglas te tounen yon gwo lidè pou abolisyon lesklavaj, li te ralye anpil blan akòz li ak bèl vwa l, bon jan diskou plen filozofi lavi a, sajès ak jistis, li t’ap lage atè epi sitou pa sa l t’ap ekri. Antwot, l’aprann li ak ekri pou kont li. Se te yon vrè jeni. Pi bon liv li ekri a se « Istwa Vi Frederick Douglas », yon esklav Ameriken nan lane 1845, liv sa te enfliyanse blan yo sitou sa k t’ap viv nan Eta Nò Etazini ki te vle aboli pyan sa-a ki se lesklavaj la. Douglas te pibliye yon lòt biyografi an lane 1881. Apre lagè Sesesyon an li kontinye aksyon l kòm militan Dwa Moun lè l ekri liv pou l wè si Etazini Nò an ta chanje reyèlman vin tounen, « Land of the Free. » ("Tè Moun Lib") - Douglas te lite tou pou Fanm te gen dwa vote. Li te diplomat tou, yo te nonmen l 1e Anbasadè Meriken nan peyi Dayiti nan lane 1870. Epi tou san apwobasyon l, li te vin tounen Premye Nwa Meriken sou lis « Pati Dwa Egal-Ego » kòm Vis Prezidan ak Madam Vittoria Woodhull.

Konsèy Defans Lan Fòme Konsa:

1. Rèn Isabella La Católica de España. Pasaj li sou tè a sòti jou k te 2 Novanm 1451 pou rive 27 Me 1504. Mari l se te Wa (Roi) Ferdinand V de Aragon; Isabella te Rèn Kastiy depi 1474 jous 1504; rèn nan te vin dirijan adjwen Wayòm Aragon sòti de 1479 rive 1504.




Bartolomé de Las Casas


2. Bartolomé de Las Casas. Pasaj li sou tè a sòti jou k te 2 Me 1474 pou rive 3 Avril 1566. Li fèt Seviy, e l te mouri Madrid. Li te Detache kòm anplwaye ekspedisyon an 30 Me 1498 lè 3èm vwayaj Colon an. Li te debake nan zile Hispañola 31 Dawout 1498. Papa l te vini nan Hispañola ak Colón nan 2èm vwayaj, ryen k pou l wè, an touris; men Colón te tèlman byen ak li, li te fè l kado, yon gran bitasyon an Jen 1494. Se bitasyon sa-a Bartolomé t’al jere tou. Men tankou lapot Paul, Lespri Sen pran tèt li epi Bartolomé al fè l pè nan koloni Sen Domeng lan. Bartolomé de Las Casas te òdone pè a 26 rekòlt kafe sou tèt li, a vennsizan, li te pè relijye: Mwàn Dominiken. Yo te vin nonmen l Evèk nan Eta Chiapa nan peyi Meksik nan lane 1549. Msye te gen 70 zan. A (77 tan) swasantdisètan, li twouve djòb la twòp pou li nan lane 1556, li bay demisyon l. Nan lane 1558, Bartolomé retounen nan peyi Lespay kote l mouri Madrid jou k te vandredi Sen 1566.


Antoine Pierre Barnave


3. Depite: Antoine Pierre Joseph Marie Barnave - Revolisyonè franse. Pasaj li sou tè a - Li te fèt Grenòb (Grenoble) nan peyi Lafrans jou k te 22 Out 1761, li mouri nan vil Pari 29 Novanm 1793. Li te Manb Revolisyon Franse depi kòmansman jous li te pre fini. Yo te konnen l pou ladrès li pou l pale (li te posede don Oratwa a) epi l te agresif epi tranchan nan sa l di pèp la bezwen politikman.

Sa te fè l vin youn nan Manb Asanble Nasyonal yo te pi respekte. Men Msye te sòti nan pi gwo klas boujwa Pwotestan yo nan peyi Lafrans, se nan fanmi l yo te anseye l Dwa ak Lwa an prive. Depi 1789, li te eli Depite Nan Dofine (Dauphiné) jous nan dènye Eta-Jenero yo. Msye te vin pi gwo rival kont Mirabo (Mirabeau) lè te gen deba nan Asanble Nasyonal la. Jouska lafen, se li k pou te bay dènye mo nan Dekrè Asanble a t’ap pran jous li te fè monte yon revolisyon kote l te vini Prezidan Asanble Nasyonal la.

Men toujou sonje, lè ou gen lajan, ou gen mès ak reflèks moun ki gen kòb, moun yo rele boujwa yo. Kidonk gran plantè yo nan Sen Domeng te enfliyanse sou li pou l te peze Afranchi epi sitou esklav pou l pa’t kite Lejislatè franse yo, pandan tan twouble men poutan avanse sa yo pran lwa ki ta pouse a Egalite Afranchi anpi siprime lesklavaj pi vit. Kidonk Msye te twòp alèkstrèm dwat nan tan sa-a.




George C. Wallace


4. George Corley Wallace: Politisyen Meriken Gouvènè Alabama (1963-1967) (1971-1979) (1983-1987). Pasaj li sou tè a sòti jou k te 2 Out 1919 pou rive 13 Septann 1998. George C. Wallace se patizan Ekstrèm Dwat Meriken, li te fè pati Ku Klux Kan - Dominasyon Blan (White Supremacy) ak John Birch Society (Sosyete Djonn Bèrch) ki se zèl Radikal Dwat Meriken an. Li te fè pati Blan Sidis sa yo ki te rayi amò Jwif, Katolik, Nwa ak tout imigran. Eslogan yo se te:

« Look out Jews and Nigger » (Veye zo nou Jwif ak Nèg sal)
« The Klan is getting bigger » (Klan an ap gwosi)


5. Pè Francisco Blanco. Pasaj li sou tè a se te jou k te 5 Me 1462 rive 2 Novanm 1542. Colón te toujou pote kado ba li separeman apre chak vwayaj li te fè, anplis lò ak pèrl, li te ba li kèk Endyen ak Endyèn kòm esklav paske se li ki te fòme pwojè pou Wa Lespay yo te finansye Vwayaj Colón an pou pase pa Lwès pou rive Ozend lan, epi se ak mannigèt li, relasyon l, tout finans, tout kòb, tout preparasyon ekspedisyon yo, vwayaj yo te reyalize pou Colón.




Henri Christophe


Rapòtè Gwo Jijman Global Pou Listwa Sa-a se:

Henri Christophe. Pasaj li sou tè a: 15 Avril 1763 - 18 Oktòb 1820. Li te konbat a (16) sèzan pou lendepandans (U.S.A) peyi Etazini Lamerik Nò nan lane 1779 lè l te antre nan batayon « Chasè Volontè Sen Domeng yo » (Les Chasseurs Volontaires de St. Domingue) sou kòmandman kont Charles Henri D’Estaing. Li te Majò-tanbou a. Henri Kristòf vin tounen nan koloni Sen Domeng lan kote l te antre nan Lame Endijèn nan sou kòmandman Jeneral François Dominique Toussaint ki t’ap genyen batay li angaje; konsa yo te rele l Louverture (ki vle di li te louvri tout pòt li te bezwen.)

Fòk nou di ou ke vi eksperyans li nan lagè pou Lendepandans peyi Meriken li te antre nan Lame Endijèn nan ak grad Kapitèn. Se te yon moun brav san pè, san repwòch, ki di tout moun kat verite ou nan figi ou. Men li te eksesivman disipline, li te renmen lòd ak disiplin. An menm tan, li te toujou reflechi sou ka frè l ak sè l nwa yo ki te nan esklavaj yo paske lè Jeneral Toussaint oubyen Jeneral Dessalines transmèt li lòd pou l’al elimine gwoup Nèg Mawon yo; li te toujou voye avan gad li, li te fè konfyans al di Mawon Lalibète yo, « Msye Blan voye m dèyè a ou, fè lòt bò, m’ap fè bò isit, pou nou pa kontre. » Sa te fè yon gwo diferans. Answit, toujou fidèl a Jeneral Toussaint Louverture, Jeneral Kristòf te rete avè l jous yo te depòte l nan peyi Lafrans. Apre sa sou lòd Jeneral Desalin, li konbat kou yon Djab nan benitye pou Lendepandans Dayiti. Li se yon Ewo (Héro) tout moun ki gen lonè ak respè admire. Apre asasina Dessalines, vin gen sisyon nan peyi a ant Lwès ak Nò, Jeneral Christophe vin chèf Pouvwa Egzekitif la nan Nò, apre sa l te vin Wa sou Henri 1e. Li kite anpil Gran moniman sou tè Dayiti pami yo Sitadèl Laferyè a ak Palè San Sousi a...




Rosa M. Parks


Tribinal La Gen de (2) Sekretè Ki Atache a Rapòte ak Grefye a Se:

a) Gran Dam Plen Kouraj sa a: Louise Rosa McCauley Parks. Pasaj li sou tè a se te depi jou k te 4 Fevriye 1913 pou rive 24 Oktòb 2005. Li te Premye dam Dwa Sivil epi Manman Mouvman Libète. Nou tout nou sonje jou 1e Desanm 1965 - Lè chofè blan otobis (James F. Blake) la ba l lòd pou l leve bay yon blan plas li te chita a. Li di non l pap leve. Sa te fè yon pakèt leskonbrit, grèv, moun nwa pa monte otobis piblik ankò. Sa ou tande a demonstrasyon, manifestasyon fèt pil sou pil jous gouvènman (LBJ) Lyndon Baines Johnson, gouvènman federal la vin fè djòb ki te dwe fèt depi sou Abraham Lincoln ak defèt Eta Sidis Esklavajis yo. Tout prejije, segregasyon, diskriminasyon ras ak koulè fini ajamè ouvèteman nan peyi Etazini; retire tout pankat piblik segregasyon, diskriminasyon.



Susan B. Anthony


b) 2èm Sekretè a se Suzan B. Anthony (feminis) militan ki t’ap lite pou Libète ak Egalite Fanm. Pasaj li sou tè a se te depi 15 Fevriye 1820 pou rive 13 Mas 1906.

Yon Spikè Televizyon Pran Kòn nan:

— Kounyeya a Grefye Paul Leroy Robeson ap site non Akize yo ak tout Atoufè - Malfèkte Zago Loray yo ki te konplis yo nan Krim Kont Limanite yo te Kòmèt yo:

Prezidan Jiri Global la Mahatma M. Gandhi frape mayèt li (3) twa fwa epi l òdone Grefye a li Zak Akizasyon an.

Grefye Paul L. Robeson: Onon Lalwa ak Lajistis nan lemond antye n’ap li Zak Akizasyon Mesye non yo ap pral site la-a pou Deli-Fòfe-Feloni-Krim Kont Limanite Ke yo te Komèt. Nou Genyen An Premye Lye:

1.Christobál Colón konsa yo konnen l (Sijè Panyòl)

alias: Christoffa Colombo (Italyen)
alias: Christoffom Colom (Pòtigè)
alias: Christophorus Columbus (laten)

Pwofesyon l: Maren-Navigatè-Eksploratè
Aktivite l: Amiral Lanmè Oseyan-Viswa Lespay-Gouvènè Lèzend Lwès
Dat li te fèt: Jou k te (29) ventnèf nan mwa Oktòb 1451
Kibò: Nan Vil Jèn, Repiblik Jèn (Itali)
Dat li mouri: 20 mwad Me 1506 ki te fè l 54 lane (6) simwa ak 21 jou sou tè a.
Kibò: Nan vil Valladolid (peyi Lespay)

Konpayèl, Konplis li te sòti plis nan peyi Panyòl, men genyen k te sòti toupatou sou Kontinan Lewòp la pou vin patisipe nan feloni, fòfe, krim ak piyay Nouvo Tè yo te sote sou li a. Zak sa yo dire jous 24 Septanm 1888. N’ap site antwòt:

1. Martin Alonzo Pinzón - Kaptenn bato La Pinta a
2. Vicente Pinzón - Kaptenn bato La Nina a
3. Bartolomeo Colón - Kaptenn Jeneral, Prezidan Konsèy Gouvènè, Maren, Katograf, Navigatè, Kaptenn bato Santiago 4èm vwayaj C. Colon an.
4. Diego Colón - Katograf, Maren-Navigatè, Kaptenn bato La Vizcaina 4èm vwayaj, Gouvènè Hispanola nan lane 1508.
5. Francisco de Bobadilla - Emisè Wa Lespay, Gouvènè Hispanola.
6. Francisco Roldán - Kolon Aktivis, Fasis, Tyòbòl mekè.
7. Nicolás de Ovando - Gouvènè, Majistra Siprèm, Kòmandè Lòd Alkantara.
8. Alonzo de Ojeda - Kaptenn Lame Lespay.
9. Barrio Nuevo- Jeneral
10. Diego Velasquez - Jeneral - Komèt jenosid sou popilasyon endijèn Kiba a.
11. Hernan Cortès - Avantirye - Detwi popilasyon endijèn Meksik la.
12. John Hawkins - Maren, Kaptenn bato Angle - Kidnapè Nèg Nwa sou kot Lafrik.
13. Pap Alexandre VI (Rodrigo Borgia 1492-1503) - Distribye Nouvo Kontinan ant Lespay ak Pòtigal.
14. Pap Jules II (1503-1515)
15. Pap Leon X (1515 - 1521)
16. Pap Adrien VI (1521 - 1532)
17. Pap Paul III (1535 - 1550)
18. Ferdinand II Aragon Wa (Roi) Lespay (1474-1504)
19. João III Wa (Roi) Pòtigal (1521-1557)

-Repòtaj-

— Kidonk, si nou kalkile byen, sa fè (520) senksan ven lane (1492-2012), soufrans, lapenn chagren, kidnaping, depòtasyon, esklavaj, doulè mizèrere pou viktim nou pral revandike dwa yo.

Anpi, si nou reflechi pi fon, Agipopo sa-a ap kontinye aklè, anba chal jous jounen jodiya a nan tan modèn n’ap viv la-a sou fòm: prejije, segregasyon, apated, mepri, pas-pou-ki, ki mele n, pa okipe yo, diskriminasyon, lese pou kont ak endiferans, akeki, blan nan anpil peyi nan mond sa-a ap trete moun ki nan zye pa yo, gen yon lòt koulè po ki selon yo rann yo emedyatman enferyè a yo; ki fè blan yo konsidere moun lòt koulè po yo pa moun, konsa yo kontinye maltrete yo tankou zannimo, touye yo tankou poul.

— Pou n ka konprann Pwosè Global sa-a, mwen menm Grefye Tribinal la Paul-Leroy Robeson m’ap li pou nou Zak Akizasyon Mouche Cristobál Colón (sou non sa a yo konnen l) ak tout Konplis kèlkilswa, Blan Enperyalis Pwofitè parèy li yo ki te sòti sou Kontinan Lewòp, Amiral Loseyan an te trennen dèyè l, ki te komèt krim sa yo kont Limanite.

I) 1e Chèf Akizasyon-Depòtasyon-Ekstòsyon Ak Vòl Tè

— Moun koulè Blan k te sòti nan Wayòm Lespay (Castilla Aragon) ou ozanviwon, depi Pò Palos de Fontera jou k te 3 Dawout 1492, ak Lamiral Loseyan Cristobál Colón (konsa yo te rele l) alatèt yo, t’ap eseye (llegar al Levante por el Poniente) rive Ozend pa Lwès. Pa aza, ak chans pou eksplorasyon an, yo vin sote sou nouvo tè ki te deja gen non, kote pèp endijèn ki te ba yo non an (Arawak, Tayno, Siboney, Karayib elatriye...) t’ap viv trankil, nan linyon ak lapè, ann amoni depi plis pase (10.000) dimilan. Cristobál Colón alatèt ekspedisyon an te oze met pyetatè, akonpaye ak notè sijè Panyòl li, grefye l sijè Panyòl li, ak kèk maren sijè Panyòl li tou, pou pwosede a deposesyon tè sa yo, ekstòsyon ak sezi nouvo tè sa yo onon Wa Peyi Lespay yo.

II) 2èm Chèf Akizasyon - Blan Panyòl yo sèvi ak Riz, Twonpri ak Malis, pou yo komèt egzaksyon yo. Panyòl yo ak alatèt yo ede ak tradiktè yo te fè pèp endijèn yo kwè ke yo te vini an zanmi. Konsa Panyòl yo te pwofite pi bèl akèy, pi gwo byenveni nan men pèp endijèn yo ak dirijan yo, alòske alatèt yo Cristobál Colón te mennen Panyòl yo nan piyay sistematik.

III) 3èm Gwo Akizasyon - Lamiral Cristobál Colón ak tout sijè Panyòl lè yo te komèt Dòl, Vòl Lakonsyans, menm pwòp konsyans pa yo, lè chak kote yo pile sou nouvo tè a, yo te plante yon kwa paske yo byen konnen se rezon myezèt ekonomik ki te mennen yo la a, yo te vin dèyè epis, pèrl, lajan ak lò, richès fasil.

IV) 4èm Gwo Akizasyon: Pou maladi transmisib tankou, tivewòl (graje vèrèt), kolera, tibèkiloz, mal mouton, sifilis, zaranpyon, maladi veneryen, lalèp, Blan Panyòl yo, sitou kaptenn bato yo, ak tout maren yo, flibisye ak rès Kolon yo te vin simen nan popilasyon endijèn nan pou yo te fini ak mayi yo.

V) 5èm Chèf Akizasyon: Pou jenosid Blan Panyòl yo egzèse sou popilasyon endijèn yo ki vle di kò dasasina, zak san fwa ni lwa Panyòl zago loray te fè pou pete fyèl pèp yo te rele atò "Endyen" yo ak pita Nèg Nwa yo te kidnape depòte sòti sou Kontinan Lafrik la.

VI) 6èm Chèf Akizasyon - Pou zak abi, asasinay repete, kadejak san rete Blan Panyòl ak konpayèl yo te fè sou popilasyon endijèn nan ak tout nèg nwa ak nègès nwa granmoun kou timoun yo te kòmanse depòte kòm esklav depi 1502 san konsiderasyon pou diyite yo ak Dwa Moun yo.

VII) 7èm Gwo Akizasyon: Pou mepri total, eksplwatasyon tèt kale nan esklavaj ak kolonizasyon Blan Panyòl ak konpayèl Ewopeyen yo te egzèse sou tout pèp lòt koulè ki pa’t blan: Moun wouj, Moun Nwa, Moun Bren, ansanm ak tout metis yo te kale mete sou tè a.

VIII) 8èm Gwo Akizasyon: Pou "trèt", ki vle di komès sal "Endyen ak Endyèn" Nouvo Kontinan an; "vrè Endyen ak Endyèn" nan Loseyan Endyen an ak Nèg ak Nègès yo te kidnape anpi depòte sòti sou Kontinan Lafrik la ke blan Lewòp te kenbe pou piyay, ou te achte pou pakoti anpi te vann, revann nan peyi Lewòp yo ak sou Kontinan Meriken an.

IX) 9èm Gwo Akizasyon: Pou neglijans, Mechanste ak move tretman, matlo, maren ak Kapitenn bato blan Ewopeyen yo te poze nan bato pirat-flibisye ak bato negriye yo sou Endyen Lamerik yo, Endyen Loseyan Endyen yo ak Nèg ak Nègès pandan travèse lanmè Atlantik la ki te lakoz an mwayen (1/2) mwatye kagezon esklav potansyèl yo te mouri nan pasaj la.

X) 10èm Gwo Akizasyon: Pou tout kalite zak Djim Kwo (Jim Crow) zak malonèt, krazezo, tòti, pann san rezon nan premye pye bwa ou jwenn nan, nwaye, ekatele-demoli ak kat chwal k’ap kouri (4) kat chimen, boule vivan ke blan Kolon yo ak konplis yo te pran plezi komèt sou pèp lòt koulè ki te sou dominasyon yo.

XI) 11èm Gwo Akizasyon pou move tretman inimen Blan Kolon ak tout anvayisè blan yo te bay pèp endijèn yo ak lòt pèp ki pa koulè blan yo lò yo te retire dwa yo a kilti yo, a pale lang yo.

XII) 12èm Gwo Akizasyon: Dènye Kras Imilyasyon sa-a Kolon Blan Panyòl yo te konte Esklav lòt koulè yo tankou pwopriyete yo, tankou bèt gadinaj yo te posede nan pami bèf, chwal, milèt, bourik yo, ak tout vesèl ak kay yo tou, yo te deklare yo bay notè ak grefye tribinal nan testaman yo, pou eritaj.

XIII) 13èm Gwo Akizasyon. Pi gwo veksasyon ak ensilt enpadonab la, se atanta pou diyite ak dwa moun sa-a lè yo t’ap vann esklav yo ozanchè. Lè sa-a, yo te mete yo prèske toutou-ni, pase lwil sou yo, pou mis yo parèt, tcheke dan yo ak pati ba nan kò yo. Anplis lè y’ap ba yo non, se nenpòt ki koyensidans, nenpòt ki kaboulaou ki te non yo: "Anbapon", "Kakapoul", "Tonnè Gwonde", "Laplidri" elatriye... Lè yo te kenbe yon esklav ki te sove, Kolon Blan an te asouvi raj li sou li.

VX) 14è Gwo Akizasyon: Pi gwo manti Kolon Blan yo bay, pi move kont yo tire, yo deklare yo te an misyon evanjelizasyon ak sivilizasyon kont tenèb ak babari eke tout bagay te fèt pou sove pèp de koulè a ak Lakwa Kris la. Se poutèt sa non Lamiral Loseyan an, Viswa peyi Lespay lan Cristobál Colón te bay Nouvo tè l te "dekouvri yo" tout ansanm se te « Tierra Sanctae Crucis » (Tè Lasent Kwa); listwa montre nou bon an se ta « Tierra Via Crucis » (Tè chemen Lakwa).

-Repòtè TV ak Radyo Aprè yon pòz-

— Grefye Robeson Kontinye pou l di Prezidan Jiri Tribinal Global la, li fin li Zak Akizasyon an.
— Sètalò ke Gran Jij Mohandas K. Gandhi frape Mayèt pou l mande Konsèy Defans lan - Kisa L’ap Plede-
— Konsèy Defans lan reponn ankè: Non Koupab Non Koupab -(2) de fwa-
— Jij Mohandas K. Gandhi deklare:
— Lapawòl pou Ladefans alò Defansè prezante ka nou an sou pi bon jou ke n kapab.

P.S. Se la n’ap rete 8èm Leson an. Etidye byen fè n tande enpresyon nou (feedback), paske tankou n avèti nou, pwosè sa pap tankou tout lòt yo, li gran, li laj, li imans paske non sèlman l’ap etann li sou 5 syèk 1/5e, 520 tan men n’ap fè l ak tout sa n genyen nan makout nou = Materyèl-Relijyon-Spirityèl-Entelektyèl-Mistik tou.
Alò n’a wè ankò, nan kèlke jou... Degaje n pran sans kouman Pwosè a ap dewoule.


_________________
Richie est un grand musicien qui ne peut pas être compris du commun des mortels, car les notes qu'il émet sont trop élevées pour les oreilles du vulgaire.
Back to top
View user's profile Send private message Send e-mail

Author Message
cuttableman21



Joined: 29 Nov 2007
Posts: 2260
Location: The Big apple

PostPosted: Mon Apr 16, 2012 7:57 am    Post subject: Reply with quote

Nou tap mande pou leson,men leson. Pwofese a tiye nou ak leson jodi a.Mwen pral monte do kay la,pou'm ka byen etidye.
Back to top
View user's profile Send private message

This forum is locked: you cannot post, reply to, or edit topics.   This topic is locked: you cannot edit posts or make replies.    KOMPA! MAGAZINE Forum Index -> Let's Talk! All times are GMT - 5 Hours
Goto page 1, 2, 3, 4  Next
Page 1 of 4

 
Jump to:  
You cannot post new topics in this forum
You cannot reply to topics in this forum
You cannot edit your posts in this forum
You cannot delete your posts in this forum
You cannot vote in polls in this forum
Geo Visitors Map


Powered by phpBB © 2001,2003 phpBB Group Silver_Xire background picture © BaRiMzI. made by  BaRiMzI