KOMPA! MAGAZINE Forum Index KOMPA! MAGAZINE
The site for Haitian Music News as it happens, debates & more.


Lèt Tou Louvri Nèg Timid Pou Prezidan Michel Joseph Martelly

 
This forum is locked: you cannot post, reply to, or edit topics.   This topic is locked: you cannot edit posts or make replies.    KOMPA! MAGAZINE Forum Index -> Let's Talk!
View previous topic :: View next topic  
Neg Timid



Joined: 06 Apr 2006
Posts: 3258
Location: Brooklyn, NY/Gonaives-Artibonite

 PostPosted: Mon Jul 18, 2011 6:25 pm    Post subject: Lèt Tou Louvri Nèg Timid Pou Prezidan Michel Joseph Martelly Reply with quote Back to top

Nouyòk, 16 jiyè 2011


A.S. Sa fè de (2) mwa epik depi ou prete sèman kòm Prezidan ak 67% vwa pèp la, ki vle di yon majorite ekrazant. Pa kite okenn madigra mal maske bloke peyi a sou nou. Mete yo nan wòl yo, pase alaksyon. Demokrasi, se yon chimen jennen ki long, pèp ayisyen poko fòme, yo pa ase edike pou viv nan Demokrasi Total-Kapital. Mare senti ou sere, bande tèt kale w la, twouse manch chemiz ou. Mete ou nan kondisyon D. Ayiti bezwen yon Anri Kristòf double ak yon Salomon plis yon Tonton Nò pou l vanse. Franse a di ou: « Une roche tendre s’effrite. » Mare karaktè ou Prezidan san sa y’ap lolo ou pou yo lala ou.

Lèt Tou Louvri Nèg Timid Pou Prezidan Michel Joseph Martelly

— Sonnekselans Misye Prezidan Peyi Dayiti.

Responsab Devan Bondye ak Lèzòm Destine Pèp Ayisyen an.

N’ap ekri ou jodiya ann Ayisyen, nan lang entim ayisyen yo, pou n fè ou konnen ke depi plis pase (20) ventan n’ap viv byen lwen peyi nou, sou tè etranje ki akeyi nou se vre; men ki oubyen twò frèt oubyen twò cho; anpi kote kilti ak mès yo trè diferan de pa nou, lè n pa twouve yo pafwa etranj sinon dwòl.

Nou kite peyi n, poutèt move politik egoyis, kriminèl (2) de grenn gòch predesesè ou yo, gwoup dirijan anvan ou yo, t’ap mennen lè yo t’ap pran plezi fè moun ki pa panse menm jan ak yo, ki pa gen menm edikasyon ni menm fòmasyon ak yo, « tout sa k pa sa.» Konsa kriminèl zago loray sa yo te kreye nan tan pa yo, sikonstans lavi ki te lakòz nou sèt oblije bwaze, degèpi, kite peyi n pou n’al chache lavi lòt kote. An n site yon ti kal nan sa yo t’ap fè pou mennen sitwayen onèt yo nan pòk :

1- Zòt t’ap arete moun debyen san rezon, fè montaj sou ou, fèmen ou nan prizon, anpi yo jete kle selil ou a nan fon lanmè, pandan yo t’ap pile ti bebe nan pilon pou yo ka fè (50) senkantan opwouvwa ap vòlò, kidnape, vann dwòg.

2- Zòt t’ap kidnape madanm, pitit fi, pitit gason, sitwayen onèt (doktè, enjenyè, kontremèt, mekanisyen, agwonòm, enfimyè, kontab, komèsan, pwofesè, elatriye...) ke yo konprann ki rich, yo ba yo move non boujwa, pou yo vyole yo gason kou fi, matirize yo, tòtire yo, pran lajan yo nan move kondisyon, anpi lepli souvan touye yo, lage yo sou pil fatra selon lòd ak fantezi dirijan fòs fè nwa yo.

3- Zòt te ranje ak etranje pou fè yo rantre nan òganizasyon peyi a: Tele-Kominikasyon (pa egzanp, lè m rele paran m ki ann egzil an Frans ak yon kat $2, mwen pale pandan 6zè 30minit jis bouch mwen fè m mal; tandiske lè mwen rele vye frè m yo ak sè m yo ki Ayiti de Nouyòk ak yon kat $2, mwen gen pou m prese pale vit pou 5 minit sèlman, alò Prezidan fè yon ankèt pou ranje sa-a non !). Zòt fè yo mele nan administrasyon otèl, komès an jeneral pou yo ba yo avantaj ekstraòdinè ak kondisyon yo ba yo ristoun. Lè sa-a yo fin piye sa k rete lè yo fin vann peyi a epi sètan ladan yo ap vin pi rich.

Al gade sou website celebritynetworth.com, pran nòt fòtin Aristide, tape non l, mete l sou "search" anpi konpare l ak pa Clinton, Bush, Obama, Fidel Castro, ak Wyclef Jean yon atis. Epi lè ou fin revoke jij kowonpi Aristide Préval te mete la pou akonpli fòfe yo, w’a mande (2) de mesye sa yo ak tout senatè ak depite makawon yo de ki Prevyen, paske mechan sa yo k bloke peyi a ap tann pou yo separe (13) trèz milya (trèz bilyon) dola a ak blan k’ap pote l yo.

4- Zòt pèmèt gen plis pase (2.000) de mil ONG k’ap jwi peyi a sou do pèp malere nou an. Klima peyi Dayiti, prentan pou toutan sa-a, se deja yon benediksyon pou yo. Vini wè y’ap fè lajan sou do malere pèp Ayisyen an ak tout anplwaye Minustah ki pap regle anyen nan peyi a epi k’ap ranmase fòtin voye nan peyi kote yo sòti a.

5- Fè jije tout vòlò ak ansasen Krim Kont Limanite dènye (20) ventan ki sot pase yo, lè sa-a va kòmanse gen sekirite. Tout kidnapè, kadejakè, vòlò machin pou dekrete « hors-la-loi » anpi leta asyisyen ap trete yo kòm tèl = pou sa yo ye a.

6- Fè demaske devan pèp la tout malandren ak malandrin ki degaje yo vòlò; piye tout sa yo kapab pou asire demen yo.

7- Debarase ou tankou pis, pinèz ak karapat kou mèt Jan-Jak de tout moun kap fè konplo frekan egoyis pou bloke yon peyi ki fin kraze nan tranblemandtè 12 janvye a, ki sibi kont inondasyon ak siklòn; san konte ouragan Titid ak Ti René pase ak repase sou peyi a lè n’a fè bon jan odit kontab pou n konnen apeprè konbyen kòb ekip dwèt long siperyè parenn mafya sa yo ale ak yo nan vòlò byen peyi a, nan kidnapping ak nan dwòg nan bay vann ti poud blanch lan pou leve 60 a 70% pou benefis yo selon monkonpè yo (Jacques Kétant), gad dikò yo, chèf polis, ak senatè lavalas ki te nan prizon nan Eta Meriken Florid.

8- Kounyeya, kòm bandi voryen sa yo deklare apre ke yo fin bay blakawout lè ou t’ap prete sèman, apre ke Ti René te derefize pase echap pou ou, apre ke yo deklare Mateli yon ti mizik-chen ke y’ap pase nan tenten jous jou malè ou ki vle di lè w’a dekouraje epi w’a bay demisyon w, ousinon, mande Dye padon pèp la leve kanpe kont ou. Y’ap ranvwaye depi se moun ou voye pou premye Minis douvan Palman an paske yo pap admèt moun serye k’ap vin mete sekirite ak jistis pou mete yo nan prizon oubyen fè yo kraze rak kòm mechan, kriminèl zago-loray ak malfèktè. Kontakte Mme Michèle Pierre-Louis (ansyen Premye Minis) pou l fè ou rapò sou kont mal taye Zòt te vle mete sou do l la... Se pou koze sa-a rive Lajistis ansanm ak zafè amandman konstitisyon an ki koule tankou dlo sou do kanna.

9a- Anpi, Prezidan gen zafè kolera a, yon batayon Nepalè nan Minustah ki lakòz (60.000) swasant mil Ayisyen kontamine, (7.000) sèt mil mouri nan kolera. Nepalè sa yo pa dwe rete nan peyi Dayiti yo dwe bay tè a blanch, san okenn diskisyon. Sa k pi rèd, yo twouve, nan LONI ak Minustah ap bay manti pou envante ke te gen kolera deja ann Ayiti. 7.000 Ayisyen mouri, se yon jenosid.

9b- Non sèlman moun LONI vin pou yo fè bè yo sou do nou; men yo gen lè gen konsiy pou detwi pèp Ayisyen ke dapre Brezilyen Ricardo Seitenfus (62 zan) ki te reprezante l'OEA nan peyi nou depi 2008 yo vini pou oprime pèp Ayisyen, anpeche l respire, anpi sitou anpeche Ayisyen kite ti zile yo a, rete, mouri lakay yo tandiske touris espesyal sa yo ap viv gra tankou chat mawon nan savann. Loni Minustah ak LOEA pa gen okenn misyon pou fè kwakseswa pou Ayiti, se abi y’ap fè ak kòb y’ap ranmase.

9c- Anpi, fòk gouvènman an mennen yon ti ankèt serye pou l jwenn otè krim sou (3) twa Ayisyen ki t’ap pwoteste Okap Ayisyen kont chenapan ki ba n kolere a. Epi se pou jistis fèt, li pa ka bon ni jis konsa a pou sòlda Minustah yo ap koupe-rache, touye kraze Ayisyen san rezon epi pou y’ap jwi enpinite. Se pou yo al jije tankou jeneral sèb yo nan Tribinal Entènasyonal La Haye. Yo pretann Ayisyen pa gen dwa mennen yo lajistis, woy m’ap reve epe Dessalines lan ak sab Anri Kristòf la.

10- Alò Prezidan Michel J. Martelly, pou pote gerizon maladi sa yo w’ap sere senti kanson ou byen « tight », w’ap mete yon bandana wouj eble nan tèt kale ou la epi w’ap pran pouvwa a ak gason kanson ki nan pati ou la " Repons Peyizan " ak tout lòt pati politik ki vle travay di pou byennèt pèp ayisyen... Lè Leseyè Jezi-Kris t’ap mouri pou l te sove pechè latè, ajan dyab ki t’ap egzekite l yo ekri sou tèt li:

INRI = JESUS NAZAREUM REX JUDEORUM (trad) Jezi Nazareyen an, Wa Jwif yo.

Nou dwe mete l konsa pito paske nou Inisye fò:

INRI = Igne Natura Renovatur Integra - La Nature sera intégralement regénerée par le feu - Lanati reparèt pi bèl total-kapital apre dife. Ou konprann pale langaj la byen Prezidan, se pa yon jiwèt ou ye... « Sa k pa byen ranje kò yo. »

11a- Kidonk Prezidan Mateli, Mate sanlizaj ki an rebelyon kont otorite pèp la ba ou a 67% an. Deja gen gwo kriminèl nan pami Senatè yo ke Mesye Gousse te mete nan prizon sou Bonifas Alexandre, epi ki te denonse piblikman epi kareman pa bandi-chimè yo te konn voye fè krim yo.

11b- Bandi yo konn di lè w pral fè krim: « rele nimewo sa-a » ki se nimewo telefòn Minis Enteryè a, ki senatè kounyeya a.

11c- Gen lòt k’ap pale fò ak ou Prezidan, tank yo frekan. Anpi tout moun konnen bab sèten Senatè ak Depite sa yo plen farin, yo nan trafik poud la fon.

11d- Gen lòt menm Amaral Duclona ap tann yo vin nan jijman nan peyi Lafrans, voye yo ale jwenn bandi parèy yo a, ekzekitè « des hautes oeuvres yoa » san ezite.

12- Premye aksyon se mete bon jan sekirite nan peyi a. San sekirite pa gen ekonomi, pa gen envestisman. San envestisman pa gen travay, e san travay tout pèp la ap grangou.

13- Dezyèm mouvman an se deklare ke anpil Depite ak Senatè te eli nan koken K.E.P. ak gouvènman Préval t’ap fè. Anpi yo vle ou rete yon jiwèt, yon pope twèl pou se yo k’ap kòmande, sitou gen pwomès (13) trèz bilyon pou refè Ayiti. Sèten bandi nou konnen ta renmen pou yo pre asyèt dòb ak woti sa-a pou yo devore li ak asasen, vòlò, kidnapè ak "drug dealer" parèy yo.

14- Non, sa se twòp atò. Mete yo deyò, ni nan Sena a, ni nan lachanm lan; choute dèyè yo pou yo pa vin nan gouvènman an: sa k fè tout moun sezi chyen dòm sa yo ap mande Minis Enteryè, Minis Finans, ak Minis Jistis pou yo ka kontwole peyi Dayiti... Yo pap sis ! Mete yo yon kote pou yo reflechi epi peyi a va debarase, lè ou mande gouvènman Franse, gouvènman Kanadyen, gouvènman Almay, gouvènman bèlj, gouvènman Meriken, gouvènman peyi Laswis, gouvènman Japonè, gouvènman Laswèd, gouvènnan Lawoland, gouvènman LaNovèj, gouvènman Kolonbi, gouvènman Chili, gouvènman Kosta-Rika, gouvènman Lajantin, gouvènman Meksik, gouvènman Venezwela, epi gouvènman Brezil pou yo degaje yo ede mete Lekòl pwofesyonèl, Inivèsite, Lekòl Segondè, Lopital, Klinik, Dantisri, Matènite anpi ede peyizan ayisyen nan agrikilti ak elvaj: bèf, kochon, kabrit, mouton, dend, zwa, pentad, poul, pijon, kanna, cheval, bourik, milèt. Plis sèt (7) izin sikriye tounèf Okay, Okap, Pòtoprens, Leyogán, Nan Nip (Nippes). Refè forè nou yo, reamenaje sòl nou yo, entèdi moun bati nan zòn sous yo, nan ravin avèk sou tè friyab, ki pa kap kenbe anyen. Mete izin idwo-elektrik toupatou kote nou gen rivyè dlo ap gaspiye ale nan lanmè. Bat pou mete 50 milyon megawat enèji solè nan tout mòn nou yo, rele Taywann avèk Alman, Meriken, Kanadyen Japonè pou sa. Pa bliye enèji ewolyèn, enèji van an tout peyi sa yo nou sot site yo plis Lend ap pran plezi degaje yo ak nou. San enèji sa yo n’ap toujou rete koukouy, libelil nan tenèb zòt kite pou nou. An n bay pèp la yon ti lache !

15a- Pa janm bliye mande yo, pou yo fè yon Express Way, Wout Dirèk sòti Gad Kòt pou Bisantnè a; ak 8 vwa: (4) kat ale (4) kat tounen.

15b- (12) douz pasaj a nivo doub (anwo-anba) k’ap gen (6 ou 7) sis ou sèt sòti, ki bay sou diferan wout pou degaje sikilasyon oto yo.

(2) De "turnpike", an fòm areye oubyen pyèv, men toujou ak (2) de nivo nan Kafou - (anwo ak anba) + (5) sòti chak nivo.

(2) De "turnpike", (2) de nan Matisan, (2) de nivo anwo ak anba + (5) sòti, chak nivo.

(2) De nan Riyèl Nazon (2) de nivo anwo ak anba + (4) sòti chak nivo.

Youn (1) nan Kafou Ayewopò a Delma (2) de nivo + (5) senk sòti chak nivo.

(2) De sou wout Ayewopò nan kote sikilasyon dwe fè degajman yo + (5) senk sòti.

(3) Twa lòt sou wout Delma a Delma 31 + Delma 19 + Delma 48 ( 2 nivo 4 sòti chak) + kote sikilasyon konn bloke anpil bay bouchon ke n pa konnen depi tout tan sa-a nou kite peyi a.

16a- (3) Twa lòt wout aksè Petionville - Kenscoff ( konsa chofè yo a gen mwens estrès, sikilasyon an ap lwil) pa anndan (Est et Sud Est).

16b- Yon (1) wout aksè Kenscoff - Furcy - Jacmel.

17- Sonje bay jistis pou krim kont limanite Mireille Durocher Bertin, Jacques Roche, Sylvio Claude ke yo te boukannen pou yo manje, Brignol Lindor, Jean Dominique, byenke moun ki te pi pre l yo te trayi l... François Latour (aktè), kolonèl Roger Cazeau ak tout lòt militè ki mouri mal de 1995 - 2004; paske yo te gen kont randi lajan pansyon Lame nan men yo eke yo pa’t nan konpwomi pou te bay vòlò, chat mawon papye yo.

18- Fè tout sa nou di ou la san pè paske Letènèl ak ou, si ou ka rive la-a Prezidan, nan mitan layenn tout bandi sa yo, tout malandren sa yo, k’ap kontinye kenbe peyi a annotaj; sou fren ak sou bak pou Ayiti antre pi fon nan tchouboum.

19- Pa janm pè - paske depi sou non ou = Pou Mond Anlè a -

Joseph: yon moun ki pran responsabilite kòm Gran Inisye pou l marye ak dam ki fè pitit pou Lespri Bondye a, ki nouri, elve, fòme Jezi Kris jouska ke l te vin gen (13) trèzan, laj tout jwif tounen gran moun, adilt.

Michel: Akanj sa-a se Chèf Lame Nan Syèl la, se li menm ak twoup li ki kale dyab ak tout ajan bandi, vagabon, mafya, malfèktè l yo. L’ap boule ak dyòlè, medizan mal palan ki ap egzije pou tout koken antre nan gouvènman w nan.

Martelly = N’ap di l ann Ayisyen lè n manje (r) la, Mate-Li = bat vagabon, kraze yo, fè yo rete nan wòl yo tankou Jezi te kale machann nan tanp Letènèl la.

20- Anpi, nou te wè ou-menm ak madanm ou t’al kominye... Kidonk w’ap sèvi Gran Mèt la. Alò toujou kenbe Sè Klè, Monseyè Poulard, Monseyè Kebreau, ak Pè Krampyon kote ou - Rele Monseyè Legliz Anglikan an; rele Pastè Pwotestan yo - Rele Fran-Mason ak Rozikrisyen ki sèvi Bondye Fran yo; fè yo fè yon pwosesyon ki sòti nan (7) sèt direksyon diferan. Men Pakou a:

1- Kafou, Thorland, Matisan, Bizoton, Mòn Atif ak Soudal.
2- Kafou Fèy ak Bas Peu de choses -
3- Furcy, Kenscoff, Fermat Laboule, Grenier, Boutillier, Petionville pa Kanape Vert -
4. Frères - Petionville nad Delmas par Delmas via Delmas 18 -
5- Bas-Delmas [18 a 1] dizwit rive nan Delmas 1 (Madsen - Brandt) pran Bel Air ak Ri Sen Maten.
6- Croix des Bouquets, Croix des Missions, Cité Soleil, La Saline, St. Joseph pa (Ave J. J. Dessalines grand Rue).
7. Tout pawas St. Anne Sacre Coeur, St. Louis Roide France, Nazon ak alantou l via Ave Pouplard ak Ruelle Audain.

— Tout moun ap chante, lapriyè bouji nan men sa k kwè nan sa, epi y’ap vin chante priye devan dèyè toutotou Palè a ki se premye moniman pou ou repare paske se anblèm peyi a. Fran-Mason 33è grad, Tanpliye kadòch ak 30è, Rosikrisyen 10è, 11è ak 12è grad, tout Monseyè, Aglikan, katolik women ak chanwán yo, tout gwo pastè pwotestan yo ak Pè ak Mè ki fè egzòsis yo va rantre fè tou Palè a, pou yo fè egzòsis pou move zè al fè wout yo.

Pinggga okenn vagabon nen long, je twèt pèmèt mande kote w pran kòb pou ranje Palè a, oubyen pou soti malere anba tant, mete yo yon kote ki desan, pase se ak kòb nan pòch ou w’ap fè l, se ak kòb ou fè « fund raising », ou leve pou kò w ak zanmi w w’ap fè l, se pi gwo frekansite pou yon bandi dekore ap pèmèt li mande w kote ou pran kòd pou fè solidarite sa-a ak sitwayen Ayisyen. Menm si se te yon move lajan, fòk yo ta koupe l kout je, fèmen djòl yo paske l ekri nan bib la ( pastè pwotestan yo pral di nimewo chapit la ak vèsè a paske m bliye li; men nou kwè l te nan evanjil selon Luc, oubyen nan pwovèb yo.) « Faites du bien avec des richesses injuste. »

21- Apre seremoni sa-a — pawòl la di ou se Bondye k kreye tout bagay, menm Dyab la ki ak lògèy te antre an rebelyon kont li a... Alò nou pral ka zansèt nou yo avèk jwa san wont enbesil.

W’ap fè Madanm ou mennen ou lakay li, nan Lakou fanmi l yo Gonayiv. Ou pral kote zansèt nou yo te pran desten yo an men pou yo te kraze chenn esklavaj la ajamè.

W’ap desann nan Souvnans epi pou pa gen jalouzi w’ap rive Lavil-Okan epi w’ap fè gran detou a w’ap vizite Lakou Soukri.

P.S. Sonje ke ou va ede espri zansèt nou yo si yo sèvi ou. Men ou pap sèvi yo paske se Bondye Sèl ki gen dwa a yon kilt adorasyon ak venerasyon eke ou se sèvitè Bondye.

22- Lè ou fin sòti la; wè ak moun peyizan Papay yo (Chavanne Jean-Baptiste); wè ak Senatè Latòti, ak Madanm Manigat, Baker, pati Sylvio Claude la, sèten moun OPL (Evans Paul, K-plim), Monseyè, Minis ak jeneral ki retrete yo, Mme Ertha Pascal Trouillot, ak Victor Benoît ak tout ansyen prezidan sof kriminèl dan sere nen twouse, zòrèy kouche yo ki gen lanbi dirije peyi a nan move direksyon pandan syèk dè syèk. Monseyè Katolik ak Anglikan yo, ak Pastè Pwotestan yo anpi ansanm ak yo, ak tout lòt alye ou yo.

23- Nonmen tout direktè jeneral nan tout Ministè. Nonmen tout direktè depatmantal nan tout Ministè. Nonmen tout Administratè ak Kontab + asistan Kontab nan tout Ministè ak direksyon Leta responsab. Nonmen Direktè Kontribisyon; revoke ak chanje jij paske genyen k pou al dwat nan prizon; fè ankèt sou sèten notè volè k’ap tolere vòl teren ak kay nan tout peyi a; revoke polis ki pa bon yo. Nonmen yon responsab Ministè yo, anpi nonmen (6) sis blan enpasyal (Kanadyen, Fransè, Meriken, Bèlj, Alman, Espayòl) pou sipèvizyon ak odit pèmanan, pou anbisye kite vòlò pase y’ap fè omwens (30) trantan prizon.

Sonje reklame nan men Meriken yo pa Bill Clinton pou yo remete dola-a ($) a parite l te ye lè konvansyon an te siyen ant leta Ayisyen ak peyi Meriken an 1929 swa (5) senk goud pou yon dola, lè Meriken te leve tout rezèv lò Ayisyen pou al sere nan fò nan peyi l. Epi, sipliye Meriken pou yo sispann fè nou lagè ekonomik ki ap fini ak pèp Ayisyen an. Dola a twò wo ! Lagè ekonomik pi rèd lontan pase lagè Militè.

— Bay bon jan sekirite anpi reflechi anpil, pa kite okenn Blan trennen ou; mennen ou nan pòk, reflechi epi fè sa k bon pou pèp ayisyen an. Sa k bon pou peyi a.Gen anpil ONG (òganizasyon nan ti gòdèt) se òganizasyon vòlè, sansi k’ap souse pèp la, malfèktè yo ye, fè CNN, ABC, Radio Canada, Radio France, NBC, TV5 ak France 2, BBC de Londres vin mennen ankèt sou yo.

N.B. 1- Voye Nepalè yo ale nan peyi yo epi mande reparasyon.

2- Fè ankèt sou sòlda LONI Minustah ki te touye Manifestan Okap kont kontaminasyon Kolera a.P.S. Senp Rapèl: Sonje nan Relijyon Zansèt nou an, non w pati konsa:

Joseph = Papa Loko Atisou = Se li k bay Oungan ak Manbo Asogwe pouvwa lè yo kouche pou resevwa ason = Enèji l nan gwo van tanpèt, espri lè souf Gran Mèt la ki bay otorite.

Michel = Se Agawou yon lespri Petro, yon lespri Dife, yon lwa cho, ki pito vole olye l kite djab la manje l.

Mate-Li = Se ou menm menm ki pou egzèse pouvwa ou mate yo = revoke vagabon, arete bandi kèlkilswa; mete kidnapè "hors-la-loi" epi trete yo kòm tèl. Konsa nou si-e-sèten ak lèd Bondye Peyi Dayiti va beni.


Sigjeksyon e Rekòmandasyon: Kounyeya, dapre eleksyon an ou se, apre Dye, pi gwo gran moun ki responsab peyi a. Alò pran wòl Gran Moun responsab ou. Peyi Dayiti andèy pou (400.000) katsanmil pitit tè a ki mouri nan tranblemandtè, (7.000) sèt mil ki mouri nan kolera, (2.000) demil ki mouri oubyen ki pòte mankan nan inondasyon, alò fòk oumenm Prezidan Mateli sonje sa toutan. Lè ou rive yon kote, byenke se Sweet Micky ki lanse Prezidan Martelly, bliye zafè Sweet Micky a epi konpòte ou korèkteman paske ou se yon Prezidan tankou tout Prezidan nan lemond, gen yon pwotokòl, yon konpòtman pou ou genyen; gen yon langaj ki pou chatye, yon pale moun de byen, ke ou ye lè ou lakay ou ak nan mitan fanmi w ak zanmi w. Nou andèy, nou admèt ou chante doulè nou, ou eksprime emosyon nou, santiman nou; men Pingga ! Pingga ! Pingga di betiz ankò, ni danse move ki vle di brase ren ou ni mande vagabon goumen, paske:

Vous Etes A Présent Le Président De La Fière Patrie de Dessalines, Christophe, Pétion, Boisrond Tonnerre, Capois La-Mort, Charlemagne Péralte. Faites en sorte que L'Histoire vous classe après les Héros de l’Indépendance qui ont contribué à libérer l'Amérique Entière sauf le Brésil, le Canada et l’argentine comme le plus perspicace et le plus compatissant des chefs d’Etat Haïtiens.

Que l'Eternel Tout-Puissant Nous Bénisse et Nous Garde tout entier à son Divin service.

Fiat ! Fiat ! Fiat !

_________________
Richie est un grand musicien qui ne peut pas être compris du commun des mortels, car les notes qu'il émet sont trop élevées pour les oreilles du vulgaire.
 
View user's profile Send private message Send e-mail
dalida



Joined: 14 Jun 2009
Posts: 1697

 PostPosted: Mon Jul 18, 2011 7:44 pm    Post subject: Reply with quote Back to top

Neg Timid, mwen we ou gen on bel rev. Mwen ta swete lew reveye ou pa fe ke.
Men mwen garantiw, by next year if not sooner,
Michel Martely pral milione ak madanm li ak pitit.

Now Michel Martely was never my Candidate. But now he is my President and want him to succeed so that my brothers can have a better life.At least they'll be able to eat twice a day.but i doubt it very much there will be much change in Haiti other than michel and his friends bank accounts.
_________________
Alon bel fraz sa. Devan byen deye malllll.
 
View user's profile Send private message
Ekzaamp



Joined: 20 Sep 2007
Posts: 440
Location: Montreal

 PostPosted: Thu Jul 21, 2011 10:07 pm    Post subject: Reply with quote Back to top

Prezidan Matelly eli ak 67% vòt ki exprime nan 2e tou donk si nou konte konbyen biltin ki bon ki fè 67% nou ka realize ke sou kantite elektè ki genyen yo li pa reprezante 67% de 50%.

Prezidan an gem 5 an devan ni kidonk 60 mwa. Li deja pèdi 2 mwa ladan nan gwo ponyèt ak palman. Politik Ayiti se tè glise men ou pa ka aprann ni sou kote tèren an se nan mitan jwèt la pou apran ni.

Peyi a paka desann pi ba ke kote li ye paske gen anpil moun kap soufri Ayiti. Jwèt la mal kòmanse paske FNE pa nan bidjè Nasyonal la donk gen anpil zanmi ak akolit kap plen pòch yo sou do Diaspora kap voye lajan pou touye grangou nan vant fanmi ak zanmi.

Men La verite paka kache e mediokrite pa jan'm pote laviktwa.

Viv revandikasyon legitim diaspora ki bezwen pale ak fanmi li e voye lajan ni san ke atoufè pa vòlè lajan yo nan move kondisyon.

Ke Ayiti pase avan tout ti interè meskin chimè, kamoken, rat pa kk ak GNB yo.

Ayiti bezwen tout pitit li men tolerans zero pou tout Vòlè, Dilè dwòg ak kidnapè ki soti pou pran peyi a an otaj.

Li lè pou prezidan kale je li pou kwape tout zefèyis ki ap defann pòch yo e ki pa pataje kras vizyon pou Ayiti.

To ou ta pral gen yon kouri, manman pitit mare vant.
_________________
What goes around comes around
 
View user's profile Send private message
jeancelestin



Joined: 13 Mar 2006
Posts: 12591
Location: BOSTON - EN LAS TODAS PARTES

 PostPosted: Tue Jul 26, 2011 4:04 pm    Post subject: Reply with quote Back to top

67% bro is only 16% of people who could vote
Therefore, nan popilation 4.1 million ki ka vote, se a peine 700 milles moun ki vote pou MICHEL MARTELLY
De toute fason, gwo pwoblem
M swete Mr. Martelly, bonne chance
_________________
AUX PAS, AVEC LE KOMPAS!
 
View user's profile Send private message
Display posts from previous:   
This forum is locked: you cannot post, reply to, or edit topics.   This topic is locked: you cannot edit posts or make replies.    KOMPA! MAGAZINE Forum Index -> Let's Talk! All times are GMT - 5 Hours
Page 1 of 1

 
Jump to:  
You cannot post new topics in this forum
You cannot reply to topics in this forum
You cannot edit your posts in this forum
You cannot delete your posts in this forum
You cannot vote in polls in this forum
Geo Visitors Map