KOMPA! MAGAZINE Forum Index KOMPA! MAGAZINE
The site for Haitian Music News as it happens, debates & more.


KOUT PLUME 12 JANVIER (NEG TIMID)!

 
This forum is locked: you cannot post, reply to, or edit topics.   This topic is locked: you cannot edit posts or make replies.    KOMPA! MAGAZINE Forum Index -> Music
View previous topic :: View next topic  
Neg Timid



Joined: 06 Apr 2006
Posts: 3258
Location: Brooklyn, NY/Gonaives-Artibonite

 PostPosted: Tue Jan 12, 2016 12:37 pm    Post subject: KOUT PLUME 12 JANVIER (NEG TIMID)! Reply with quote Back to top

12 Janvye 2010 - 12 janvye 2016, sa gentan fè 6 zan depi gwo malè sa-a te pase nan ti peyi cheri nou an. Pou komemore dat sikatris sa-a, m'ap refè nou re-medite sou tèks pwofon sa-a ankò. Tankou nou te fè avan, n'ap chèche pote yon mesaj Lespwa pou tout moun ki te viktim yo, granmoun kou timoun, fi kou gason, vèt kou mawon, zanana kou pengwen, ki desandan Ayisyen.


— Beniswa Letènèl ! —

N’ap byen mennen; Beniswa Letènèl !
Zafè n nan ti gòdèt: Beniswa Letènèl !
(pawòl Jòb)


Atis Plim: Nèg Timid



Nan kòmansman (21èm) venteyinyèm syèk sa-a n’ap viv la, kote yon divita moun kwè nan byen materyèl, ki vle di: fè lajan nenpòt kijan (touye moun, kidnape yo, mande ranson, vòlè lajan leta, lajan pwochen ou, fè chantaj etsetera..) pou yo ka banboche-banbile pandan y’ap mennen yon lavi k chaje ak tout kalite plezi nen griyen dan, nan kè kontan, Abraham di sètase (c’est assez !).... Epi Gran Mèt la nan tout bonte l ap chèche louvri zye nou. Li mete tout moun ki ka panse, medite, ki kwè ankò ke gen yon chemen sali, sou ban refleksyon yo.

Se vre, moun materyalis yo ap viv andeyò reyalite lèzòm ki depi kòmansman, se yon nanm vivan depi lè Letènèl te soufle lespri l nan twou nen lòm pou l te fè l tankou l, pòtre l epi pou l sanble ak li ann espri e an verite. Kidonk nou menm lèzòm, nou pa kò nou ditou ditou. Toujou sonje nou se yon lespri k’ap manifeste nan lachè.

Alò, nou menm moun rich, moun ki alèz, retounen pran konsyans, chèche konprann reyalite malere a k’ap viv nan di, nan lapenn; doulè mizerab yo k’ap soufri malsite; soti nan eta sa ou ye a, ou toujou gri ou toujou soule anba plezi gaye anba alkòl oubyen lòt dwòg ki pi fò. Ou pa gen dwa di: « Ki mele w ak rès la ! » Paske ou pral gen gwo pwoblèm ak Gran Mèt la, lè ou oblije reponn premye kesyon konsyans ou, ki sot nan Bondye, ap fè ou, jou lanmò ou, lè w ap oblije rann kont bay Kreyatè ou de vrè Misyon ou sou tè a: « Sa ou fè ak frè ou yo? » Èske ou pare pou ou defann tèt ou lè w’ap kite tè a? Si n manti, demanti n piblikman kounyeya; pi gwo Pwofesè Mesaje, Letènèl te voye vin fòme lèzòm sou tè a te deklare konsènan lanmò: « M’ap vini tankou yon vòlè, epi pèsonn pap konn ni jou a ni lè a... (lè l t’ap pale de jou ak lè lanmò a.) » An konsekans, degaje n pou n pa reponn tankou Kayen, puiske sa k antò a, pi fèb la se li k pou pi malen: « Ranje kò ou ti mal, pare kò ou, voye zye sou nanm ou pandan ou gen yon ti tan ankò; veye zo ou, omwen fè enpe, ki enpe ! »

Epi mesye-dam, sonje Bondye ak Wayòm pa l la tou, kite tout dènye mès demeplè nou yo, konvèti, repanti, mande Dye padon, lapriyè, anpi sa k pi maton yo va chache vòlò plas yo nan syèl la menm jan ak bandi-vòlè yo ki te krisifye adwat Kris la.

Wi bèl zanmi m nan, èske ou pare pou ou parèt devan pwòp konsyans ou, ki pral jije ou pou lavi ou sot mennen la-a? Lamitye, si ou byen nan tèt, w’a konprann pou kont ou, ke Letènèl Bondye pa gen tan pou l jije tout vèditè latè, parèy ou, k’ap parèt sou li tankou yon papa toudenkou anmenm tan, paske dat la rive pou yo te peye yon Kama Kolektif. Ebyen, n’ap redi ou li ankò: « Se ou-menm menm ak konsyans ou ke Letènèl kreye sou pòtre L epi k sanble L ann espri, ki ap gen responsabilite pou jije tèt ou nan lye verite a, kote k pap gen pas-pou-ki ni pa gen manti ankò... »

Twaka (3/4) pami lèzòm nan peyi Loksidan (Lwès) yo kwè atò, ke lò yo mouri, tout bagay fini paske kadav kò yo pral anba tè. Yo fè gwo kokenn chenn erè sa-a paske y’ap mennen yon egzistans materyalis, yo fè yon ilizyon tounen reyalite pa yo. Yo pa nan verite a menm, sa pawòl Kris la di nan Matye10:28 - « Pa pè sa k ka touye kò a epi ki pa kapab touye nanm nan; fò n pè pito sa k ka fè nanm nan ak tout kò a ansanm pèdi nan gwo doulè ak soufrans », Kris la ajoute « Pawòl mwen se espri ak lavi, epi lachè pou ryen nan sa m ap di yo. » Si vrèman vre nou kwè nan pawòl Kris la, sa dwe ba nou fòs pou n pa bay tèt nou twòp pwoblèm pou viktim yo. Yo pa mouri vre....

Alò moun ki twonpe chimen, k ap mennen yon egzistans selon lachè pap janm ka ni kwè, ni devine, ni aprann yon fwa pou tout ke lanmò pa egziste, se yon senp pasaj pou lòt mond la, mond lespri yo kote ou soti vrèman an. Kidonk lè yo kwè ou mouri, lè yo kwè atò ke ou fini, ou la pi rèd ti tonton. Si yo te konnen, si yo te gen lakonesans espirityèl, yo ta chante ak konviksyon: « Lè m pa la, m pi la ! » Lòm: se yon lespri nan sa Bondye kreye depi kòmansman tan yo depi k te gen tan, ke L soufle nan twou nen ti bebe k fèk fèt yo, pou yo pran twa (3) ou senk (5) lane pou timoun nan kòmanse metrize kò a epi pou espri ya manifeste pandan yon vi nan kò lachè a, pou yo evolye, fè chwa yo, pou yo vin rejwenn Bondye pi fò ak tout konsyans yo, ou byen pou yo echwe, lè yo pike anba nan tenèb...

Alò, konsa nou konprann, ke ka nou senp, lè n mouri, sa k pou tè a, kadav kò a al anba tè; sa k pou anwo a monte al nan divès sekyon « Lakay Papa nou », pou l rekòmanse ankò si se posib, la re-enkane, la refèt ankò nan yon lòt kò ti bebe pou l evolye nan direksyon Byen Siprèm nan...


Kounyeya, Nou Pral Pale de Evènman Fizik la, de Tranblemandtè a


Pou n pa bay pèsonn fo lespwa, apre move katastwòf sa-a ki kraze kannkès peyi Dayiti nan Pòtoprens, Petyonvil, Plenn Kildesak, Kafou, Leyogàn, Gran Gwav, Ti Gwav, Kotdefè, Marigo, Jakmèl, dapre nou nonb viktim yo ap rive ant desansenkant mil (250.000) a twasan mil (300.000). Nou tout Ayisyen dorijin san eksepsyon, nou pèdi yon fanmi oubyen kèk paran, osinon n’ap kriye pou dezoutwa ( 2 ou 3) zanmi ki trè chè pou nou, si se pa plis, oubyen nou regrèt lanmò oubyen aksidan grav ki mete yon moun nou konnen byen mal. N’ap rektifye sou mo "pèdi" a ke n mete "ant gimè", paske nan domèn fizik kou nan domèn espirityèl, lwa-a rete san l pa janm chanje: « Anyen pa pèdi, anyen pa kreye, tout bagay an pèpetyèl evolisyon. » Lè nou gen yon moun mouri, sonje pou n met nan tèt nou ke reyèlman vre: « Ce n’est qu’un Au Revoir », se yon orevwa tou senpman.

Men tou, nou ta renmen konnen sa k pase sou plan fizik la, ki jan sa fè rive, poukisa Lanati fè Planèt Latè tranble konsa-a. Èske se selon yon plan byen kalkile oubyen èske se aza pi?

Onon Gran Mèt la, nou kouri reponn vit ke se pa kapab aza, ni malchans paske « Letènèl Bondye pap kite yon branch cheve tonbe sot nan tèt nou, san l pa bay pèmisyon. » Epi Letènèl Bondye pap janm vin chita jwe zo ni bòlèt ni loto ak pèsonn. Li toujou konn sa k te fèt, sa k ap fèt, sa k pral fèt. Pou Li tout bagay Etènèlman Prezan. Letènèl mete Lwa Etènèl ki pap janm chanje pou dirije Linivè antye ke L Kreye ansanm ak nonbdetan (sik=cycle) byen kalkile pou tout bagay fèt, pou tout bagay rive kanmenm. Pou Letènèl ki toupwisan, omnisyan ( ki vle di ki konn tout bagay), nanpwen anyen k pou fè L pantan. Bò kote pa n, nou menm lèzòm, pechè latè, vèditè latè, evennman ka siprann nou epi sitou depase n, paske lepli souvan nou pa atann nou a yo...

Sajès Bondye mete nan kè n, anpeche n kouri pale tankou moun fou ak moun inyoran. Alò ann swiv moun ki sèvi ak don entelijans Bondye ba yo a, epi ann rapòte sa yo deklare. Moun save sa yo etidye pou yo gen lakonesans, epi yo kapab demontre rapò k genyen ant sa k fè tranblemandtè sa-a rive jouskaske li kraze mwèl peyi Dayiti san mizerikòd. Savan sa yo, n’ap pale de yo a, ap ranmase, sere, anpile, obsève, medite, analize depi dik Dantan, fenomèn sa-a ke yo vin fè tounen tout yon pati etid lasyans, yo divize pou fè de chak divizyon yon espesyalite.

Gwo Pwofesè sa yo pote kole nan devlopman yon syans yo rele Jeyoloji ki etidye tout fòm ak estrikti latè, anba tè a tou, epi konpòtman tout kouch latè ke yo rele estrat.


Pwofesè save sa yo sibdivize Jeyoloji an espesyalite konsa:

a) Estratigrafi (Stratigrapfie) = Se etid kouch sediman ki rete poze youn apre lòt sou tè a; anpi tou kijan wòch ke yo klase, ke yo bay non selon konpozisyon yo, youn swiv lòt, youn apre lòt nan sa k fè chapant latè a =(Ekòs latè a).

b) Jeyofizik = Syans ki etidye pwopriyete fizik tout boul (glòb) latè a, ak mouvman estrat yo nan ekòs latè a; anplis de sa, syans sa-a etidye elektrisite sou planèt la; meteyoloji epi chan mayetik latè a tou.

c) Jeyomòfoloji (Geomorphologie) = Syans sa-a etidye fòm ak devlopman ekòs latè a.

d) Jeyodinamik = Syans sa-a etidye chanjman nan ekòs tè a, akòz de entèvansyon ki sòti anndan ak deyò latè a.

e) Petwografi (Petrographie) = Syans ki analize, etidye diferan kalite wòch sou tè a ak anba tè a, ki fè deskripsyon yo, ki bay estrikti yo ak konpozisyon yo.

f) Owografi (Orographie) = Se syans ki demontre ou ki jan mòn yo fèt, ki jan yo parèt, ki jan yo rete sou tè a epi tou ki fòm ak ki epesè yo genyen.

g) Owojeni = Syans sa-a etidye mouvman chapant latè a (ekòs latè a) espesyanlman sa k kreye mòn yo.

h) Espeleyoloji (Spéléologie) = Syans sa-a pale de Eksplorasyon kidonk Etid Syantifik, Kavite, twou anba tè yo, gwòt, kav, gouf, dlo ak rivyè ki anba tè a.

i) Paleyontoloji = Syans ki etidye tout sa k vivan ki te egziste depi lontan sou tè a, anvan tan lontan ke nou pa’t konnen epi tan nou gen konesans pa listwa. Syans sa-a baze sou etid fosil = ( sa k rete nan kadav kò (moun, zannimo, pyebwa, fèy) ke depo sediman yo kenbe, konsève nan estrat ekòs latè a.)

j) Tektonik = Syans ki pale de estrikti ekòs latè a, kijan l fèt, kijan l reyaji lè latè a disloke, lè l gen plisman, ki defòmasyon ki rive. Syans sa-a ede konprann sa k pase sitou lè tranblemandtè.


— Antouka gran savan Ayisyen k ap viv nan peyi a tankou Enjenyè Fritz Prépetit anonse depi plis pase (10) dizan ke yon tranblemandtè kab devaste rejyon Pòtoprens lan eke se pou gouvènman an ak popilasyon an pare pou sa, byen ke pa’t gen yon dat presi ki te bay. Jeyològ Patrick Charles ki gen 65 rekòlt kafe sou tèt li ekri 25 septanm 2008, depi Lahaván, sou jounal, Le Matin, ke Ayiti sitye sou wout tranblemandtè yo eke se pou Ayisyen pare pou pran youn k ap mal pou peyi a. Pèsonn moun ki responsab nan gouvènman an, pa janm pran pawòl (2) de savan sa yo oserye. Nou wè rezilta a !

Lòt gran savan nan lemond antye konstate ke zile Ayiti a okipe yon plas espesyal sou latè: Ayiti chita sou aks latè a.

Men nou menm, nou konstate ke rejyon an gen sik (cycle) li, peryòd chanjman l, tranblemandtè k rive chak (250) desansenkant lane. Tranblemandtè fewòs ki te detwi Pòtoprens sou lakoloni fransèz la te rive jou k te 21 jiyè 1770. Lè sa-a popilasyon Pòtoprens lan pa’t dans, pat anpil tankou kounyeya epi se (200) desan mò sèlman k te genyen pami kolon, afranchi ak esklav nan tan lontan sa-a.

Savan eksplike ke lè tranblemandtè a rive, se sa yo rele plak tektonik yo, gen entra, gen ekstra, gen ekstèn, gen entèn, gen dirèk, gen endirèk, gen plak karayib, gen plak nò meriken, gen plak sid meriken ki antremele, tout plak sa yo ka antremele, soulve, deplase, defòme, pafwa menm yo disloke nan move travay sa-a y ap remèt la. Sa depann tou de kouran lanmè k antoure zile a, anpi eta fon lanmè a tou. Lè sa-a plak an mouvman sa yo deplase yon pil ak yon pakèt enèji, anplis mouvman y ap fè, plis enèji chalè dife anndan tè a k ap degaje. Enèji sa-a ka fè vòlkan ki etèn ki pap travay antre ann eripsyon fè plis dega. Tout enèji sa yo tounen fòs ki vin frape nan pawa sifas latè. Rezilta yon tranblemandtè ki 7° sou echèl "Richter" a fè plis dega ke bonb atomik Hiroshima a. Epi nou ka konstate dega ke tranblemandtè fè nan lòt peyi l frape yo lè plis ke (7°) sèt degre nan echèl "Richter" a. Epi se pou tout plak yo vin estabilize, vin nòmal, alò pou zile Dayiti vin trankil san sekous ankò, sa ka pran twa (3) mwa a (2) dezan. Se sa k fè tanzantan n’ap pran ti sakad sa yo toujou, ki ap fè pèp la kouri pran lakou ak lari.

Fòk anpil nan nou libere tèt nou, kraze ti bwat sèten gid avèg iyoran fè pou mete sèvo nou pou anpeche n panse. Yon fwa pou tout, sonje se senbolikman, Bib la di ke Bondye Kreye lesyèl ak latè an (6) sis jou. An reyalite chak jou sa yo reprezante dèsantèn demilyon ane. Pyebwa pran san milyon lane pou yo pouse, pou yo evolye sou tè a, anvan te vin gen zwazo ak zannimo ak ensèk ki pou regilarize yo pi plis pandan yon (300) twasan milyon lane konsa, epi se apre zannimo pi entelijan vin viv: rat, rena, chen, kastò, makak; se jous an dènye, Wa lakreyasyon an lèzòm vini pou evolye sou tè a. Kreyasyon an bati alapèfeksyon pa Gran Mèt la, yo rele tou: Letènèl Gran Achitèk Linivè a Ki fè zetwal, tout planèt ak satelit yo, solèy la ak lalin nan byen rete nan pozisyon yo. Men chak planèt gen lizaj pa yo, chak gen klima pa yo; chak la dan yo te pòte lavi pandan yon tan epi aprè kèk tan lavi, jan n ka konsevwa l la te fini pou yo. Sa-a se yon long istwa espirityèl, mistik ke n pa ka devlope pou moman sa-a. An n fini l, lè n raple n, pawòl gran Mesaje Bondye a ki te gen Sentespri a sou li depi batèm li an pa Gran Inisye Jan Batis: « (Ap gen lòt syèl ak nouvo tè....) Syèl la ak tè a ap pase men pawòl mwen pap janm pase...»


Sonje n di ou nan kòmansman ekspoze sa-a, ke nan peyi Dayiti, nou peye yon Kama Kolektif ke n ap pèdi yon ti tan pou n eksplike:


Lè nou di Kama Kolektif, sa vle di ke n ap pale de tout moun kèlkilswa, ki te viv nan tout tan pase, nan jenerasyon pase yo; kit ou te Arawak, Tayno oubyen Karayib ke pa erè kalkil vwayaj Kristòf Colón yo vin rele "Endyen", kit ou te Panyòl ki te fè jenosid "Endyen" sa yo, kit ou te Kolon Franse ki te pi fewòs pase tig, kit se sou gouvènman Ayisyen yo apre lendepandans ou te vin viv; Bondye ki pa konn zafè ras ak koulè w ap pretann lan; voye yo tout vin viv sou tè a pou yo manifeste Lanmou Enfini L lan, pou youn renmen lòt kèlkeswa sitiyasyon an. Zafè ou si ou aprann rayi, anpi ou pa swiv egzanp gran nanm plen lanmou nan kè yo pou limanite tankou Mahatma Gandhi, Martin Luther King ak Nelson Mandela, ki pap janm konnen prejije ras, klas sosyal ak edikasyon paske yo konnen davans Bondye pa sèvi ak moun arogan ki konprann yo plis pase pèsonn.

Avan n ajoute kwakseswa, se pou n fè ou konnen ke peye move Kama ou, (paske gen Bon Kama tou), se pi bon bagay ki ka rive ou pou evolisyon mistik ou ( mistik = sa k gen rapò an byen ak Anwo a), pou pwomosyon nanm ou k ap ka rive jous nan pi bèl lakou, pi bèl katye nan syèl la. Sonje pawòl Jezi Kris la: « Gen anpil Katye nan Wayòm Papa m. » (Nou kwè se tradisyon sa-a k pi jis pou espri sa Kris la te vle anseye a) - Pwomosyon espirityèl ou fèt lè lanmou atoupri genyen kè ou — Sonje pawòl Manifikat yo, lè zanj lan t’ap pale ak Manman Mari a pou l di l ke se li-menm ke Lespri Sen an chwazi, nan pami tout lòt vyèj ki t’ap tann yo, pou l konsevwa Jezi Kris. N ap voye pawòl yo an laten anpi n ap tradwi yo an Kreyòl pou reyaksyonè yo ak rasis yo ka konvèti:

« Deposuit potentes de sede et exhaltavit humiles.
Dispersit superbos mente cordi sui... »

(trad) « Bondye mete sa k te sou pouvwa atè epi Li pran ka moun ki pi ba yo.
Li kanpe lwen sa ki ògeye (ki konnen yo plis pase pèsonn).

Koute byen: Lè ou fin peye Kama negatif la, move Kama ki vle di mal ou fè an panse, pa pawòl ak pa aksyon ou, ou lib pou devlopman espirityèl ou. Anvan sa, gen kote nan Katye nan syèl la, lè ou " mouri ", ant de (2) enkanasyon ou pa’t ka rive, kounye la-a ou ka parèt la, paske Kò astral ou ap kab briye plis, lè l kab aksepte Limyè blanch Sentespri Bondye a.

Lè w ap peye move Kama a, w ap rive yon lè w ap mande Bondye: « Sa m fè, m ap peye? » Lè ou fin peye Kama negatif la, se tankou yon pafen gid espirityèl ou; zanj gadyen ou yo ak jij saj nan kosmòs la lage pou fè lavi mistik ou santi bon. Pafwa ou te tèlman fè twòp ou vin sètoblije peye nan twa a kat (3 a 4) vi fizik; epi ou kit ak Anlè a, paske yo pap kite okenn dèt nan men ou ki pa peye paske « W ap peye jous dènye santim nan (yota). » Gwo Lwa etènèl sou Kama rapòte nan Bib la sou fòm avètisman: « Bondye ou la se yon Dye Vanjans Ki vanje move zak papa yo te fè, sou pitit yo jous nan katryèm (4è) jenerasyon... » Se gid espirityèl ou ak efò entwisyon ou ki pou fè ou konprann byen avètisman sa-a; poutan nou mete ou byen fon sou chemen an.

Tout pèp sou latè gen yon jan pou peye Kama, genyen se pa lagè, genyen se pa revolisyon, genyen se pa envazyon yon lòt ki ven (20) fwa pi sovaj pase yo. Epi tout pèp sou latè pale jan pa yo de Kama lè yo lanse pwen ki pati konsa: « Sa w fè, se li ou wè.... Sa w simen se li ou rekòlte. » Kris te di: « Sa k pike ak epe a se epe k ap touye l. »

Alò, lwa Kama di konsa: Lè ou fè sa k pa sa; lè ou vèse san inosan w’ap peye pou sa. Menm jan lè ou fè met moun nan prizon mal, ou menm tou ou pral nan prizon. Ou te konn twonpe moun epi vòlè yo; ou menm tou y ap twonpe ou, y ap vòlè ou. Ou te konn touye moun, ou menm tou w ap mouri kou yon poul. Ou te konn piye kay moun, kay pa ou ap piye tou. Ou te yon ensandyè k ap boule kay moun, kay pa ou ap boule tou. Ou te konn bay moun kout lang, ou menm tou y ap pale ou mal. Epi, papito ou te konn fè tout sa yo ansanm, ou wè ka ou nan kèk lòt vi.


An n li Jòb 34 (17 a 22)

Jòb 34:17 - Èske yon ènmi lajistis ap kòmande? Èske w ap kondane moun ki jis la ak moun ki opouvwa a

Jòb 34:18 - K ap denonse mechanste Wa yo, ak lenjistis Prens (prince) yo

Jòb 34:19 - Ki pa menm gade si ou se yon gran mouche. Ki pa fè diferans ant rich ak pòv. Paske tout se men l ki fè yo.

Jòb 34:20 - Yon ti moman, yo pèdi lavi yo. Nan mitan nannwit yon pèp peri. Gwo chèf la disparèt, san pèsonn pa manyen yo.

Jòb 34:21 - Paske Bondye wè konpòtman tout moun. Zye l ap gade nou tout.

Jòb 34:22 - Pa gen tenèb ni lonb lanmò. Kote moun k ap fè sa k pa sa yo pral kache.

(trad NT)


Dayè, gen blan rasis Ozetazini ki kontan sa rive n epi k ap mande poukisa yo kite band kriminèl Ayisyen sa yo rete Ozetazini, anpi poukisa sa y ap mennen òfelen Ayisyen yo pou adopsyon. Nou avèti yo tou, yo mèt mete bab yo alatranp.


Koute Jòb 36 ( 15 a 17) :

Jòb 36:15 - Men Bondye sove malere a nan mizè l. Epi se nan soufrans Bondye avèti.

Jòb 36:16 - L ap retire l nan detrès tou, Pou l mete l lwen, ak tout libète l. Epi tab li ap chaje ak bon jan manje.

Jòb 36: 17 - Men si w ap defann kòz ou tankou yon moun ki pa gen lafwa, Pinisyon ak kòz ou a dòmi menm kote.

(trad NT)


Gen yon lòt ti granmoun blan sòt e fou ki parèt nan televizyon pou l montre ke l gen kilti eke l konn istwa Dayiti. Li deklare ke esklav Ayisyen yo te fè pak ak dyab, depi lè sa-a peyi a kondane...

Anbasadè Ayisyen an reponn li yon jan pou l pa fè plis kont, li fè yon gwo pwen istorik, lè l di swadizan pastè Pat Robertson ke: « Se pa esklav sèlman ki pwofite de pak sa, de "deal" sa, paske si Ayisyen pa’t bat Franse yo, Napoleon t’ap toujou rete Louisiane ke l pa t’ap vann pou sèlman kenz (15) milyon dola. »

Men se pa sèl repons lan sa — Nou menm n’ap di ke seremoni Bwa Kayiman se te yon seremoni Motivasyon Politik pou Nèg Nwa yo te pran konsyans de ka yo, paske anpil ladan yo t’ap dòmi, yo te konprann ke eta esklav la se te nòmal pou yo epi yo pa’t ko konprann ke yo te gen dwa a libète kidonk fòk te gen yon gran kou k frape pou yo reveye yo, pou yo soti nan eta sa paske esklavaj ak tout trèt nèg nwa yo se krim kont limanite yo ye. Fòk Reveran Pat Robertson sonje ke nanpwen okenn blan ki ko peye pou 3 krim sa yo kont limanite:

1. Trèt Nèg Nwè
2. Esklavaj
3. Jenosid Amerendyen yo ak Nwa yo.



Pat Robertson akize Ayisyen de fè pak ak dyab. Ebyen kòm nou se Nwa nou te sètoblije envoke Dyab la petèt nan lespri pastè Pat Robertson ki pap janm bezwen envoke dyab la li-menm paske anpil blan tankou l se Dyab an pèsòn, yo twouve se nòmal pou pratike segregasyon ak esklavaj. Nan lane 1960 yo, Pat Robertson te kont mouvman egalite Martin Luther King nan epi l t’ap milite pou segregasyon. Sa pa etone n. Se eskrib blan, ki prezante Satan kòm zanmi Limanite nan Bib la, lè l vin tante Èv pou l fè Adan manje nan pyebwa Bondye te entèdi a pou l ka gen lasyans Byen ak Mal, epi depi lè sa-a akòz de anvi de (2) mesye-dam sa yo Adan ak Èv, lèzòm pèdi bote astral yo, epi yo enkane nan yon kò fizik selon Gwo Inisyasyon... Jenèz 3 ( 1 a 23)

Se blan ki vini ak lide san an, lide sakrifis la, yo te konn sakrifye ti mouton yo rele anyo, jous kounyeya blan jwif ak mizilman ap fè sakrifis sa yo. Pa lanmò Jezi Kris, Kretyen yo kwè ke Jezi ranplase anyo a, san Jezi vèse pou efase peche y ap kontinye komèt tankou Pat Robertson ak anpil lòt rasis parèy li. Men se toujou menm lide san vèse a yo pale de Sen sakrifis lanmès la...

Rasis ak segregasyonis tankou Pat Robertson ap gen lavi long paske nan eta yo rive a, yo pa sou kont Bondye ankò, yo chwazi lòt kan an, kan Satan ak Beelzebuth la.


An n tounen nan Jòb 21 ( 7 a 30)


Jòb 21:7 - Poukisa se mechan k ap viv? Poukisa yo vyeyi epi yo gen plis fòs?

Jòb 21:8 - Pitit yo grandi kote yo epi devan zye yo, timoun yo ap byen mennen.

Jòb 21:9 - Lakay yo, yo jwi lapè san lakrentiv. Baton Bondye a pa janm frape yo.

Jòb 21:11 - Yo kite pitit yo kouri tankou femèl mouton epi timoun yo ap jwe byen pwòp.

Jòb 21:12 - Y ap chante sou son tanbou ak "arp", yo rejwi nan son flit chanpèt.

Jòb 21:13 - Yo pase jou yo tankou byennere, epi yon lòt moman yo mouri.

Jòb 21:14 - Poutan yo t’ap di Bondye: Rale kò ou sou nou, nou pa bezwen konn chemen ou yo.

Jòb 21:15 - Sa Toupwisan an ye pou n sèvi l la? Kisa n’ap benefisye si n lapriyè?

Jòb 21:16 - Ebyen ! Èske yo pa trè byen? M kanpe lwen, m pa annafè ak mechan !

Jòb 21:17 - Men èske sa rive souvan ke lanp yo mouri? Ke yo tonbe nan mizè? Ke Bondye fè yo santi kòlè li?

Jòb 21:18 - Ke yo vini tankou pay ke van ap bwote, tankou yon ti boul yon toubiyon pran?

Jòb 21:19 - Èske se pou pitit li ke Bondye sere pinisyon papa bay? Men se mechan an Bondye ta dwe pini, pou l santi l.

Jòb 21:20 - Se mechan an k te dwe ap gade echèk li; se li k te dwe bwè kòlè Toupwisan an.

Jòb 21:21 - Paske, ki mele l ak fanmi l apre li, lè lavi l fini?

Jòb 21:22 - Èske se Bondye nou pral bay lasyans, Li menm k ap dirije espri k nan syèl yo?

Jòb 21:23 - Youn mouri nan mitan byennèt, nan lapè, nan byen mennen

Jòb 21:24 - Vant li chaje ak grès, mwèl zo l plen ji.

Jòb 21:25 - Lòt la mouri ak changren nan nanm li, san l pa jwi okenn byen.

Jòb 21:27 - Mwen konnen byen jan n’ap reflechi. Ki move jijman nou pote sou Mwen.

Jòb 21:28 - N’ap di : Kote Kay moun ki gen Pouvwa a? Kote tant Moun san lafwa yo te rete a?

Jòb 21:29 - Epi ki sa ! Nou pa’t poze vwayajè yo kesyon. Epi èske n vle iyore sa y ap pwouve a.

Jòb 21:30 - Jou malè, mechan an epanye. Nan jou kòlè a li chape.

(trad NT)


— Se bon pawòl, mechan yo ap toujou chape; Bondye pap pini yo, yo pa sou kont Li !


Nou pral pale kounyeya, mistikman, de dega tranblemandtè (7°) sèt degre sou echèl Richter a koze nan peyi Dayiti

Tout inisye sou latè konnen ke chak peyi gen lè li, gen vibrasyon l epi tou chak gen antite mistik pa l k ap gade l.

Moun ki abitye vwayaje santi yon lòt lè, lè yo janbe fwontyè oubyen lè yo ateri nan yon lòt peyi. Epi si genyen nan nou ki sansib, anpil nan nou ap deklare ak mwen ke lè nou janbe Kanada oubyen Meksik, nou santi imedyatman yon lòt anbyans, yon lòt lè, yon lòt vibrasyon. Se poutèt sa Alphonse de Lamartine te ekri: « Objets inanimés, avez vous donc une âme qui s’attache à mon âme et la force d’aimer? » (trad) « Bagay san vi, èske nou gen yon nanm ki tache nan nanm mwen epi ki fòse l renmen? »

En ben se konsa tout peyi gen zanj gadyen l, gen yon lespri k ap gade l, k ap veye sou li. Konsa menm jan ak zanj gadyen yon moun, lè pèp la fè twòp, oubyen l pa akonpli anyen, lè gouvènman an fè twòp oubyen l pa akonpi anyen, Espri a ekate l de peyi a, epi nenpòt ki sa kab rive.

Se konsa, peyi Dayiti lwen de ideyal Libète zansèt nou te goumen pou li a; yon band epav Nasyon Konplote voye vin okipe n, alòske nou te gen yon Lame ke sèten chèf te ka refòme, amelyore. Anvayisè sa yo gen yon konpòtman pi mal pase Blan k t’ap fè zansèt nou yo pase mizè lesklavaj, fatra limanite vin okipe n, epi yon chòche y’ap bay pou Sofi Delatonb ap mache avili n nan lemond antye onon Minustah.

Alò Bondye frape pye l paske l te Kreye nèg Ayisyen an pou l rete lib. Epi Palè Nasyonal la kraze; Kazèn Desalin tounen pousyè; Ministè yo chanje an poud; Kontribisyon kote y ap volè lajan pèp la, demoli, yon bò Lapolis ale, prèske tout kay bon jan Ayisyen ki pa revòlte kont etadefèt sa a kraze, anpil pitit peyi a pase lòt kote lavi a pou al rann Bondye kont atitid yo, fas a frè yo k ap soufri depi twò lontan.

Kanta pou Legliz menm, pa pale pawòl sa, se tout Legliz pwotestan kon Katolik Bondye vide atè nan kòlè l; gen menm yon achevèk ak vikè Katedral la ki al jije devan Kreyatè a; anpil mè ak frè, relijye ak relijyez swiv yo, sou Bèlè, Lali, Seminè, nan Sen Lwi, Sen Jera, Sakre Kè, Pèpetyèl, Sent Terèz ak Sen Pyè Petyonvil, nan vil Jakmèl, Leyogán, Gran Gwa, Ti Gwav, Marigo Kotfè tout se menm dezolasyon an.

Gen lè Bondye fache dèske pè, mè, frè, sè ak tout fidèl yo, te tounen lou fewòs k’ap manje twoupo l yo, olye yo te gen kondwit apot li yo, li te voye anseye lanmou ak lafratènite. Nanpwen yon legliz ki kanpe, anpi se deyò, nan lakou, yo sètoblije fè lantèman Monseyè Lachevèk... Sa k ap pase konsa a?

— Depi ke Aristide, kòm pè te fin pran pouvwa tanporèl, pouvwa materyalis la ak konplisite yerachi Legliz Katolik (n’ap pale de Jezwit = « black pope » ki dèyè tout salte doktrin nan, tout kote yo pase...) anpi l te fè tout egzaksyon sa yo: vann peyi Dayiti ak Blan ki pa’t dwe janm rantre an mèt sou tè sa-a selon ve ak eritaj zansèt nou ki te ba n Libète ak endepandans opri san yo.

— Depi ke Aristide t’ap fè sakrifis jenn gason ak jenn fi, ti bebe ( « Le bébé pilon »), kabrit nwa ak jòn pou l rete opouvwa.

— Depi ke Aristide t’ap vann dwòg epi te fè pak (deal) ak katèl Kolonbi pou l te ka milyonè pi vit.

— Depi ke Aristide t’ap fè touye opozan l, lè l fin fè blan Meriken ranvwaye Lame Dayiti ke l te ka rekonstitiye ak moun pa l yo, olye l te ba yo fizi l daso ak pistolè pou yo tounen bandi chimè k’ap kidnape ak vyole gason kou fi pou pote ranson sou zòd li, touye yo pafwa lage yo sou pil fatra, epi sa ap kontinye toujou. Nou te konnen yon jou pinisyon sa t’ap rèd. Depi gouvènman sa-a ap piye pèp la nan fo bòdwo (bill) elektrisite, dlo ak telefòn anpi ladwann ak nan kontribisyon. Gouvènman sa yo ap viv de ekstòsyon, vòlè sou do pèp la ki san defans.

Epi, sosyete Ayisyèn lan va reveye, komèsan, etidyan, sendika ouvriye, endistriyèl, antreprenè va konbat ak bon jan politisyen tankou Ayisyen dantan lontan yo, jous sou Magloire, e menm debi Duvalier a pou Ayiti tounen bèl ti fi y’a respekte tankou l te ye gen karantan (40) de sa.

Anpil moun sou latè, rasis yo, Dominiken ak blan ki prè pou refè apatèd ki te egziste ann Afrik diSid la ap ri nou. Men se pou yo reli Bib la nan pwovèb kote l ekri ke « Lè ou kontan malè k rive lènmi ou, Bondye wè kè ou epi l voye tray pa ou ba ou. »

Epi, tou pa sèten moun dèyè, se pap nou-menm sèl Ayisyen k ap bwè kalis kòlè Bondye a, ann li sa k ekri nan Matye 24 [1 a 8]


Matye 24:1 - Kòm Jezi t’ap prale, nan sòti tanp lan, disip li yo pwoche pou fè l remake konstriksyton yo.

Matye 24:2 - Men li di yo: Nou wè tout sa-a? Mwen di nou an verite, pap gen yon wòch k ap rete youn sou lòt, ki pap chavire.

Matye 24:3 - Li al chita sou mòn Olivye a: Epi disip yo vin poze l kesyon sa-a espesyalman: Di nou ki lè sa ap rive epi ki siy k ap montre w ap vini epi lafen dimond.

Matye 24:4 - Jezi reponn : Fè atansyon pou pèsonn pa lolo n.

Matye 24:5 - Paske anpil ap vin sou non m, y ap di: Se mwen menm ki Kris la. Epi y ap lolo anpil moun.

Matye 24:6 - N ap tande pale de lagè ak bri lagè, atansyon pou n pa twouble, paske fòk bagay sa yo rive. Men se pop ko lafen.

Matye 24:7 - Yon peyi ap leve kont lòt, yon wayòm ap leve kont yon lòt epi ap gen famin (famine) ak tranblemandtè yon pakèt kote.

Matye 24:8 - Tout sa, se ap kòmansman doulè yo sèlman.


— Nan tan terib sa-a m’ prepare yon ti lapriyè pou Bondye Beni n !


— Prière —


Eternel ! Fais que nous soyons adoubés par votre Esprit Saint.
Ainsi, nos pensées viendront directement de Toi.
Nous sommes une bande d’aveugles tâtonnant sur le chemin.
Montre-nous ta Face et Guéris-nous;
Et nous aurons le Don d’Intelligence et de Discernement.
Ouvre nos mains d’envieux et de cupides
Qui se ferment pour tout garder égoïstement.
Les pauvres ont faim aux alentours,
Rends-nous généreux et nous partagerons notre pain avec eux.
Aussi nous apprendrons à Aimer.
Eternel, ordonne-moi d’avancer, aussi malaisée que soit la route.
Si nous devons porter la croix,
Que tes anges nous aident en nous tenant par la main.
Eternel, commandez nous de répondre aux cris de tous nos
frères nécessiteux.
Permets nous de soulager leurs souffrances et d’effacer leurs chagrins.
Eternel, fais que nous considérions les biens terrestes
Comme des ordures répugnantes.
Et tu nous réserveras des trésors au paradis.
Lorsque nous aurons rendu le dernier soupir
Que tes archanges accompagnent nos âmes
Aux demeures de notre Père.

Amen Amen Allelluia......


—Tradiksyon Kreyòl—


An Nou Lapriyè !

Etènèl ! Voye Sentespri monte nou !
Konsa, lide’n ap sot dwat nan Ou.
Nou se yon band avèg k’ap tatonnen sou chemen an
Ba nou Fas epi Geri nou
Epi n’ap gen don Entelijans ak Disènman
Ouvri men nou, nou-menm ki gen lanbi epi ki akrèk,
Men nou ke n fèmen pou n kenbe tout bagay paske n egoyis.
Pòv yo grangou bò kote n,
Fè nou gen bon kè epi n’ap pataje pen nou ak yo
Konsa nou va aprann renmen
Etènèl, ban m lòd vanse, menm si wout la kraze.
Si nou dwe pote kwa a,
Se pou zanj ou yo kenbe men nou pou yo ede n.
Etènèl, kòmande n pou n reponn rèl frè n ki nan bezwen.
Pèmèt nou soulaje soufrans yo epi efase chagren yo.
Etènèl fè nou konsidere byen latè
Tankou fatra repiyan;
Epi W’ap sere trezò pou nou nan paradi.
Lè n’a rann dènye soupi a,
Se pou akanj yo akonpaye nanm nou
Nan Kay Papa nou yo.

Amèn Amèn Alelouya.....


NT



_________________
Richie est un grand musicien qui ne peut pas être compris du commun des mortels, car les notes qu'il émet sont trop élevées pour les oreilles du vulgaire.
 
View user's profile Send private message Send e-mail
Jay Brooklyn



Joined: 27 Sep 2006
Posts: 21884
Location: Brooklyn, USA

 PostPosted: Tue Jan 12, 2016 3:45 pm    Post subject: Reply with quote Back to top

Mesi anpil brodeur for taking your time to write this wonderful piece!
12 Janvier ap toujou rete lan memwa nou!
Thanks again!
_________________
BAT CHIEN AN, TANN MET LI!
 
View user's profile Send private message AIM Address
DONCUE_69



Joined: 18 Jun 2007
Posts: 10598
Location: AMBA ZYE YO

 PostPosted: Tue Jan 12, 2016 4:05 pm    Post subject: Reply with quote Back to top

Mon chè gwo respè Pou wou
Thanks for sharing this beautiful piece with us
👍🏽👍🏽👍🏽👍🏽
_________________
K- ONPA
L- OVERS
A- DORE
S- WEET
S- OUND
klass it is bebi
 
View user's profile Send private message Send e-mail AIM Address
Futur Ex



Joined: 14 Apr 2015
Posts: 130
Location: Haiti

 PostPosted: Wed Jan 13, 2016 11:49 am    Post subject: Reply with quote Back to top

Woyyy mwen bouke... mèsi anpil pou pawòl la nèg timid!
_________________
Samuel D
 
View user's profile Send private message ICQ Number
T-Kout



Joined: 22 Sep 2010
Posts: 64
Location: QUEENS - NY

 PostPosted: Fri Jan 22, 2016 5:45 pm    Post subject: Reply with quote Back to top

Neg timid, mesi anpil. Ou kon panse ou mem. Mwen kwe, Bondye bo'w yon don pou ekri e pataje ak lot moun sakap pase nan lespri ou.

P.S. Pa vin panse mwen bliye "Istwa Dayiti" non loll
Mwen kwe ou rive nan leson 10 ou 11, map tan le ou konmanse pale de tout prezidan yo konmanse ak Dessalines

Mwen konenn ou pa gin tan, men se pa fot mwen non, msen telman renmen " Istwa Dayiti"
Ke ou ekri la.
_________________
Fo'w Kou-T T-Kout pandan lap jwe kout guita
 
View user's profile Send private message
Neg Timid



Joined: 06 Apr 2006
Posts: 3258
Location: Brooklyn, NY/Gonaives-Artibonite

 PostPosted: Fri Jan 22, 2016 9:33 pm    Post subject: Reply with quote Back to top

T-Kout wrote:
Neg timid, mesi anpil. Ou kon panse ou mem. Mwen kwe, Bondye bo'w yon don pou ekri e pataje ak lot moun sakap pase nan lespri ou.

P.S. Pa vin panse mwen bliye "Istwa Dayiti" non loll
Mwen kwe ou rive nan leson 10 ou 11, map tan le ou konmanse pale de tout prezidan yo konmanse ak Dessalines

Mwen konenn ou pa gin tan, men se pa fot mwen non, msen telman renmen " Istwa Dayiti"
Ke ou ekri la.


T-Kout,

Mwen antrave avèk ou lol ! Mwen konnen ou pa bliye m. Se pa fòt mwen gason m, tan vin pa pèmèt mwen kontinye kou a jan m ta vle fè l la ankò pou moman an. Pou m onèt avèk ou, lè m te kòmanse kou a mwen te gen anpil tan lib. Briskeman orè m vin chanje, mwen vin gen plis responsablite nan travay ke m pa't genyen avan. Alò tan m te konn genyen pou m byen fè rechèch yo, pou depoze bèl kout plim yo atè, mwen vin pa genyen l ankò. Se byen domaj.... Mwen ta pi anvi kontinye ke m kanpe. Men depi nou la nou pa mouri gen espwa. Kenbe la gason m ! Amize w toujou avèk achiv Nèg Timid sou KM annatandan.

NT

_________________
Richie est un grand musicien qui ne peut pas être compris du commun des mortels, car les notes qu'il émet sont trop élevées pour les oreilles du vulgaire.
 
View user's profile Send private message Send e-mail
T-Kout



Joined: 22 Sep 2010
Posts: 64
Location: QUEENS - NY

 PostPosted: Fri Jan 22, 2016 11:00 pm    Post subject: Reply with quote Back to top

Neg Timid wrote:
T-Kout wrote:
Neg timid, mesi anpil. Ou kon panse ou mem. Mwen kwe, Bondye bo'w yon don pou ekri e pataje ak lot moun sakap pase nan lespri ou.

P.S. Pa vin panse mwen bliye "Istwa Dayiti" non loll
Mwen kwe ou rive nan leson 10 ou 11, map tan le ou konmanse pale de tout prezidan yo konmanse ak Dessalines

Mwen konenn ou pa gin tan, men se pa fot mwen non, msen telman renmen " Istwa Dayiti"
Ke ou ekri la.


T-Kout,

Mwen antrave avèk ou lol ! Mwen konnen ou pa bliye m. Se pa fòt mwen gason m, tan vin pa pèmèt mwen kontinye kou a jan m ta vle fè l la ankò pou moman an. Pou m onèt avèk ou, lè m te kòmanse kou a mwen te gen anpil tan lib. Briskeman orè m vin chanje, mwen vin gen plis responsablite nan travay ke m pa't genyen avan. Alò tan m te konn genyen pou m byen fè rechèch yo, pou depoze bèl kout plim yo atè, mwen vin pa genyen l ankò. Se byen domaj.... Mwen ta pi anvi kontinye ke m kanpe. Men depi nou la nou pa mouri gen espwa. Kenbe la gason m ! Amize w toujou avèk achiv Nèg Timid sou KM annatandan.

NT



Bon, m'pa gen chwa non. Pa fatige'w, mem si ou ta jwen tan pou kontinye
lot anne , pa gin problem, map tann ou lolll
_________________
Fo'w Kou-T T-Kout pandan lap jwe kout guita
 
View user's profile Send private message
Display posts from previous:   
This forum is locked: you cannot post, reply to, or edit topics.   This topic is locked: you cannot edit posts or make replies.    KOMPA! MAGAZINE Forum Index -> Music All times are GMT - 5 Hours
Page 1 of 1

 
Jump to:  
You cannot post new topics in this forum
You cannot reply to topics in this forum
You cannot edit your posts in this forum
You cannot delete your posts in this forum
You cannot vote in polls in this forum
Geo Visitors Map