KOMPA! MAGAZINE Forum Index KOMPA! MAGAZINE
The site for Haitian Music News as it happens, debates & more.


ISTWA PEYI DAYITI LESON#7
Goto page 1, 2  Next
 
This forum is locked: you cannot post, reply to, or edit topics.   This topic is locked: you cannot edit posts or make replies.    KOMPA! MAGAZINE Forum Index -> Let's Talk!
View previous topic :: View next topic  
Neg Timid



Joined: 06 Apr 2006
Posts: 3258
Location: Brooklyn, NY/Gonaives-Artibonite

 PostPosted: Sun Feb 21, 2010 3:33 pm    Post subject: ISTWA PEYI DAYITI LESON#7 Reply with quote Back to top

Setyèm (7è) Leson : Rezistans Kasik Anri


Atis Plim: Nèg Timid


Depi 1493, Bartolome Colón, frè Kristòf, ke Amiral la te nonmen administratè an chèf zile Dayiti, ke yo te rele Hispañola a, t’ap chèche yon kote pou l te bati yon vil ki t’ap pote non papa yo, pou non an ka dire pou tou tan, devan lemond antye. Bartolome vin jwenn yon peyizaj ak yon anviwònman l renmen, sou bò goch larivyè Ozama a.

Li kòmanse bati vil la nan zòn sa-a, epi tout Panyòl ap gade l nan je, alò « je wont je », li kouri rele vil la Nueva Isabela, (Nouvo Izabèl); kidonk vin gen de (2) vil tou pre, ki vin pote non larèn Isabel.

Lè Amiral vin fè premye vwayaj la ann’ Ewòp, Bartolome vin rasanble tout pouvwa yo nan men l, nan administrasyon zile a, li transfere gouvènman zile Dayiti yo te rebatize Hispañola a nan vil nouvèl Izabèl. Epi l deklare ke de (2) vil ki tou pre pa ka pote menm non, li chanje non vil la, li vin rele l Santo-Domingo pou onore non papa l, li menm Bartolome, Domingo Colón (Dominik Colón) ki te papa Kristòf Colón tou. Bartolome tou pwofite estabòyèt tout "Endyen" ki te rete nan sektè Vila Santo Domingo a, ki t’ap revòlte tanzantan kont krim, vyòl, vòl, ak tout sa k pa sa Panyòl yo t’ap fè sou tè "Endyen" yo. Sonje ke chak fwa Panyòl yo te fin masakre "Endyen" nan yon sektè, yo te boule tout kaz, tout kay "Endyen" yo lepli souvan.

Francisco Roldan te yon kriminèl pami Panyòl yo. Epi tankou tout moun ki gen fon mechan, Msye te jalou "siksè", laviktwa lèfrè Colón te ranpòte sou lavi a, alòske yo pa’t Panyòl natif natal.

Lè Kristòf Colón te pati, Roldan te met nan tèt li ke Amiral la pa t’ap janm tounen ankò. Li mache tout kote ap chèche fè kolon Panyòl yo ak tout "Endyen" yo (lanbisyon Oooo !) soulve kont lèfrè Colón, an patikilye kont Bartolome.

Bartolome soti La Vega, vil kote l te gen yon ti boubout ke l te konn dòmi lakay li; li kouri rive Santo Domingo kote l defann tèt li kont Roldan, epi l kenbe la.

Roldan te fè tout sa l konnen, pou l fè abitan Xaragua yo leve kont Bartolome Colón, men yo pa’t okipe msye. Anfen, Roldan reyisi fè Mayobonex (Mayobonèks) yon sou-kasik ki te anba Kawonabo, pran lèzam kont Bartolome.

Lè Guaryonèks te vin nan ka, li te degaje l al refijye kay Mayobonèks ki te resevwa l ak tout kè l, menm fanm li te ba li, epi de (2) potorik gason sa yo te deside reziste ansanm jouska lanmò kont anvayisè Panyòl yo.

Bartolome te twouve ke atitid Mayobonèks la, t’ap tounen yon movèz egzanp nan koloni an. Alò, li deside mache pran "rebèl" sa-a. Yon maten, Bartolome rasanble san senkant (150) sòlda pou l al mete Mayobonèks nan wòl li. "Endyen" tann pyèj pou Panyòl yo, epi yo kale yo si tèlman, ke Bartolome blije kouri tounen. Pou militè pa twò wont, lè yo kouri tounen, yo bay mouvman sa-a ti non: « repliye » ( men se yon wont). Yo konn rele sa tou ("bat an retrèt") se menm bagay la.

Nou konnen, Panyòl toujou ògeye, Bartolome rasanble sèt-sansenkant (750) òm pòtan, twasan (300) kavalye ak kat-sansenkant (450) sòlda. Venteyen (21) jou apre li tounen nan kò Mayobonèks nan mòn kote l te abrite l la ak tout rezistan parèy li yo. Fwa sa, Bartolome Colón bat Mayonèks pwòp, jouk tan l fè l prizonye, epi administratè anchèf la mande sou Kasik ayisyen an pou l remèt li Gwaryonèks, konsa la konsidere ka l yon lòt jan. Mayobonèks reponn Bartolome tankou yon gason kanson dwe reponn, li di msye: « M pito mouri pase m tounen yon lach ki trayi frè m. »

Mayobonèks te gen yon bèl pitit fi ke Panyòl yo te fè prizonye ak li. Pitit fi sa-a te madanm yon jèn "Endyen", ki kouri vini epi l met ajenou nan pye Bartolome, pou l reklame madanm li. Sentespri genlè l te pase nan tèt Bartolome ki lage jenn dam nan menm lè a, san l pa mande lò ak lòt bijou kòm ranson.

Nan rale mennen kase, fouye toupatou, Panyòl yo resi kenbe Gwaryonèks, ke yo mennen ninote, mare ak Mayobonèks ke yo touye menm jou a 22 oktòb 1498 sou laplas piblik nan vil Santo Domingo.

Pou nou ka konprann byen a ki pwen Kolon Panyòl yo te malfektè, n’ap sètifye ke Diego Colón, pitit Kristòf Colón ki te vin gouvènè zile Dayiti yo te rele Hispañola a ( pa konfonn li ak monnonk li, tonton Bartolome) t’ap chèche, viv pi swa ak "Endyen" yo, fè yo soufri mwens; men te gen yon pakèt gwo moun, sou teren peyi Dayiti, ak nan peyi Lespay yo, gwo potanta, ke eksplwatasyon "tèt kale" premye Ayisyen yo, moun po wouj yo, te ranje, ansesans ke l pote lajan, plezi, ak pouvwa ba yo. Gran blan sa yo opoze yo aske "Endyen" yo te bouke soufri, kidonk yo te vle rann lavi "Endyen" yo minab (enposib).

Pou fè administrasyon peyi a vin miyò, wayòm Lespay la, oubyen pito Lespay Enperyalis te voye Mouche Rodrigo Albuquerque (Alboukèrke) an misyon pou l limite tankou yon apantè tout distri nan zile Dayiti. Depi l debake nan zile a, Rodrigo tonbe nan diskisyon ak Diego Colón, ki kouri pati pou lakou Lespay nan palè Wayal la pou l al pale de move ajisman Albuquerque ak lèzòt ki t’ap fè kont mal taye ak li t’ap voye monte. Pòv Diego ! Pèsonn pa koute l, menm jan yo pa’t koute papa l lè l te vin an disgras. Diego ta l pou l pale Wa Lespay lan pou Albuquerque ta ka fè resansman "Endyen" yo, men olye desa, li te tonbe vann "malere Endyen" yo tankou pil patat ousinon tankou kabrit pa pakèt. Anpi kolon Panyòl t’ap maltrete "Endyen" yo.

Men se pou n fè n sonje ke depi apre retou Colón an, lè Amiral la te mennen kèk "Endyen ak Endyèn" al bay "show" nan peyi Lespay, se te koutim, abitid anpil chèf Panyòl pou yo voye "Endyen" al vann kòm esklav nan peyi Lespay. Fòk nou note ke listwa rapòte ke an de (2) fwa, nan de (2) vwayaj sou kat (4) bato (pase gen de mwa menm karant (40) bato te pati de zile Dayiti pou ale dirèkteman nan peyi Lespay) Colón oudimwens lèfrè Colón te voye de (2) fwa senksan (500) "Endyen" al vann nan peyi Lespay. Yo te gen vandè (koutye) esklav nan wayòm nan pou okipe de sa pou yo epi bay yo pousantaj de revni an a sou vant lan... Sa a se zak babari pa vre?

An n tradwi rapò yon temwen esansyèl, yon temwen enpòtan malè "Endyen" yo, Pè Katolik Bartolomé de Las Casas ki te vin evèk Chiapas nan peyi Meksik. Koute mezanmi:

« Lò Panyòl yo antre nan ti bouk "Endyen" yo, yo te mande anraje, epi yo te rache koupe, granmoun kou timoun ak tout fi yo jwenn, san yo pa epaye sa k ansent ni sa k fèk akouche. Yo te louvri vant yo ak lans yo, oubyen ak epe yo. Yo te kraze pèp "Endyen" an tankou mouton ki al labatwa; epi yo t’ap parye antre yo pou wè kilès ladan yo k’ap rive koupe yon "Endyen" an de (2) ak yon sèl kout rach oubyen k’ap mete trip, fwa, kè ak ren "Endyen" yo deyò pi vit.

« Panyòl yo te rape ti bebe "Endyen" yo nan tete manman yo, epi yo te kenbe tilèzanj yo nan yon pye yo pou yo te kraze tèt yo sou yon gwo wòch oubyen yo kouri al lage yo nan kouran dlo k pi pre a pou yo nwaye, pandan yo t’ap di pou pase viktim yo nan betiz: " N’ap mete ou la-a pou n fè ou vin fre ! " »

Ki pi rèd, Bartolome de Las Casas ekri, ke Panyòl yo te konn mare "Endyen" yo sou de kokenn gwo gri laj epi long, (gri yo te konn boukannen bèf) epi yo te mete dife pou matirize "Endyen" yo. An n tande temwen Las Casas k’ap fè konfesyon l :

« Mwen te wè yo t’ap boule sou divès enstriman sa yo (gwo gri dife yo) senk (5) Kasik nan bouk la ak lòt "Endyen". Kaptenn Panyòl la santi l te endiye, paske gwo rèl Anmwey ! "Endyen" yo t’ap twouble somèy li. Li bay lòd pou yo trangle yo, pou yo te sispann fè bri nan tèt li; men kaporal bouro a, ki t’ap ansasinen "Endyen" yo, te pi fewòs toujou pase kaptenn an, li te refize fini ak mati l t’ap fè "Endyen" yo pase a. Li foure baton nan bouch "Endyen" yo pou anpeche yo rele, epi l fè mete plis dife anba gri yo pou double soufrans malere yo. M te wè tou yon pakèt lòt jan Panyòl yo te touye "Endyen" yo. »

Mezanmi, koute sa k pi grav ankò:

« Gen youn nan Panyòl yo ki t’al lachas; pandan l nan bwa a, li vin remake ke chen l yo grangou. Sa l fè, li koupe de (2) bra yon ti "Endyen" ki t’ap swiv li pou ede l (yon "helper") epi l bay dòg li yo manje. » Ala traka !

[Nou pran pasaj sa nan liv istoryen Thomas Madiou ke n tradwi an Kreyòl Tòm I, 1492 pou 1799, paj 18]

- Fòk nou fè n konnen ke tout move zak sa yo, sakrifis dyab, zak babari Panyòl yo t’ap komèt kont "Endyen" yo, relijye, mwán, frè, pè) fransisken yo te apwouve tout alèz. Las Casas li-menm manke viktim, dèske l te pèmèt li ap di Kolon yo, « Pran yon ti pitye pou "Endyen" yo, lache yo ti kras, sispann fè sa k pa sa. »

Alafen dèfen, Pè Bartolome de Las Casas te blije kite zile a, pran lanmè sou bato pou l rive jous nan peyi Lespay pou l te al defann kòz "Endyen" yo. Te gen yon Kadinal Panyòl Juan Ximenez, ki te mete Las Casas anba zèl li, pwoteje l, pote l sou do l pou l pa’t pile tè a, jous li te fin rakonte Wa ak otorite jistis nan peyi Lespay ki maswife Panyòl ap fè "Endyen" yo monte pa do san rezon nan zile Hispañola. Lè lajistis peyi Panyòl etidye ka a, yo tranche anfavè Las Casas ki tounen nan zile Dayiti ak tit: Pwotektè Inivèsèl Tout Endyen Yo.

Epi, pou pwoteje "Endyen" yo, ke Las Casas te sibitman tonbe damou fou, li fè voye nan zile Dayiti nèg nwè yo arete ak kidnape nan peyi Lespay. Fòk nou konnen ke lè sa-a, se te aprè lagè retablisman Krisyanism nan; nan peyi Pòtigal ak peyi Lespay ki te pase tou lède (2) sèt (7) syèk edmi sou dominasyon mizilman yo, Mòr yo. Yo tou pwofite kenbe nèg mizilman yo pou yo voye yo ann esklavaj, pou yo pa’t kontinye preche relijyon Islamis la, epi tou paske yo te nwa, pa prejije epi pa laèn. Se konsa vennsenk mil (25.000) nèg nwè mizilman kite peyi Lespay pou yo vin viv kòm esklav nan zile Karayib la ak nan Lamerik diSid.

Se apre sa, yo vin gen lide al achte pou peye an pakoti, prizonye nwa tribi rival afriken yo te fè sou kot Lafrik la: Pòtigè yo an premye, Lespay an dezyèm, Laholand an twazyèm, Anglè yo an katryèm, Franse yo an dènye; men Franse yo tèlman pa’t renmen navige ke yo te pito tounen kòsè lepli souvan, pirat vòlè amen ame k’ap bat pran kagezon lòt nasyon ap pote oubyen ka pral vòlò esklav nenpòt kote yo jwenn. Domaj se pa’t yo menm sèl franse ki te ap mennen biznis sa-a, Angle, Swedwa, ak Olandè te vin fè menm bagay la tou, byenke gwo boujwa franse, angle, swedwa, olandè te gen 4 ou 5 bato negriye, bato esklav pou yo te patisipe fò nan trèt nèg nwè epi te gen pò pou sa depi nan peyi Lewòp jous nan fon Amerik yo.

- Nèg nwè ke tout moun rekonèt kòm moun ki pi fò, vanyan, ki pi rezistan sou latè modi a te vin ranplase "Endyen" yo sou bitasyon yo, pou yo plante pou blan, rekòlte pou blan, jwenn min (mine) ba blan, epi tou sèvi yo esklav seksyèl tout jan. Men ti tan sa-a mechanste ki se yon reflèks nan kè blan yo, te fin akonpli jenosid, masak nèt al kole "Endyen" yo nan tout zile nan Karayib la, nan tout peyi lamerik Santral la, ak detyè (2/3) nan "Endyen" Amerik diSid la. Men "Endyen" yo te toujou opoze rezistans a Panyòl, yo pa’t mouri nèt san yo pa’t goumen...

Se konsa, gen yon "Endyen" Panyòl yo te rebatize, nan katolik, yo te rele l Enrique ( Henri an franse, Anri an Kreyòl). Msye, se te neve sou-Kasik Mayobonèks. Li te pitit sè gwo rezistan "Endyen" sa-a.

Panyòl yo te touye papa l ak granpapa l sou gwo gri dife yo nan Zaragwa, lè yo t’al pran Kawonabo ak Larèn Anakawona a, epi yo te depòte manman l ak (2) matant li nan peyi Lespay, pou y’al sèvi kòm esklav san dout. Panyòl yo pa’t ka sipòte ni tolere okenn "Endyen" k brav. Tout "Endyen" brav dwe anba tè oubyen mawon, pran bwa, pran mòn pou yo...

Anri te gen (6) sizan lè yo te touye monnonk li, Mayobonèks. Pè fransisken te pran l pou sèvis yo. Yo pretann yo elve nan relijyon katolik. Yo fè l tounen yon bon ti kretyen ki t’ap aplike vrèman doktrin Kris la te preche a: « Lanmou a nenpòt ki pri... » « Padone sa k fè ou mal... » « Vire lòt bò figi a bay. » Pawòl ke blan yo toujou pase anba pye yo lè y’ap sèvi ak moun lòt koulè... Lè nou vin kretyen, nou reyèlman pa kanmarad yo.... An n swiv istwa Anri a.

- Lè Anri ta pral gen (13) trèzan, pè yo bay Leopoldo Valenzuela, ti Anri pou l sèvi kòm esklav kay li. Valenzuela te twouve ti jennòm lan byen entelijan. Li montre l monte chwal pou l fè kous pou li; li fè l kondwi bogi, kidonk Anri vin tounen koche. Li montre l goumen ak epe, tire flèch, tire fizi menm, paske Anri te toujou akonpaye mèt li Leopoldo tout kote l prale, kidonk sizoka pa ka Leopoldo met nan tèt li ke Anri ta ka defann li...

Men, malè gen klaksòn, Leopoldo vin mouri sibit, pi gran pitit li a Fernando Valenzuela vin eritye tout byen papa l, ak tout esklav kay ak bitasyon yo. Fernando te gen move karaktè. Li pa’t nan griyen dan, tout ran ou pran n li te an kòlè epi l t’ap maltrete ni mètrès li yo ni esklav yo, ki plenyen anpil fwa kont sa bay otorite Panyòl yo, ki natirèlman pa janm bay plent yo swit.

Alò Anri ki te konn li, konn ekri, konn konte, kapab fè diferans ant byen ak mal, ant malè ak bonè, fini pa pran desizyon moun entelijan l, pa pou li senpman, men ak tout "Endyen" ki te esklav parèy li yo. Li sove al nan mòn Bahoruco yo ak douz (12) lòt esklav, fi kou gason.

Fernando Valenzuela vekse, move kou yon kong, epi l monte plan l pou l al chèche Anri ak tou lòt "Endyen" k te esklav parèy li yo, pou l mennen yo tounen sou bitasyon l lan, pou l fè yo konn jòj. Ay tonnè ! Se la-a wout Valenzuela fè move koub la ! Valenzuela manke wè ak zo grann li. Li monte alaso ak douz (12) lòt Panyòl parèy li. Anri ak kèk lòt "Endyen" plis esklav gason k te avè l yo bat Valenzuela pwòp. Anri touye de (2) Panyòl epi lòt kanmarad li yo touye de (2) tou, epi yo blese twa (3) lòt, senk (5) lòt ki wè yo nan ka, yo bwaze, yo mande: « pye sa m manje m pa ba ou », epi yo kouri san pran souf jous San Juan de la Maguana.

Pi bèl bagay, Anri ak geriyero l yo fè Valenzuela prizonye. An tout jistis, Valenzuela te dwe balanse nan bout yon kòd oubyen tèt li te dwe vole, detache ak kò l... Men non ! Lafwa ! Lapè Bondye lapè fè mal pou l al nan lanfè, (yo menase tout nayif ak pati sa a nan relijyon an ki gen "fòs-kote" pou viktim yo sèlman), ke Anri te kwè nan li, fè l tounen Sen ke legliz pa janm rekonèt. Li padone Valenzuela, li menm preche l larelijyon kretyen yo; men alafen li ba l yon brigad, li di l : « Si ou konn sa k bon pou ou, pa janm tounen la-a ankò ! ... »

Panyòl yo te vin chèche tout jan, yo pa’t vin pote anyen bay, yo vekse dèske Anri bat yo epi imilye youn nan yo, lè l monte l grandè relijyon kretyen yo ki te dwe gen yon lòt kondwit.

Alò otorite Panyòl yo, nan gouvènman an voye lòt ploton douz (12) sòlda ak lòt konpayi (120) sanven a (180) san katreven sòlda al atake Anri ak rezistan l yo. Ay ! Nad marinad ! Tout tan se menm koutbwa a, Anri bimen yo sal. Lè konsa yo pran zam Panyòl yo, yo vin gen epe, lans, kask, fizi, bouklye tou, epi yo bat Panyòl yo ak pwòp fwèt yo a; men swivan prensip fransisken yo te ba li depi l te tou piti, Anri rete yon kretyen fanatik ki pa tande l pa wè, se lafwa k ap sove l...

Panyòl yo ki pa’t vle rebelyon sou zile a ditou, ditou, voye pè k te konn fè katechis la pou fòme Anri nan relijyon katolik la, kote l, pou l ka fè Anri konnen ke l ta miyò pou li, si l depoze lèzam; natirèlman pè sa-a k te an misyon repale Anri de Bondye...

- Anri reflechi, li bay pè a asirans, ke l pap janm atake administrasyon Panyòl yo, menm lò yo te boule granpapa l ak papa l tou vivan sou gri epi yo te depòte manman l, de (2) matant li, yo pann monnonk li epi yo touye anpil "Endyen" l te konnen san rezon, se lanmou ak padon Kris la ki te nan kè l. Alò, Anri fè konnen ke se nan mòn li sètoblije rete pou l ka viv lib, kidonk, se Panyòl yo ki pou chanje pou lagè a ka fini, lè yo va sispann atake l ak "Endyen" parèy li yo.

Pandan (15) kenz an konsa, Anri k te chèf rezistan "Endyen" yo te vin Kasik, epi li jere administrasyon ti Kasika l an bon papa. Anri te sèl chèf nan Bahoruco a, nan plenn Neyba a rive jous nan etan an ki jouskounye a pote ti non li an panyòl "Enriquillo", tou pre fwontyè bò Malpas, dwat anfas Pòtoprens ( ki demoli pou moman n’ap ekri sa-a nan tranblemandtè 12 janvye 2010 la vè (4:53pm) katrè senkant-twa nan aprè-midi ).

Lè Panyòl nan peyi Laspay vin aprann aktivite Kasik Anri, yo enfòme konsèy Madrid, ki nonmen kolonèl Barrio Nuevo jeneral ak (1.500) mil senksan òm detwoup pou yo mete fen nan rebelyon Kasik Anri a, nenpòt ki jan oubyen pou yo fè yon trete ak li pou l rete trankil. Anri te malen, li te toujou fè katye jeneral li nan mòn Bahoruco a kote fò w gen fyèl pou mache rive.

Barrio Nuevo blije mache nan mòn ak senk san (500) sòlda. Se pa ti mizè msye pase pou l te jwenn Anri. Jeneral la te fè twa (3) pè akonpaye l tou sou milèt; pè sa yo te ka sèvi kòm entèprèt anka bezwen. (Epoutan Anri te pale Panyòl pi byen pase yo, paske se pa woutin li te konn repete, pè fransisken yo te montre l Panyòl selon règ gramè yo...)

Tout rezistan "Endyen" fi kou gason te antoure Anri, zam yo nan men yo, sa k nan twou, sa k nan pye bwa, sa k devan, sa k dèyè, pase yo pa’t fè Panyòl yo konfyans menm. Anri aksepte kondisyon Lapè Panyòl yo te ofri a pou Wa (Charles Quint), Carlos V (Quinto). Ak tout sa "Endyen" jwenn mwayen fè bèl resepsyon manje, ak bon ti ji bay bann san-manman Panyòl yo ki te vin pwopoze trete Lapè ak Kasik Anri.

Kòm Anri pa’t kwè nan senserite Panyòl yo (ak dekwa), li te ezite desann Santo Domingo pou l te siyen trete Lapè a. Kounyeya, yo voye Pè Bartolome de Las Casas kote l. Monpè pale ak Anri, li reyisi konvenk li pou l ale siyen Lapè a, eke yon plim pap sot sou do l nan okazyon sa-a. Epi Las Casas tou rive ak Anri nan vil Azua ak tout ayewopaj Kasik la. Las Casas batize yon pil ak yon pakèt "Endyen" pandan jou sa yo...

De vil Azua a, Anri rive Santo Domingo, kote l siyen trete Lapè a ak Panyòl yo, ki ba l ti bouk Boya a kòm rezidans li paske yo te nonmen l Prens Ereditè ki pa’t gen pou l janm peye okenn taks, okenn enpo bay Panyòl yo. Anpil "Endyen" desann sot nan mòn pou vin rete nan ti leta prens Kasik Anri, premye rezistan Ayisyen. "Endyen" sa yo te peple, te marye antre yo senpman. Men yo pa’t janm vle mele ak blan, yo te pito fè pitit ak nwa, esklav ou pa, se pretèks sa Dominiken yo, vin genyen pou yo rele tèt yo « Indiomoreno » "Endyen bren" oubyen "Endyen nwa" ( paske moreno vle di nwa an Panyòl, mo a vini de Mòr = mizilman ki te sot nan kontinan afriken an pou vin domine Lespay ak Pòtigal pandan sèt (7) syèk edmi.)

Nan mitan (18è) dizwityèm syèk la, tout moun te san-mele ak nwa. Kounyeya pa gen yon sèl moun, sou zile Dayiti a ki kapab rekonèt tèt li ke l se yon "Endyen" ras pi, tout moun se san mele.

Las Casas, ki te vin evèk chiapas nan peyi Meksik te pran retrèt li epi li te al mouri nan kapital peyi Lespay jou k te 25 jen 1566, li te gen (92) katreven douzan. Toujou sonje se li ki te bay lide fè komès esklav nwa yo, trèt nèg nwè nan kòt Lafrik, lè sou dikte l, Panyòl te kidnape epi depòte nèg nwè mizilman k t’ap viv nan peyi Lespay, voye yo vin sèvi kòm esklav nan peyi Karayib yo ak nan Amerik diSid.

Panyòl yo te brize tout rezistans "Endyen"; yo te ansasinen, boule vivan, oubyen depòte anpil "Endyen" ki te tounen esklav nan peyi Lespay. Gen yon lòt pati nan popilasyon "Endyen" yo, Panyòl te voye al vann nan peyi Lewòp yo epi sitou nan peyi Lespay. Pa gen anyen moun plen lanbi sa yo pa t’ap fè pou lajan, pou yo rich ak byen latè ke yo pa kab pote byen lwen. Panyòl te konsidere moun ki pa gen "po blanch" parèy yo pi mal pase zannimo.

Alò n’a konprann sa k rive lè yo te fin pran tout pouvwa sou zile Dayiti yo te rele Hispañola, jous blan franse te vin pran posesyon pati Lwès lil Dayiti a ak Trete Ryswick la nan lane 1696...

N.B. Nou t’ap tou konkli tan Panyòl yo nan setyèm leson an avèk jijman Kristòf Colón an ladan n. N’ap prepare pito jijman Kristòf Colón an ak Enperyalis Panyòl la nan yon leson pou kont li. Kidonk, se nan Uityèm (8è) leson an n’ap fini avèk tan Panyòl yo. Rete branche pou jijman Kristòf Colón an, ki ap yon èv nou poko janm li nan tout listwa limanite. Nou pral jije Kristòf Colón pou sa l te ye, pa sa yo vle fè nou konprann li te ye.

NT



TOUT LESON PASE YO

Entwo: http://kompamagazine.com/kmboard/viewtopic.php?t=26569
Leson#1: http://kompamagazine.com/kmboard/viewtopic.php?t=26681
Leson#2: http://kompamagazine.com/kmboard/viewtopic.php?t=26829
Leson#3: http://kompamagazine.com/kmboard/viewtopic.php?t=27044
Leson#4: http://kompamagazine.com/kmboard/viewtopic.php?t=27350
Leson#5: http://kompamagazine.com/kmboard/viewtopic.php?t=27646
Leson#6: http://kompamagazine.com/kmboard/viewtopic.php?t=27946
__________________________________________
Kèk Liv Nou Fouye:

Emile Nau, « Histoire des Caciques d’Haïti. Paris, 1955 »
Samuel E. Morison, « The Route of Columbus Along The North Coast of Haiti, and the Site of the Navidad »
Dorsainvil J.C., « Manuel d'Histoire d’Haïti. Port-au-Prince, 1934 »
Labat Jean-Baptiste, « Nouveau Voyage aux Isles de l'Amérique. Paris, 1742 »
Claude-Lévi Strauss, « Tristes Tropiques »
James Churchward, « Mu, le continent perdu »
« Popol-Vhu »
« Codex Cortesianus »
Madiou Thomas « Histoire d’Haiti, Port-au-Prince, 1847 »
Pierre Chaunu, « L'Amérique et les Amériques, Armand Collin, collection Destins du monde. »
John Boyd Thatcher, « Christopher Columbus: His Life, His Work, His Remains »
Richard Bessière, « Les civilisations perdues »
Buscar el Levante por el Poniente, « Journal de bord de Christophe Colomb »
Allaire, Louis, « 1973 Vers une Préhistoire des Petites Antilles »
Arrom, José J., « 1967 El Mundo Mitico de los Taínos. ed. Vol. .» Instituto Caro y Cuervo, Bogotá.
Loven, Sven, « 1935 The Origins of Tainan Culture, West Indies. ed. Vol. » Elanders Bokfryekeri Akfiebolag, Goteborg.
Michel Balard, « La Découverte en 2006 : Christophe Colomb, La Découverte de l'Amérique »









_________________
Richie est un grand musicien qui ne peut pas être compris du commun des mortels, car les notes qu'il émet sont trop élevées pour les oreilles du vulgaire.
 
View user's profile Send private message Send e-mail
jeanVALjean



Joined: 07 Aug 2006
Posts: 9356
Location: Florida

 PostPosted: Sun Feb 21, 2010 11:00 pm    Post subject: Reply with quote Back to top

Well done as usual atis la!
_________________
Music washes away from the soul the dust of everyday life.
~Berthold Auerbach
 
View user's profile Send private message
SIROMYEL



Joined: 11 Mar 2006
Posts: 9967
Location: TAMPA

 PostPosted: Mon Feb 22, 2010 9:56 am    Post subject: Reply with quote Back to top

gade on sezisman!

mwen te bliye bagay saa net oui.

will be reading later!
_________________
A man who has taken possession of his own mind may take possession of anything else to which he is justly entitled_ Carnegie
 
View user's profile Send private message
SIROMYEL



Joined: 11 Mar 2006
Posts: 9967
Location: TAMPA

 PostPosted: Mon Feb 22, 2010 2:06 pm    Post subject: Reply with quote Back to top

Just finished reading.

Bon bagay NT.

You've been absent for a while.

Glad to have you back.
_________________
A man who has taken possession of his own mind may take possession of anything else to which he is justly entitled_ Carnegie
 
View user's profile Send private message
Neg Timid



Joined: 06 Apr 2006
Posts: 3258
Location: Brooklyn, NY/Gonaives-Artibonite

 PostPosted: Mon Feb 22, 2010 3:04 pm    Post subject: Reply with quote Back to top

SIROMYEL wrote:
Just finished reading.

Bon bagay NT.

You've been absent for a while.

Glad to have you back.


Doun,

Epoutan mwen te la wi pa m nan ! Ou konnen apre afè bagay tranblemandtè sa-a, tèt tout moun te cho kon vè lanp. Sa k enpòtan, mwen la toujou ... Mwen pap fè « yon pa Kita, yon pa Nago », fòk mwen kontinye sa m kòmanse a, menm si se ou-menm avèk JVJ sèlman k’ap sipòte travay la. Menm lè nou poko rive twò lwen nan kou a, men nou gentan kouvri yon bon pati nan sa yo pa’t detaye pou nou lekòl. E pi devan ap pi bèl toujou. Kenbe la kòmè... Jere mouche a byen nan kay la ! Laughing

NT

_________________
Richie est un grand musicien qui ne peut pas être compris du commun des mortels, car les notes qu'il émet sont trop élevées pour les oreilles du vulgaire.
 
View user's profile Send private message Send e-mail
cuttableman21



Joined: 29 Nov 2007
Posts: 2260
Location: The Big apple

 PostPosted: Fri Mar 19, 2010 6:46 am    Post subject: Reply with quote Back to top

pwofese kote'w papa,pa fe'm tire pye non. mwen te absan nan klas la,men mwen la.

kote res leson an
 
View user's profile Send private message
Neg Timid



Joined: 06 Apr 2006
Posts: 3258
Location: Brooklyn, NY/Gonaives-Artibonite

 PostPosted: Fri Mar 19, 2010 11:35 am    Post subject: Reply with quote Back to top

cuttableman21 wrote:
pwofese kote'w papa,pa fe'm tire pye non. mwen te absan nan klas la,men mwen la.

kote res leson an


Cutab,

Sa reyèlman ankourajan. Men Poko tire pye pitit gason m. Ou pap regrèt ! M’ap depoze anpil kout plim atè la-a... Men leson an poko prè. Pwochen leson an ap gen anpil grenn ladan n.... Li oblije byen monte. Ou konnen mwen pa ka prezante nou yon travay ki pa pafè. Avan lontan m’ap sou nou. Rete branche pou jijman Kristòf Colón !

NT

_________________
Richie est un grand musicien qui ne peut pas être compris du commun des mortels, car les notes qu'il émet sont trop élevées pour les oreilles du vulgaire.
 
View user's profile Send private message Send e-mail
cuttableman21



Joined: 29 Nov 2007
Posts: 2260
Location: The Big apple

 PostPosted: Sat Mar 20, 2010 7:05 am    Post subject: Reply with quote Back to top

bon bagay pwofese a.leson yo benefisye'm anpil nan anpil ti deba sou koze peyi nou lol,menm le m'al fe ti rechech pa'm tou,men leson sa w'ap lage ate yo,se bon zam bon siman yo ye.

e byen elev yo ap tann ou,n'ap tann leson tranble grenn sa ou gen pou nou an.
 
View user's profile Send private message
Jay Brooklyn



Joined: 27 Sep 2006
Posts: 21884
Location: Brooklyn, USA

 PostPosted: Thu Apr 15, 2010 3:23 pm    Post subject: Reply with quote Back to top

se pi bel istwa dayiti ke mwen li...
mwen te gen bon pwofese istwa lan CES men sa'm aprann lan men'w lan vo mye ke sa yo te banm la....
mwen fini ak leson yo e mwen pa ka tann next la...
sevi avek nou, souple...
_________________
BAT CHIEN AN, TANN MET LI!
 
View user's profile Send private message AIM Address
T-Kout



Joined: 22 Sep 2010
Posts: 64
Location: QUEENS - NY

 PostPosted: Wed Feb 01, 2012 3:34 pm    Post subject: Reply with quote Back to top

Profese Neg Timid. sak pase la apa klas la suspan. Se klas sa mwen

prefere nan tout "Univesite Kompamagazine" Laughing


ki le klas prochen ap konmanse la



(PS.) I want to tell you i'm currently reading Lesson # 5, i love it.
you did a very good job keep it up!!!!!
 
View user's profile Send private message
Display posts from previous:   
This forum is locked: you cannot post, reply to, or edit topics.   This topic is locked: you cannot edit posts or make replies.    KOMPA! MAGAZINE Forum Index -> Let's Talk! All times are GMT - 5 Hours
Goto page 1, 2  Next
Page 1 of 2

 
Jump to:  
You cannot post new topics in this forum
You cannot reply to topics in this forum
You cannot edit your posts in this forum
You cannot delete your posts in this forum
You cannot vote in polls in this forum
Geo Visitors Map