KOMPA! MAGAZINE Forum Index KOMPA! MAGAZINE
The site for Haitian Music News as it happens, debates & more.


Main Thread: Rès Kou Istwa Peyi Dayiti (Leson #8 ++++)
Goto page Previous  1, 2, 3, 4  Next
 
This forum is locked: you cannot post, reply to, or edit topics.   This topic is locked: you cannot edit posts or make replies.    KOMPA! MAGAZINE Forum Index -> Let's Talk!
View previous topic :: View next topic  
nustyle11



Joined: 19 Oct 2006
Posts: 1142
Location: BROOKLYN, NY

 PostPosted: Mon May 07, 2012 10:51 pm    Post subject: Reply with quote Back to top

---
_________________
L'homme propose, Dieu Dispose


Last edited by nustyle11 on Mon Jun 11, 2012 11:59 pm; edited 2 times in total
 
View user's profile Send private message AIM Address Yahoo Messenger MSN Messenger
Neg Timid



Joined: 06 Apr 2006
Posts: 3258
Location: Brooklyn, NY/Gonaives-Artibonite

 PostPosted: Sat Jun 09, 2012 11:23 pm    Post subject: Reply with quote Back to top

Nevyèm (9è) leson an pare. M'ap fè yon dènye revizyon ladan l pou m ka prezante l chik e bèl pou nou. Se ap yon leson k’ap lou anpil avèk enfòmasyon. Sa ap mande pou nou met tèt nou anplas pou n byen konprann li. Fò n pa bliye, se yon pwosè k’ap fèt nan Tribinal Entènasyonal Global avèk yon kalite pèsonaj ki mouri, ki pa la ankò, kote n ap jije Kristòf Kolon pou krim kont limanite ki pap janm efase. Se pati nan kou a ki pi difisil pou ekri, paske mwen oblije antre byen fon, anndan tèt pèsonaj m’ap fè pale yo (ki sanse mouri depi lontan), pou vini avèk tout filozofi yo, pote pou nou, tankou se yo ki te la tout bon anndan tribinal la. Rete branche !

NT

_________________
Richie est un grand musicien qui ne peut pas être compris du commun des mortels, car les notes qu'il émet sont trop élevées pour les oreilles du vulgaire.
 
View user's profile Send private message Send e-mail
Neg Timid



Joined: 06 Apr 2006
Posts: 3258
Location: Brooklyn, NY/Gonaives-Artibonite

 PostPosted: Sun Jun 10, 2012 10:57 am    Post subject: Reply with quote Back to top

Istwa Peyi Dayiti: Nevyèm (9è) Leson

Atis Plim: Nèg Timid




Reine Isabelle

Rèn Isabela la Católica de España te chita dabò anpi li leve pou l di:

Rèn Izabèl — Kòm Lid (lead) alatèt Avokat Defans lan, mwen ap pale nan non tout manb Konsèy la, nan non tout Avoka yo, tankou tout sijè Wayom Lespay, nou gen nanm nou chaje ak doulè byen anmè dèske n wè peyi n tonbe nan gwo touman, katastwòf ak devastasyon moral sa-a ak tout gwo dega vòlkan ann’ eripsyon, siklòn, tranblemandtè ak tout tsounami ki frape peyi n, lè n tande gwo chay twò lou Akizasyon Mechan Malveyan sa yo, ki sòti nan sèten sektè mal enspire, mal entansyone pou pote chay kont sijè Wayom Lespay patikilyèman ansanm ak tout pil lòt sitwayen ak sijè lòt peyi Lewòp yo tou.

— Bò kote pa n, nou rete ak konviksyon ke sijè Panyòl ki te met pye atè sou nouvo Kontinan an, se te moun diy ak respektab, ki te brave defi ak danje: van, tanpèt, vag mòtèl lanmè monte, pou te vin pote bon jan sivilizasyon bay Endyen ak Endyèn Lwès yo sou tè Lasent Kwa yo vin bay non Kontinan Lamerik la.

— Wi, n’ap sonje, n’ap reviv lajwa ak lespwa ki te anvayi kè tout moun sou planèt tè a, lè Amiral Loseyan Cristobál Colón ak kaptenn batiman l yo, ak maren l yo ak tout lòt manb ekipaj li yo te dekouvri tizile, gwo zile ak tout tè kontinantal Lasent Kwa a. Yo te pote bonè, ak griyen dan-kè kontan nan tout limanite byen-pansan k’ap reflechi sou apò sivilizasyon kretyèn lan nan Nouvo-Mond sa-a. Se te konsa, depi Amiral Colón te kite Pò Palòs de la Fontera nan Andalouzi, tou pre fwontyè Pòtigal, jou k te (3) twa dawout 1492 pou jous jounen jodiy’a.

— Annefè, jous kounyeya nan (21è) venteyinyèm syèk n’ap viv la-a, nou ka konstate nan tout esplandè l: sivilizasyon sijè kretyen Wayom Lespay yo, prensipalman, te vin tabli, bay Amerendyen yo, ak lòt Nwa yo te mennen vini yo, ansanm ak tout Endyen ki te sòti nan Loseyan Endyen bò peyi Lend lan.

— Sijè peyi Lespay yo te montre yo sa k nòmal, sa k byen, sa k bèl. Sijè peyi Lespay yo montre yo sa Bondye vle: pou yo travay konsa yo swe sou fwon yo pou yo manje. Nou te pote limyè lasyans ak teknoloji Lewòp ba yo. Epi se konsa, bann engra, pa konprann sa yo ap remèsye pèp Panyòl la ak tout lòt Ewopeyen yo ki te vin met men, ki te ede anpil pou jou ka miyò, pou solèy la pi klere sou Kontinan Sanctae Crucis la, ke jodiy’a nou konnen sou non Lamerik. Kounyeya, zòt ap fè nou yon pwosè san sans: men yo rele n nan Tribinal Global pou n reponn de move zak nou pa janm responsab.

— Si nou ka rive nan sitiyasyon sa-a, nan Tribinal Jistis sa-a, sè ke Amerendyen yo, Nèg nwè, ak tout Endyen Loseyan Endyen yo fè gwo erè apresyasyon. Moun sa yo pa ka evalye valè nou fè yo benefisye. Si yo te gen yon ti limyè, yon ti larezon nan fontèn tèt yo, yo ta fèmen zye yo, sou lepase k byen pase, sou tout bagay sa yo ki pase depi lè dyab te kaporal. Yo ta lese-grennen, bay vag pou lemond ka viv trankil, san rankin, nan lapè, pwogrè ak lanmou pou planèt nou an ka evolye, monte piwo, nan linyon total-kapital toulèzòm.



Bartholomé de las Casas


(Kòm Lapawòl se pou Konsèy Defans lan, Bartlomé de las Casas vini an ranfò epi l kontinye konsa)

2èm Avoka Defans lan: Bartolomé de las Casas — Konsèy Defans lan ap fè onorab Jiri a remake ke depi plis pase (500) senksan lane, depi plis pase (5) senk syèk, se fete y’ap fete nan lemond antye kokenn chenn evènman sa-a Amiral Loseyan an Cristobál Colón esansyèlman, ak tout lèzòt jantiyòm yo mete san rezon, pa erè, ou pito pa fot dapresyasyon kòm dirè Larèn Isabela sou lenfami akize jodiy’a, te kreye ak jeni l kòm yon gran Navigatè, ak tout bòn volonte l, ak bon jan ladrès li, double ak konpetans li nan kalkil matematik jous li te dekouvri Nouvo Mond sa-a. Konsa l te mete lajwa nan tout Lewòp, lè l te mennen dezoutwa endijèn vin rekonèt peyi Lespay, pou yo te konstate ak zye yo Endijèn po kwiv yo, ak plant ak bèt egzotik... (tou lèsenk Avoka Akizasyon an ak tou lètwa (D.A yo) Pwokirè yo, Komisè Global yo, grate gòj yo fò an menm tan, (jès yo a ralanti kous Bartolomé de las Casas ki koupe yo yon gwo kout je anvan l te rekòmanse pou pi rèd.)

— Nou menm Panyòl, nou pote limyè relijyon Kris la bay tout pèp endijèn yo, nan Nouvo Mond lan: Tierra Sanctae Crucis la. Nou fè yo evolye, nou sivilize yo, nou mennen yo sou chimen Sali, lè n te aprann yo konnen vrè Bondye a, ki vin pran plas li nan kè yo; alòske se te pyebwa, sous, larivyè, lanmè, zetwèl, lalin ak solèy moun po wouj sa yo t’ap adore. Nou menm sijè Panyòl, nou fè yo konnen bèl doktrin Kris la. Nou fè se Jezi Kris ki vin Wa yo nan syèl la, menm jan ak pou nou Panyòl, epi yo jwenn bonè yo gras a nou Panyòl, y’ap kontinye chante jous jounen jodiya: « Ala m kontan Jezi renmen mwen (3fwa)....Glwa Alelouya Jezi renmen mwen ! »

( Bartolomé de las Casas kontinye pou l deklare: ) Wi, vrèman, nou menm sijè Larèn ak Wa Panyòl la ki twouve l chita enjisteman sou ban akize jodiy’a tankou gwo bandi, vòlò, tankou kriminèl, pami lòt inosan lenjistis lèzòm mare ak li yo, nou pa merite sò sa-a, zòt ap pare pou nou, lanfè yo vle mete n nan paske nou te gide moun ki te ap viv nan tenèb, fènwè sou chimen lasyans, lakonesans, pwogrè ak lapè... Nan ka nou ye la-a, n’ap site trè saj apot Lik chapit I vèsè 78 ak 79:

Lik I-78 « Gras a pouvwa charite ak konpasyon Bondye ki fè ke solèy leve vin vizite n depi anwo,

Lik I-79 Pou l ka klere sa k chita nan tenèb ak lonb lanmò Pou l gide pa yo nan chimen lapè »

— (Las Casas kontinye pou l di: ) Tout endijèn nou te jwenn sou Tierra Sanctae Crucis la t’ap adore lòt bagay ki te gen kò oubyen ki pa’t gen kò daprè yo. Se te yon pil ak yon pakèt dye pou yo. Epi yo t’ap ofri yo sakrifis. Nan sèten okazyon, anpil fwa, yo te touye enpe moun, sakrifye jenn gason sitou bay idòl sa yo, espesyalman apre yon evènman lanati k te grav pou yo. Nan zafè sakrifis, se pèp Aztèk la k te pi cho nan peyi Meksik ak Konpè yo Maya nan peyi Gwatemala ak Salvadò kounyeya, Beliz ak yon pati nan Ondiras.

— Fò n fè jiri a konnen ke nan peyi Aztèk yo: Meksiko, se prèske chak jou Bondye mete, pè ("prêtre") Aztèk yo t’ap sakrifye moun, pafwa yo te pran plezi chanje fòm ak rit sakrifis yo pou seremoni an pa’t tounen yon woutin.

— Yo te trennen moun yo ta pral sakrifye sou tèt yon mòn epi yo te rache kè l nan lestomak li pandan kè a t’ap bat toujou. Remake ke se te konsa yo te akonpli tout sakrifis yo.

— Gen de lè, se te sezon sèch, pa’t gen lapli, alò yo te ofri kè enpe nan viktim yo, bay bondye loray, zèklè ak lapli. San viktim yo pa’t pèdi, yo te deja pare pou resevwa san an nan kwi ak nan kanari, lè fini, yo te fè yon mastik ak li, pou fè estati « Bondye Lagè. »

Kòm, ansyen monseyè, Bartolomé de las Casas te fè yon ti ezite pou l kontinye... Nou di ezite, men li te fè espre rete, pou l bay jiri a tan pran filing sa l t’ap di a; sou sovajri ak babari relijyon ak kwayans Aztèk Meksiken yo...

(Pè Francisco Blanco pran kòn nan: ) Gen de bagay ki pi rèd, k’ap etone lemond lè yo aprann yo. Sakrifis ke yo t’ap fè nan peyi Meksik ak jenn jan ke yo te elve pou sa, oubyen sa yo te retire nan fanmi yo, depi yo te gen (3) twa katran, pou yo sakrifye lè yo gen (14) katòz, (15) kenz, (16) sèzan - Lè yo rive nan bèl laj jenès yo sa-a; yo mennen yo sou tèt tanp yo ki te gen fòm piramid yo, kote yo te rache kè yo pandan yo tou vivan, (kè yo t’ap bat toujou), epi koupe tèt yo, y’al plante tèt la sou yon pik akote tanp lan. Lè fini, yo jete kò san tèt yo anba rebò tanp piramid la, epi yo kòche kadav la yo. Yo koupe yo an miyèt mòso tankou yo fè pou zanimo, pou y’al kwit yo, pou yo manje. Pèp endijèn Meksiken an ak tout pè relijyon Aztèk la te kanibal.

(Pè Francisco Blanco kontinye rakonte: ) Lè te konn gen gwo fèt, yo te konn kenbe jenn jan ankò, yo pike lang yo, zòrèy yo, bra yo, ak pwatray yo. Lè yo fin pran tout san yo, yo te al wouze estati idòl yo ki te reprezante tout kalite bondye yo te adore.

— Apre sa, yo fè va sou prizonye yo, lè yo fin touye yo, yo kòche yo, yo kwit san an apa, yo asezonnen kò yo ak epis, yo fri yo, oubyen yo bouyi yo, oswa yo boukannen yo, pou yo nannan pandan y’ap koze trankilman ak paran yo ak zanmi yo.

— Remake tou ke pè endijèn Meksiken yo pa’t janm vide dlo sou kò yo; yo pa’t janm benyen, cheve yo te toujou kole ak san viktim yo. Konsa, menm jan ak idòl yo t’ap adore yo, ak tout tanp yo kote yo te konn fè sakrifis yo, te chaje ak mouch, gwo mouch k’ap vole wonwonnen fè bri. Diplis, tout pè sa yo te gen mouch sou kò yo, epi yon lapwosesyon mouch k’ap swiv yo. Sa n’ap rakonte ou la, se tout Konkistadò (Conquistadores) ki rapòte menm istwa sa-a. Chak ane, an mwayèn, fòk te gen omwen (40) karant a (50) senkant (1000) mil moun yo te sakrifye e manje nan peyi Meksik.

— Nou pa bezwen di ou ke nan ka sa-a, timoun ak jenn jan nan pèp endijèn aztèk la, ansanm ak lòt pèp ozalantou yo, ke yo te domine, epi yo te trete tankou esklav, pi mal pase bèt, chak fwa yo fè lagè san rezon, lè lide yo di yo. Yo fè yo prizonye pou yo travay pou yo, pou yo fè sakrifis epi pou yo devore yo tou.

— Kidonk, tout pèp vwazen Aztèk yo: Senmpoaltèk, Tlakskaltèk, Taraskòs, Kanyari, Wanka yo, te kontan alye yo ak sijè Panyòl yo ki te vin pote, edikasyon, bèlte, lapwòte, sivilizasyon, lè yo te entèdi sakrifis sanglan, Aztèk yo t’ap pratike a ak tout zak kanibal, lougawou-baka manjèd moun, pou yo preche epi fè respekte bon jan bòn nouvèl Pawòl Levanjil Kris la. Tout pèp sa yo, ki t’ap viv nan laperèz te vin pote kole ak Panyòl yo, yo tounen alye yo, zanmi yo, travayè yo, pou yo defann tèt yo kont kriminèl, 'barbar' Aztèk yo.

— Maya yo te fè moun bagay sa yo tou nan sakrifis ke Aztèk yo te konn fè yo. Anplis yo te konn nwaye viktim yo nan pwi plen dlo yo fouye pou sa menm. Lè Panyòl yo te rive Gwatelama, Salvadò, Beliz, te prèske pa gen anpil gason ankò nan kote sa yo, tèlman dye moun sa yo te swaf san, yo te konn fè sakrifis ak yo.

— Enka yo menm, nan peyi Perou te ap mennen yon sosyete sosyalis. Fanm t’ap viv yon bò, gason yon lòt bò. Epi tout gason te blije abiye menm jan, tout fi tou te abiye menm jan ak inifòm pa yo; pa’t dwe gen okenn ladiferans nan abiman, esitou, pèsonn pa’t gen dwa chanje fòm rad yo, san sa, y’ap pran gwo sanksyon kont ou.

— Se sa k fè (250) desansenkant Panyòl ak chwal yo, chen yo, fizi yo ak epe yo fè lakonkèt Perou, paske tout moun fi kou gason, jenn tankou granmoun te bouke ak lavi nan lasosyete degrenngòch - fòs kote sa-a - Enka yo te konn ofri menm sakrifis ak Aztèk yo. Yo te konn manje moun tou, men pa a menm vitès Aztèk yo te konn fè aloufa sou jenès yo a, ak vwazen yo ak prizonye yo te fè yo. Kanibalis nètalkole sa yo te sovaj, fewòs epi 'barbar'.

Epi, ansanm, ansanm, twa (3) nan avoka Defans yo ki te pran lapawòl, jouska moman sa-a di byen fò (kòmkwa yo te antrene pou sa) « Se premye bagay sijè peyi Lespay yo anpeche lè yo pran kòmandman an, nan men endijèn kanibal, adoratè idòl sa yo. Panyòl entèdi sou pèn lanmò sakrifis moun ak kanibalism, ki vle di manje moun (san ou pa gen ke pou ou souke)

(Batolomé de las Casas repran lapawòl pou l souliye ke: ) Se la-a doktrin Kretyèn nan antre nan won; lè l’aprann endijèn yo ke Jezi Kris te mouri pou yo sou lakwa an sakrifis pou sove tout moun sou latè. Apre sa, apre lanmò l, Jezi Kris k te pitit Bondye Gran Mèt la te leve, li te resisite apre (3) twa jou epitou l te monte nan syèl al chita adwat Papa Bondye kote l’ap rete jouska lafen dimond pou l jije moun k’ap viv ak sa k mouri.
— Konsa, endijèn Tierra Sanctae Crucis yo vin konnen sèten, ke pèsonn pa bezwen, ni tou pa gen dwa ofri Bondye, yon sèl Bondye a sakrifis ankò, paske Jezi Kris se pitit mouton "ayo" ki te sakrifye pou sove nou tout vèt kou mawo, zannana kou pengwen ki vle di tout moun, tout sèks, tout ras, tout koulè san eksepsyon. Lemond libere de tout sakrifis ankò. Bondye pran bon jan filing, yon grap plezi nan lanmou, padon, konpasyon, charite, solidarite ak lamizerikòd.

N.B. Fotograf, repòtè, jounalis ak anpil espektatè remake ak note moman sa-a las Casas t’ap deklame Pawòl sa yo... Lè sa-a, yo t’ap swiv ke Prezidan Jiri Global la bat je l pi souvan, pi fò epi li te lese parèt yon ti souri pa anba, espesyalis ak psikològ senpman te ka entèprete jès la. Jeneral Toussaint Louverture bese tèt li dabò anpi l leve pandan l t’ap grate l; chèf Endyen Seattle gen yon tous sibit ki pran l, Cuahotemoc grate gòj li; Jomo Kenyatta twouse nen l, anpi l souke tèt li. Aimé Césaire pike Frantz Fanon ki mimire (pale tou ba): « Ou kwè se vre sa m’ap tande la-a ! » ... Paul Leroy Robeson gade Las Casas fiks ak pitye.

P.S. Mezanmi, swiv pwosè sa-a byen wi, paske l’ap montre n anplis filozofi lavi a, tout sa k gen de bon pou aprann nan konesans sou tè sa-a.

— Pawòl twò dous, oubyen twò pwofon, oswa myèl pou fè tout moun dodo, Las Casas sot voye monte la-a reveye Konsèy Defans lan, ki leve kanpe ansanm pou yo mande Lapawòl, pou repouse koze patizan sa yo — yo deklare Jiri Global la: Se twòp atò, yo bezwen plase yon mosyon nan moman grav sa-a.

— Imedyatman, Prezidan Jiri a Mohandas K. Ghandhi frape mayèt li twa (3) fwa pou l deklare ke Mosyon Konsèy Akizasyon an ak Komisè Gouvènman Global yo aksepte.



Georges J. Danton

Georges Jacques Danton leve kanpe, li di Jiri Global la « Mèsi » , pou tèt Jiri a aksepte Mosyon Konsèy Akizasyon an pral pote a, epi l te pale konsa:

G. J. Danton — Anpil moun k’ap viv sou latè kontinye fè de relijyon yo, yon byen prive, yon posesyon total-kapital. Anplis yo konprann atò ke yo gen monopòl Bondye a pou yo tousèl, alòske yo pa menm ka bay yon definisyon de Bondye anfendkont.

— Ki kalite Bondye, ki atribi l, tankou tout moun k’ap fè lojik ap mande? Leplisouvan, yo deklare ou ke Bondye se yon Espri, konsa yo klase l senpman nan domèn Espri yo. Tandiske alaverite Bondye konprann, regwoupe tout bagay ki ka egziste epi ki ka konsevwa, ki ka imajine epi fèt. Bondye se Alfa ak Omega, li se A a Z, li se Lenfini, Sa k pa gen kòmansman ni fen. Li anglobe tout bagay nèt. Fòk ou ta reyalize tout lakonesans pou ou vin yon Wa, yon Espri-Moun ki reyalize gwo jèfò pou ou rive, atenn objektif espirityèl la pou ou konprann sa, pou ou viv sa. Si ou pa ka rive pou ou konprann ke Bondye se tout bagay ansanm, tout definisyon ou bay de Li se jèbèdè, w’ap jèbèdè.

— Parayè, Bondye mete timoso nan Li, ki apatni atout Li, epi ki Limenm toutantye nan nou menm menm. Bondye pa twò lwen, jan n konprann li an. Li se konsyans tout sa L kreye, ke L bay vibrasyon diferan (wòch gen yon konsyans de wòch, zannimo gen yon konsyans de zannimo, pyebwa gen konsyans pa l apa). Bondye nan konsyans epitou se konsyans tout sa l kreye, ki gen vibrasyon pa yo apa; paske li ekri senbolikman lè lakreyasyon an « Lespri Bondye t’ap flannen, t’ap plannen sou tout bagay » = egal pou l ba yo jèvrin, pou l ba yo jarèt, bay chak bagay nan lamatyè konsyans pwòp, espesyal pa l.

— Nou menm tou lèzòm, li nan konsyans pa nou akòz de nanm nou ki vin nan kò n lè n fèk fèt, ak premye respirasyon tibebe nou an. Nanm nou ki te kreye depi kòmansman tan depi tan gen tan. Nou tou lèzòm nou gen konsyans pa nou, ki fè n distenge byen ak mal. Lespri Bondye mete nan nou an, sòti nan Bondye epi l dwe manifeste l pou l tounen nan Sous Limyè, Fwaye Limyè ke Bondye ye a. Pou ou ale rejwenn Bondye, se nan anndan ou menm menm chimen an ye, tankou Kris la montre l la paske Espri Sen Letènèl la te sibstitye l, pran plas nanm Jezi jou batèm li an Jan Batis te selebre a. Se konsa Letènèl pwouve n li tou pre nou, nan nanm nou, nan kè nou. Li anvayi konsyans ou lè ou fè byen ou evite mal.

— Epi, pou ou rive jwenn li, pou ou santi l, kòm moun fòk ou sibi yon inisyasyon oubyen pou pi piti fòk ou fè l yon pwomès, yon (voeu) ve, — Konsa w’ap antre nan sa Jezi rele (cercle interieur) sèk enteryè patizan l yo (-ou pap tankou tout moun ki nan sèk eksteryè a, ki deyò ap gade epi yo pa wè, ap tande epi yo pa konprann).

— Nan tan pa m, nan 18è syèk, lè m t’ap viv sou tè a nan peyi Lafrans, nou tout Franmason ak Wozkwa ki te fè Revolisyon an, ki te pwoklame Dwa Moun ak Sitwayen an, nou te fè Sèman devan Bondye pou n te chanje figi latè lè n siprime privilèj, peze souse, boule gra pou n ka vin gra, fè sa n pito, abi klas noblès la ak tifrè yo ki te nan klèje Legliz la t’ap fè pèp yo sibi sou latè.

— Pou rezon sa-a, nou te konkeri prèske tout Lewòp ak Mesaj Dwa Moun ak Sitwayen k’ap tabli kò l pi rèd jous kounyeya nan (21è) venteyinyèm syèk n’ap viv la-a. Nou te jete tèt yon Wa ak yon Rèn ki te reprezante tout abi, privilèj, move zak ak koripsyon pou n te pote chanjman total-kapital nan tan sa-a.

— Epi sitou Leta te vin layik (laïc). Pa’t gen afè de mete tout bagay sou do Bondye ankò, pou deklare se Bondye k bay Wa a Dwa: kit se an byen, kit se an mal. Lèzòm vin pi responsab, se de yo menm, de konpòtman yo, kondwit yo tout bagay depann, paske ak Lespri, nanm li, lòm se yon tibondye an minyati, an pi piti (al li sòm (82) katrevende).

— Alò, jounen jodiy’a, pèsòn pa ka admèt, ni wè pou ki sa pati advès la: Konsèy Defans lan ap vin entwodwi Kwayans yo, relijyon yo ak bondye yo a, jan yo konsevwa l yo menm nan devan Tribinal Global la, alòske n konnen ke chak moun selon degre evolisyon yo konsevwa Bondye nan nivo pi wo ou byen pi ba, trè trè wo ousinon trè trè ba. Nan langaj mistik, nou pale ( du Dieu de nos coeurs et de nos âmes) = Bondye selon kè ou, selon nanm ou, Bondye jan ou ka konprann Li an, jan ou ka wè l la.

— Se sa k fè nou tout ki mouri, ki pase lòt bò rivyè a sou pon yo, oubyen nan tinèl yo; oubyen moun k’ap fè entèpelasyon ak medyòm (medium) (spiritisme), nou remake, nou konstate nan ki nivo, nan ki rejyon, nan ki katye nan syèl la (nan kòsmòs la) nou ka rive, nou ka wè, nou ka vizite, nou pap janm ka depase tou; paske plen lwa (loi) trè sevè anwo a ke ou dwe respekte alalèt. Fòk nou sonje pawòl Mèt (Rabay) Jezi Kris la: « Gen anpil katye lakay Papa m, (nou menm zapot yo ak disip yo,) kote m ap rete a, nou pap ka vini, alò m pral devan pou m fè kay pou nou... »

— Tout Leta, nan tout peyi ki fè respè yo vin layik, yo pa melanje relijyon ak leta.

— Epi mwen menm Georges Jacques Danton ki te etidye relijyon Kretyèn lan afon, m chaje pou m fè Avoka ak Avokat Defans yo wè sa (Rabay) Mèt Jezi Kris te avèti konsènan moun tankou w yo nan levanjil Matye 7:21 a 23.

Matye 7:21 - Se pa tout moun k’ap rele m Seyè, Seyè kap rantre nan Watom Syèl la.

Matye 7:22 - Jou sa-a, anpil ladan yo ap di m: Seyè, Seyè èske m pa’t fè prediksyon nan non ou? Pa vre, m te chase dyab nan non ou?

Matye 7:23 - Alò, m’ap di yo piblikman. Kote m konnen nou, M pa’t janm te konnen n, disparèt devan m nan, nou menm k’ap komèt lenjistis.

— Sa se gwo pingga Manm Konsèy Defans lan pou n pa pwomennen vante sa n fè ak relijyon nou pretann n’ap pratike a. Nou ka santi ke kote nou ye la a nan Tribinal la se pa relijyon yon moun pratike ki konte, se jan ou sèvi ak Lanmou, Solidarite, charite, konpasyon sou pwochen ou ki tout bagay la.

— Nan zafè Leta, tout moun konnen ke depi yon otorite Jistis ak Lapolis double pa Lame pase lòd pou entèdi yon mouvman, yon move zak ki konn fèt, tankou touye moun, krim, ansasina epi anplis kanibalism, epi w apiye anpèchman ou lan, entèdiksyon an ak chay lou, gwo sanksyon, prizon vi, pèn lanmò menm, zak la ap ralanti oubyen l pap fèt ditou. Relijyon ak kwayans ap entèvni apre, pou baz moral ak espirityèl lòd la pou tout moun fè sa k dwe fèt.

— Prezidan Jiri Global la, Mahatma K. Gandhi, ki te egzèse pwofesyon Avoka nan peyi Lafrik diSid, nan pi resan vi l sou latè, deklare ke Jiri a pran nòt ak konsyans de Briyant entèvansyon Avoka Akizasyon an Georges J. Danton ki fè rekèt pou enpoze entèdiksyon relijyon ak non Bondye nan pawòl Avoka Konsèy Akizasyon yo. Men sèlman l ajoute ke Jiri Global la konprann nan kouran deba a, Konsèy Defans lan ap degaje l defann tèt li ak tout sa l te genyen nan tan sa-a sou plan kiltirèl, kwayans, sosyal, relijye, ekonomik, edikasyonèl (elatriye...) - Alò se Akizasyon an ki pou pote agiman kontrè achak fwa, tankou mosyon l sot mande a. Epi Prezidan Jiri Global la frape mayèt li pou l mande Konsèy Defans lan kontinye ekspoze l fè ak zak li yo pi bon jan l kapab.

Bartolomé de las Casas kouri repran kòn lan pou l eksplike:

— Fòk nou retounen nan ane 1490, pou n sonje ke Wa Ferdinando de Aragon ke sèten moun mal pansan pèmèt yo mete chita sou ban akize jodiy’a, te an kontak ak pap yo ke nou oze fè chita sou ban lenfami akizasyon an tou — Se gran pèsonaj sa yo ki te voye sijè peyi Lespay pati selon lòd Mèt Legliz Kretyèn nan:

« Ale montre, aprann tout moun nan tout peyi, batize yo nan non Papa a, pitit li a, ak Lespri Sen an. »

— Se kokenn doktrin Levanjil lan nou t’al simen sou nouvo Kontinan an: Tierra Sanctae Crucis (Tè Lasent Kwa) ke yo rele Lamerik kounyeya. Epi Pap epòk sa-a Alexandre VI (Rodrigo Borgia) ki t’ap sipèvize dekouvèt la depi Vatikan te bay peyi Lespay otorizasyon pote Levanjil bay pati Nò kontinan an, alòske Wa Pòtigal la Joao II te gen pou l bay fidèl katolik yo swenyaj nan pati Sid kontinan an. Konsa, tout endijèn Panyòl yo te jwenn sou tè a, te vini otomatikman sijè Panyòl epi lòt yo te sijè Wayom Pòtigal.

— Se dizon sa-a Pap Alexandre VI (Rodrigo Borgia) te konfime nan lèt li a, yo rele bil (Bulle an franse) ki te gen tit: Inter Coetera, ki te pote dat Twa (3) me 1493, epi l te mete yon diplis lè l te eksplike nan menm ane a nan lèt (bil) ki te gen tit Piis Fidelium (Fidèl devwe yo) gwo pouvwa Wa peyi Lespay ak Wa peyi Pòtigal genyen sou nouvo Kontinan an kòm chèf Katolik.

— Lòt pap ki te patisipe nan koze sa-a se te:

Pap Jules (Jil) II ak bil Eximiae devotionis nan lane 1503 epi bil : Universalis Ecclesiae nan lane 1508 ak yon lòt bil ankò nan lane 1513.

Pap Leon X (10) te ekri yon lèt (bil) pou raple gran pouvwa ekstraòdinè Wa peyi Lespay ak Wa peyi Pòtigal te genyen nan lane 1518.

Pap Adrien VI, te rafrechi delagasyon pouvwa sa yo nan lane 1522 ak lèt (bil) Omnimoda.

Pap Paul III te rebay plis pouvwa nan lane 1535 ak 1547...

— Rèn Izabèl leve, li on ti jan teke Bartolomé de las Casas ak koud li epi li pale, yon ti jan eksite, li nève paske lè dènye pasaj li sou tè a kòm Rèn, li pa’t janm jwenn opozisyon, ni repons, ni defi lè l te konn pale, lè l te pran yon pozisyon, se te definitif, dapre dwa Bondye te ba li, lè yo te kouwone l Rèn... Li pale konsa:

Rèn Izabèl: Tout vye pwent, ensinyasyon malveyan, move koze, zen gaye, medizan malpalan ap voye monte sou Wayom Lespay ak sijè l yo se manti ak kalomni yo ye.Sijè volontè benevòl nou yo t’al pote sivilizasyon ansanm ak limyè doktrin kretyèn nan sou Nouvo Kontinan an. Gen yon sektè k’ap chèche bayonen nou, fèmen bouch nou pou n pa pale de sa, poutan se sa k lesansyèl nan sa peyi Lespay akonpli kòm devwa l.

—Fòk nou fè nou tout moun sonje ke mwen menm Larèn peyi Lespay ak tout mari m Wa Ferdinando de Aragon ke nou pèmèt nou mete chita san rezon nou ban lenfami, jounen jodiy’a, nou te pale tout moun nou te mete anchaje tè tounèf ke n dekouvri yo, pou yo boule byen ak endijèn yo, pou yo trete yo byen tankou frè ak sè ak pitit Panyòl yo.

—Nou te fòmèlman entèdi lesklavaj nan yon òdonans wayal jou k te 6 jen 1495. Mwen menm pèsonèlman, m te fè bay òdonans sa-a jarèt jou k te 20 septanm 1499 epi m te rechofe òdonans lan prèske (2) dezan apre jou k te 1e dawout 1501.

—Mwen menm Larèn Izabèl ak tout mari m Wa Ferdinando de Aragon te bay nouvo gouvènè zantiy yo Nicolas de Ovando lòd pou osito pye l touche tè nan zile yo, pou l aboli lesklavaj, epi tou pou l aji byen ak Endyen yo ki t’ap viv sou nouvo tè yo ki te agrandi Wayom Lespay lan.

—Lòd nou te bay Nicolas de Ovando te eksplike byen ke tout Endyen yo, se moun lib, sijè natirèl kouwòn lan, menm jan ak tout Panyòl yo.

—Lòd sa-a kontinye pou fè lage tout Endyen gason kou fi yo te arete; libere yo, mete yo deyò, sòti nan prizon anpitou remèt yo tout byen yo ke yo te konfiske.

—Anplis lòd la di byen ke, lè yo travay pou kèlkeswa moun nan, se pou yo peye yo; pou pran enpo ak taks sou yo. Se pou yo fikse montan enpo ak taks Endyen yo ap peye yo nan reyinyon, bon jan chita tande ak ansyen chèf yo. Apre sa, lè gouvènè a fin tonbe dakò ak ansyen chèf yo, fòk li fè bon jan rabè sou montan taks la ak enpo yo ke anchaje Panyòl la ak ansyen chèf yo te aksepte a.

—Anfendkont, òdonans lan, lòd la, te egzije ke yo aprann Endyen yo tout verite sou lafwa kretyèn.

— Apre sa, mwen menm Larèn Izabèl, m te voye rekòmandasyon bay tout gouvènè ak otorite ki an chaje sou tout tè nou te dekouvri yo, pou yo te pwoteje endijèn yo, kont akresite, renmen tout, move zangi voras, avantirye Panyòl ki bezwen rich vit pou yo tounen lakay yo vin jwi byen san swe. Konsa anchaje te dwe aji.

—Premyèman: Rasanble Endyen yo an ti gwoup nan bouk yo, epi mete yon Panyòl, bon moun, kapab, entelijan epi charitab alatèt yo, pou l ka pwoteje yo sizoka paka, dirije yo, epi fè yo tounen moun sivilize.

—Dezyèmman: Lè sa-a chak Endyen ki alatèt fanmi l, ki vle di Chèf Lakay li, ap genyen yon kay pou l rete, yon pòsyon tè pou l plante epi bèt pou l gade.

—Twazyèmman: Nan chak bouk (bourg-village) ap gen yon kire (monpè) k’ap responsab legliz la ak lekòl timoun yo.

— Sistèm sa-a te rele "encomienda" ki vle di distribisyon sou rekòmandasyon. Vrèman kire yo (monpè yo) te fè djòb yo byen. Yo te jwenn èd kèk endijèn ki te konvèti nan relijyon katolik... Konsa anpil Endyen ak Endyèn te pwogrese, yo te sòti nan tenèb kote yo te layite kò a, lè yo t’ap adore solèy, lalin, zetwèl ak pyebwa ak nenpòt ki sa yo te pran pou bondye. Kidonk gras a konvèsyon yo, endijèn yo te vin sivilize, yo te mennen bonjan lavi kretyen, nan lanmou, youn ede lòt, nan respè tèt yo ak diyite tout lòt moun.

Konsèy Defans lan rete sou pawòl larèn Izabèl sa yo epi yo di Gran Jiri Global la, y’ap pran pòz, yo retounen lè Manb Konsèy Akizasyon an fin prezante pwendvi pa yo, opinyon pa yo ki sètènman pap twò kòrèk kote verite a....

Tout manb Konsèy Defans lan leve kanpe ansanm. Tout moun nan sal la ki t’ap asiste seyans lan, li kontantman tout manb Konsèy Defans lan, sou figi Avoka yo, ki fè yon ti ri ki lese parèt aklè lajwa k te nan kè yo lè sa-a.



Léger-Félicité Sonthonax

— Pwokirè a, D.A. anchèf la, Komisè Global Léger Félicité Sonthonax rete doubout alòske lòt manb Konsèy Defans lan te chita, anpi l di:

— Mesye Prezidan ak tout manb Jiri Global la, (D.A) Prokirè ak tout sibstiti l yo ansanm ak tou manb Konsèy Defans lan pa vin nan Tribinal Global la pou yo fè imajinasyon yo travay; oubyen pou fè konnen ki objektif ideyal yo te renmen reyalize sou tè a, lè yo t’ap viv, sitou nan tan lontan lè pèp Panyòl te vin "dekouvri" pèp endijèn, yo te rele Endyen Lwès yo. Non ! Nou pap vin voye monte, voye flè, nou la-a pou n montre laverite, tabli laverite, tout laverite, san wete-san mete, nan mond reyèl, ki te egziste lè akize sa yo (li lonje dwèt li sou ban akize yo) t’ap fè sa k pa sa, komèt lenjistis, volè, fè adiltè ak krim sou Kontinan yo te fè dap-piyanp sou li eke yo te rele Tierra Sanctae Crucis la.

— Avoka Defans Jacques Pierre Brissot, anchaje bò pa nou an, pou l mete verite sou tanbou, lè l pral pale de premye moman "dekouvèt" la jouska tablisman Koloni Panyòl yo sou Kontinan Ameriken. Anka l bouke, yon lòt manb Konsèy Defans lan va pran relè a...



Jacques P. Brissot

Avoka Jacques Pierre Brissot leve pou l remèsye Komisè Sonthonax ki te ba l lapawòl konsa:

Av. Jacques P. Brissot — Mèsi anpil Komisè Global Sonthonax dèske ou fè m konfyans pou m pale avèk konpetans ak verite de moman istorik sa-a, moun k’ap viv nan tan modèn sa-a 20è-21è syèk rele «rankont (2) de mond.» Nou menm, kote nou ye a kounyeya, nou gen yon gran vizyon sou tout sa k te pase yo, ositou n’ap rapòte istwa a tèlkèl, tennfas. Lè n fin prezante ekspoze nou an, tout moun ap rann yo kont, se pa’t «rankont (2) de mond» ditou, tankou yo ta vle ba l tinon an; men se te vrèman yon « chòk (2) de mond.»

— An n pati ak Colón, depi [8] uitan anvan (1e) premye vwayaj li sou Nouvo Kontinan an, jou k te (3) twa dawout 1492 nan Pò Palos de la Frontera, nan peyi Lespay, lè l t’ap fòme pwojè sa-a, vè mwa fevriye 1484.

— Lè sa-a, M’sye Christoffom Colom, te sijè Wayom Pòtigal, li te fè lide pou l pase nan Loseyan Atlantik pou l rive nan peyi Lend, konsa l va ale a Lès an pasan pa Lwès. Li te si-e-sèten l’ap rive Ozend, paske nan tan sa-a, lèzòm te konnen ke tè a tou won dapre latwouvay ansyen gran save Grèk yo patikilyèman Eratosthène (Eratostèn).

— Christoffom Colom te kouri prezante pwojè vwayaj li a bay Wa Joao II Pòtigal, ki bay yon gwoup ekspè etidye l. Mesye save Pòtigal yo, pa trouve plan Colom an te kanpe sou anyen, yo rekòmande Wa Joao II pou l rejte l. Se sa Wa Joao II fè epi pwojè vwayaj nan peyi Lend pa Lwès Colom an tonbe nan tchouboum pou lemoman...

— An me 1485, Colom ke lide ale Ozend pa Lwès la te tounen yon obsesyon pou li, chanje peyi. Li imigre nan peyi Lespay nan Castiy, ak tout pitit li a Diego nan presbitè La Rábida, nan Pò Palos de la Frontera. De (2) chè frè l vin fè zanmi ak yo, yo bal konsèy ale nan vil Kordou (Cordú) kote ya fè pran kontak ak larèn Izabèl, k’ap plede rèd-chèch pou Akizasyon an kounyeya —(Rèn Izabèl gade Brissot detravè anpi l twaze l) — (Brissot souri epi l kontinye.)

Jacques P. Brissot — Larèn Izabèl, ki nan pami nou la-a, resevwa M’sye Cristobál Colón, rize ak entelijan, ki te gen tan adapte l, li te gen tan pran yon bèl non Panyòl. Nan mwad janvye 1486, Larèn Izabèl di l, plan l lan pap pase. Katran apre an 1490, Colón tounen alaso. Larèn Izabèl lage swadizan Navigatè a nan dlo ankò, Rèn nan pa aksepte pwojè Navigatè a.

— Nan mwa avril 1490, mwens tikras minit ak yon tisegond, plan Colón an te fin aksepte. Men: "anbisyon touye rat la", Larèn Izabèl voye Colón al flannen ankò, lè Colón mande pou l Viswa tout tè l’ap dekouvri sou pasaj li ansanm ak yon tit noblès Panyòl... Larèn Izabèl fè kòlè enteryè pou l pa chape, li vin tou wouj, se ede yo ede l monte nan apatman kote l kouche a.

— Men te gen trezorye (kontab) kay Wa ak Rèn lan Luis de Santangel ki te okouran pwojè Colón an, epi k te inisye, li te konnen anpil, paske l te chèche anpil, epi l te byen ak tout kalite savan sitou pòtigè yo, ki te eksplike, ke sa Colón prezante a se te gwo zafè — Alò Santangèl ki te abitye bay Wa a ak Larèn Izabèl ki la-a kounyeya lajan pou yo manje, pou yo banboche, pou fè tab la gra nan bon kou nan move tan, vin mennen yon dènye mannigèt pou Navigatè a - (Larèn Izabèl pa ka kenbe ankò, li touse fò epi l kwipe tankou yon jèn fi maledve).

Jacques Pierre Brissot pran yon ti pòz epi l kontinye. Nan fen mwad me 1491 Luis de Santangel (se bon non panyòl li) rale yon fotèy epi l chita bò kote Larèn Izabela pou l rakonte l ke si Colón rejwenn Lèzend pa Lwès, se pap yon wout ki koni, epi Lespay ap gen gran pase trankil pou l’al ranmase lò, epis, lajan, pèrl, ak yon band lòt danre, se pa ti ogmante finans Wayom lan, ap ogmante. L’ap bon pou Wayote a k’ap viv nan yon mizè nwa, ki fèk sot mete mizilman yo deyò nan dènye basyon yo nan Wayom Lespay, nan Grenada... Se pa dekòb, de peseta, nou te blije depanse pou fè lagè sa-a avèk lèd alye "mèsenè", k te sòti nan tout peyi Lewòp Sid la... Lè pwojè Colón an reyisi, Wayom Lespay lan ap releve...

— Larèn deklare kontab li a, Luis de Santangel ke li poko ap ba l yon repons, fòk l’al prezante ka a devan lakou Wa a reyini. Alò, nan kèlke jou, la di l sa Wa a ak Rèn nan konkli. Luis de Santangel reponn li an koutizan (li konnen l mare yo): « Qué la voluntad de su graciosa Majestad sea ¡ » Ke volonte grasyez Majeste ou a fèt ! Epi l fè sis (6) pa annaryè anvan l bay do pou l ale...

— Kenz (15) jou apre, nan mwad jen 1491, Larèn Izabela voye rele kontab li a, ki tou pote kòb pou fè plante flè nan palè a, ansanm ak douz (12) pè pijon blan ki pou reprezante lapè nan Wayom Lespay la... Se premye bagay Luisito montre Larèn Izabela lè l fin salye l, kòm sa dwa ak koubèt yo rele reverans lan...

(Larèn Izabèl pa ka kenbe ankò, li eklate epi l di byen fò: ) « este pendejo perverso de piernas chuecas no deja de decir babosadas, seguro que fue algo bajo, muy bajo en otra vida... Echanle a la basura, de dónde viene ¡ » (trad) Enbesil kowonpi, visye epi mechan sa-a ak pye kanbra li yo pa sispann di tenten rans, siman M’sye sòti ba, trè ba nan yon ansyen vi. Jete M’sye nan fatra kote l sòti a...»

(Brissot k santi l sot peze abse Larèn lan vire l reponn fò tou pou piblik la ak jiri a tande tou; repons li an te pike: )

Brissot— Non la reine, je fus Révolutionnaire, Girondin et Français, de ces hommes farouches qui ont pris la Bastille, mis à bas la noblesse, guillotiné un roi et une reine et proclamé les Droits de l’homme et du Citoyen qui ont cours de nos jours en Espagne et dans le monde civilisé. Au diable les rois parasites ! A bas les reines profiteuses ! (trad) Non Larèn, m te Revolisyonè, Jiwonden, Franse, nan pami gason kanson ki te pran Labastiy yo, kraze noblès la, epi m pwoklame Dwa Moun ak Sitwayen ki an vigè nan peyi Lespay nan jou n’ap viv yo epi nan lemond sivilize. Ke Wa parazit yo ak rèn k’ap pwofite yo al jwenn djab ! - [Piblik la, bat bravo...]

— Pou met lòd, epi fè tribinal la jwenn kalm li pou seyans lan rekòmanse, prezidan Jiri Global la frape mayèt li, epi l deklare sou yon ton trankil men fèm. Fè silans, oubyen m ap fè tout moun sòti nan sal la...

— Epi Prezidan Jiri a tounen sou Larèn pou l obsève l, lò l te di l, ke l pa gen dwa agrese Avoka Akizasyon an konsa, eke l dwe gen otorizasyon Jiri Global la, pou l pòte tout mosyon.

— Apre sa Prezidan Jiri a vire pran Brissot pou l mande l, pou l pa kominike dirèkteman ak Avoka Defans yo, ke se pou l toujou pase pa Jiri a pou tout kominikasyon; epi se pou l aprann metrize tèt li, pou l pa pwosede a okenn vyolans, ni entimidasyon, se lajistis, tout moun vin chèche nan tanp Thémis la... Epi Mahatma Ghandhi mande Avoka Akizasyon an pou l kontinye ekspoze la.

(Avoka Brissot kòmanse pa plenyen, lè l deklare byen fò, ke se teknik Defans la, lè Avokat yo a tounen yon Sent Entewonp pou fè yo bliye verite yo t’ap tabli a... Epi Brissot respire twa (3) fwa, lè fini l kontinye konsa: )

Brissot — Wi, m t’ap pale n de gran save Grèk Eratostène ki te bay yon estimasyon prèske kòrèk de sikonferans latè a. Men dènye kalkil anvan Cristobál Colón, ki vin sijè Panyòl toudenkou, defakto, nan panzou, se te yon arab mizilman k te fè l: gran save sa-a te rele Al-Farghani. Li te estime Ekwatè latè a, apeprè (18.300 mil) dizwimiltwasan mil swa anviwon (30.000 km) trant mil kilomèt.

— Se apati de kalkil Al-Farghani an Cristoffom Colom te bati pwojè vwayaj Ozend pa Lwès li a. Poutan Navigatè a t’ap fè fos wout, si Bondye pa’t konn kenbe krab pou l mete nan makout avèg. Se pa ti erè kalkil anjwèt Colom te fè anpatan, paske Arab la Al-Farghani te sèvi ak yon mezi ki te egal a 1973 mèt, alòske mezi Romen yo, Christoffom te sèvi ak li a te egal 1482 mèt. Kidonk te gen yon diferans (491 mèt) katsan katreven onz mèt sou chak mil nan tout pakou a pou rive jousk Ozend pa Lwès ki te 4200 mil... Se pa ti distans. Kidonk, travay entandans lan te fose tou; patap janm gen ase viv ak dlo pou yo reziste, si yo pa’t pèdi, "grasa Dye epi chans" pou yo tonbe sou zile, yo te rele "El Salvador", Sovè a.

— Men tou, pou l rive nan zile Amerik sa-a, ke l pa’t konnen egzistans li a: lachans souri ba li, ki fè l genyen kout kat sa-a.

— Malgre move kalkil degrenngòch Colón yo, plan entandans, katye mèt, finans ak distribisyon byen l yo pa’t kòdyòm. Vè (10 ak 11) dis ak onz oktòb 1492 ekipaj bato l yo kòmanse manke viv ak dlo, anplis yo pa’t si kote Colón t’ap mennen yo. Tout maren yo kòmanse ap fè wounou wounou, ap leve koken, fè mitinri, mande pou yo retounen nan Wayom Lespay. Colón ak kaptenn lòt bato yo, lèfrè Pinzón blije sèvi ak tout fòmasyon yo, tout sajès yo, pou yo kalme ekipaj yo, epi yo pwomèt yo ke si nan (3) twa jou delè, yo pa jwenn anyen, y’ap retounen lakay yo.

— Se nan konbinezon sa-a, nan tan di sa-a Colón ki te entelijan anpil, fè tèt li travay. Li remake yon band zwazo k’ap fè ale vini. Li remake kote zwazo yo ap sòti a, epi l vire bato Amiral la, La Santa Maria nan direksyon kote kana sovaj yo prale a, epi li fè kaptenn lòt (2) de karavèl yo siy pou yo swiv li. Lè (2) de lòt bato yo, karavèl yo aliyen ak li, yo kenbe kap yo, tèt bato yo, nan direksyon chimen kana k t’ap vole yo ap swiv la. Epi yon jou edmi apre nen (12) douz oktòb, vè dizè dimaten, maren k t’ap fè legetè sou pon nèf la, bato-Amiral la Rodrigo de Triana tonbe rele Tieeerra (Twa fwa) pou anonse Nouvo-Mond pou Panyòl ak Ewopeyen yo... (Brissot kontinye pou l mande: )

— Alò, piblik la, ak moun ki dwat nan lemond antye, ap jije pou yo menm, si Mouche sa-a, ki chita sou ban akize a, pou anpil lòt zak malonèt, move sijè Panyòl te komèt sou kont li, ak nan tolerans li, fèmen je l, gade lòtbò san reyaji kon kolon Panyòl k’ap fè abi ak malveyans gen dwa a tit Gran Navigatè, Jeni, Amiral Loseyan lè l fè kalite erè kalkil sa-a, san okenn plan Entandans, paske ekipaj yo manke mouri swaf ak grangou sou kont li; epi se bonnanj li, ki fè l swiv kana mawon ki pral poze nan letan pou l te ka jwenn tè; tou sa yon matlo pwofàn ta fè ak ensten l. Nanpwen merit nan sa Colón kwè l akonpli a...

Se la n’ap rete leson 9 la pou jounen jodiy’a. N’ap kontinye rapòte pwosè nan Tribinal Global la trè byento.

Al etidye esitou poze nou kèk kesyon sou sa, n pa fin konprann.


NT

_________________
Richie est un grand musicien qui ne peut pas être compris du commun des mortels, car les notes qu'il émet sont trop élevées pour les oreilles du vulgaire.
 
View user's profile Send private message Send e-mail
Neg Timid



Joined: 06 Apr 2006
Posts: 3258
Location: Brooklyn, NY/Gonaives-Artibonite

 PostPosted: Wed Jun 13, 2012 9:24 am    Post subject: Reply with quote Back to top

nustyle11 wrote:
---



Nustyle11

Mwen remake ou te ekspedye yon vèsè dèyè m avèk ekspresyon vizaj ou byen move dènye fwa kòm repons. Mwen wè ou efase l maten an a inè-dimaten (1:00am). Mwen swete se pa anyen ou te li nan sa m ekri yo ki te fè w fache atis la. Mwen pa vini isiya pou fè pèsonn fache. Se ti kras nan konesans mwen, mwen vin pataje avèk nou. E se tout dwa w pou pa dakò avèk yon analiz literè mwen fè. Epitou, menm lè ou wè se Kreyòl mwen ekri, mwen ekri l avèk yon nivo trè avanse, nan tèks mwen yo. Pafwa, sa konn mande pou lektè a fè tèt li travay anpil, pou l pran vrè sans sa m vle di. Epi, fè anpil atansyon avèk vèsè nan bib la lè w’ap site yo; paske 90% moun ki li bib la pa konprann li. Sa yo konn panse vèsè a vle di a, se pa sa li janm vle di. Pou konprann bib la byen, gen yon pon menm si ou pa inisye, fòk ou pase sou li kanmèm. Bib la se yon liv mistik li ye....

NT

_________________
Richie est un grand musicien qui ne peut pas être compris du commun des mortels, car les notes qu'il émet sont trop élevées pour les oreilles du vulgaire.
 
View user's profile Send private message Send e-mail
nustyle11



Joined: 19 Oct 2006
Posts: 1142
Location: BROOKLYN, NY

 PostPosted: Thu Jun 14, 2012 4:56 am    Post subject: Reply with quote Back to top

Please, get off your high horse and spare me the literature. My delivery was mot meant to be disparaging but rather to convey a simple message. Since the latter was not understood, let me take the opportunity to apologize and keep it moving as i have no desire to be indulged in a back and forth with anyone. I am going through the darkest hour of my life right now and it is imperative to concentrate on what's really important in life?. My message was edited because i find it necessary to do so. To put facts to your rhetoric, this so-called atis was a student of W. Exume as well as you. So, don't get it twisted!! furthermore, the interpretation of verses in the bible may have a different meaning to you as it is to me and that verse was used the way i see fit. With that said, i bid you a good day and this is the last you'll hear from me.
_________________
L'homme propose, Dieu Dispose
 
View user's profile Send private message AIM Address Yahoo Messenger MSN Messenger
T-Kout



Joined: 22 Sep 2010
Posts: 64
Location: QUEENS - NY

 PostPosted: Sun Jun 17, 2012 9:47 pm    Post subject: Reply with quote Back to top

Neg Timid, map li Leson 8 kounneya. Tale la fom al achté ink poum ka print lot leson yo. Mwen mem, mwen ta renmen li biograpfi kek prezidan lontan yo. Fe saw kapab, se anpil travay wi. Mwen renmen travay sa anpil, me konpliman !
_________________
Fo'w Kou-T T-Kout pandan lap jwe kout guita
 
View user's profile Send private message
Neg Timid



Joined: 06 Apr 2006
Posts: 3258
Location: Brooklyn, NY/Gonaives-Artibonite

 PostPosted: Sun Jun 17, 2012 10:48 pm    Post subject: Reply with quote Back to top

T-Kout wrote:
Neg Timid, map li Leson 8 kounneya. Tale la fom al achté ink poum ka print lot leson yo. Mwen mem, mwen ta renmen li biograpfi kek prezidan lontan yo. Fe saw kapab, se anpil travay wi. Mwen renmen travay sa anpil, me konpliman !


T-Kout,

Mwen sanse deja fin kouvri tan Panyòl yo. Apre pwosè a, m’ap atake tan Franse yo, epi pou m atake kote ou vle m rive a, nan tan Prezidan Ayisyen yo. Sa ap pran yon ti tan, avèk anpil kout plim pou m rive la. Paske jan m’ap fè istwa a avèk nou la-a, mwen garanti nou, nou poko aprann li konsa. E tout moun ap jwenn, kèlkeswa nivo entelektyèl ou. Mwen pap annik rakonte nou istwa a, men m’ap analize l avèk nou tou, pou ouvri je nou, fè nou wè yon pakèt bagay yo pa’t montre nou lekòl. Pran pasyans !

NT

_________________
Richie est un grand musicien qui ne peut pas être compris du commun des mortels, car les notes qu'il émet sont trop élevées pour les oreilles du vulgaire.
 
View user's profile Send private message Send e-mail
PIYO



Joined: 30 Mar 2006
Posts: 1323
Location: NYC

 PostPosted: Mon Jun 18, 2012 2:06 pm    Post subject: Reply with quote Back to top

Met la,

nou pa pale, men nap swiv leson yo trankilman. akoz de tan ki vinn tre rare, se tiake elev la ap tiake leson yo le li kapab. mwen we ou ap fe ampil efo pou bay prezantatyon ak ampil banan mouska pou dan elev yo ka dire plis tan. Men fok ou kenbe balans lan pou li pa paret tankou yon bouyon kote elev santi li oblige al cheche viv yo (opinyon sa relatif paske elev ki vle konen ya ap fouye bouyon an et jan parole bib la di a "le prof arrive quand l'eleve est pret"). Enpil enfomatyon ap tonbe, et mwen sure ke ou ap ekspoze li yon fason anpil moun ki pa fouye pap janm konen.

Sel kritik mwen vle pote, gen yon seri de dossye ki ta supoze prezante kom sijet danaliz et non kom fet, paske istwa otantik yo non selman yo pa ouve a piblik la e gen lot sous ki bay diferan pwen de vu two valab pou nou pata mantyone yo alevwa inyore yo. Apres sa, mwen pa we kijan poum ta remetye ou pou inityativ lan.

Kreyol la pa finn two kodiom, men nap fe efo Very Happy

PiYo
_________________
Haitian... Why Not!!!
 
View user's profile Send private message AIM Address
Neg Timid



Joined: 06 Apr 2006
Posts: 3258
Location: Brooklyn, NY/Gonaives-Artibonite

 PostPosted: Fri Sep 27, 2013 5:42 am    Post subject: Reply with quote Back to top

Kote elèv entelijan Klas istwa Dayiti Kompa Magazine yo? Mèt la ap anonse nou ke rekreyasyon an fini, kòmanse prepare nou pou nou retounen nan klas. Richie ap fè Klass pa l yon bò, Ti Cherif Trankil la ap fè pa l yon lòt bò. Dizyèm leson an ap rive sou nou nan fen wikenn nan. Rete branche ! Cool

NT

_________________
Richie est un grand musicien qui ne peut pas être compris du commun des mortels, car les notes qu'il émet sont trop élevées pour les oreilles du vulgaire.
 
View user's profile Send private message Send e-mail
T-Kout



Joined: 22 Sep 2010
Posts: 64
Location: QUEENS - NY

 PostPosted: Fri Sep 27, 2013 11:58 am    Post subject: Reply with quote Back to top

Neg Timid wrote:
Kote elèv entelijan Klas istwa Dayiti Kompa Magazine yo? Mèt la ap anonse nou ke rekreyasyon an fini, kòmanse prepare nou pou nou retounen nan klas. Richie ap fè Klass pa l yon bò, Ti Cherif Trankil la ap fè pa l yon lòt bò. Dizyèm leson an ap rive sou nou nan fen wikenn nan. Rete branche ! Cool

NT



Prof. mwen la mwen mem , mesi pou klass sa !
_________________
Fo'w Kou-T T-Kout pandan lap jwe kout guita
 
View user's profile Send private message
Display posts from previous:   
This forum is locked: you cannot post, reply to, or edit topics.   This topic is locked: you cannot edit posts or make replies.    KOMPA! MAGAZINE Forum Index -> Let's Talk! All times are GMT - 5 Hours
Goto page Previous  1, 2, 3, 4  Next
Page 2 of 4

 
Jump to:  
You cannot post new topics in this forum
You cannot reply to topics in this forum
You cannot edit your posts in this forum
You cannot delete your posts in this forum
You cannot vote in polls in this forum
Geo Visitors Map