HMI Music NEWS and Discussions

RUTSHELLE revele 2/3 secrets kap sou CD li a + MORE!

RUTSHELLE revele 2/3 secrets kap sou CD li a + MORE!

Postby kompamagazine » Tue Apr 25, 2017 5:40 pm

Image
Image
Image
Image
Image
Image
Image
Image
Image
Image
Image
Image
Image
Image
Image
Image
Image
Image
Image
Image
Image
Image
Image
Image
__________________

Image

*KOMPA MAGAZINE: What's NEXT for RUTSHELLE?
RUTSHELLE: "Finalman album lap soti 1 juillet. Mwen kwè dapre Zagalo yon nouvo video en route, epi mwen gen kèk ti kote map jwe. Montreal 27 Mai, Argentine 18 Mai, 20 Delaware, 21madan gougousse."

*KOMPA MAGAZINE: Ki “RUTSHELLE” ke nap jwen MUSICALEMENT parlant sou nouvo CD sa ki pral soti a?
RUTSHELLE: "Yon Rutshelle ki grandi e li prouve sa sou plizyè still mizik ki sou nouvo album nan. Fom diw tout mwen pa poukòm. Fabrice Rouzier produit album sa ak cœur li, e li edem anpil nan fason mwen chante 2e album nan."

*KOMPA MAGAZINE: Ki music préfère ou sou NOUVO CD sa e eske ou ka di nou poukisa?
RUTSHELLE: "ANMWEYYYYYY Patrick. Se kòmsiw te mande m nan 10 pitit mwen genyen yo, kiyes mwen pi renmen loll.
Mwen renmen tout mizik ki sou 2e album nan, but mwen reyalize "Denye Wòn" fè anpil anpil efè sou mwen se tankou nenpot moun ki te fè yon Mizik konsa mwen tap renmen l. Paske istwa a vre, mesaj la klè, e chak moun viv yon istwa konsa."


*KOMPA MAGAZINE: Pale nou de music "Denye wòn” an SVP. Personelle?
RUTSHELLE: "Denye Wòn" son istwa mal rakonte ladanl, kote map di yon neg mwen kitel epi map di mwen sonje l an menm tan.
Gen yon mizik ak J Perry tou, depi sou premye not la wap danse jiska denye not la. M panse album sa son travay yon bèl ekip mete sou pye. Map profite salye Maestro Mwen Dieuvenson Bon ki pa janm bouke."


*KOMPA MAGAZINE: Rutshelle…Nou konen ke ou “PA” yon artiste “COMPAS”, min eske pou esseye jwen plus moun…eske ou fe chemin COMPAS a nan 1/2 music sou CD ki pral soti a….ou bien NON?
RUTSHELLE: "Non Rutshelle pa yon atis konpa, men mwen chante sou plizye mizik konpa deja, e sou dezyem album nan m bay piblik la de mizik kote gen Roro djakout ki jwe sou youn pou mwen; men fòm diw se te ide Fabrice."

*KOMPA MAGAZINE: Eske RUTSHELLE “ekri” en parlant de “TEXT” music…ou bien ou chante/pran direction nan min produceur ke wap travay avek li a?
RUTSHELLE: "Mwen ekri, mwen pran direction nan men produceur a tou. Nou fe yon travay dekip."

*KOMPA MAGAZINE: Eske ou gin ANPIL PRESSION sou ou avec CD sa pou tet popularite w…ou bien non?
RUTSHELLE: "Mwen gen presyon paske denye album mwen an ap gen 3 ans 23 Mai kap vini la. Mwen bezwen yon nouvo son, yon nouvo album, men pou popularité à, son lot deba loll.

Popularité paka banm presyon; okontrè lè yo poko konnenw, ou gen pou prouvew, e se sa mwen te fè ak émotions. Premye album mwen an m te prouve mwen la, kounya map konfime Rutshelle."


*KOMPA MAGAZINE: VRAI ou FAUX…POPULARITE attire anpil NEGATIVITE et “HATERS”….eske ou KA “JERE” pati “sa”? Ki sekrè a?
RUTSHELLE: "Popularité vini ak bon move kote l. Sa vle di ou vinn gen plis moun kap swiv ou ki pa forcément renmenw, men ki swiv ou kanmenm. Jere à difisil anpil pou mwen paske m son fanm ki sansib, men anpil fwa mwen reziyen mwen. Mwen se atis ki gen plis contre versé; anpil moun ap di Byen; anpil moun ap di Mal; so mwen just viv ak sa.

Sekrè à se "Acceptation de Soi". Mwen aksepte mwen Rutshelle, e di Rutshelle di anpil Bon ak Move, so mwen just Viv moun mwen ye a."


KM!
 
kompamagazine
Site Admin
 
Posts: 4585
Joined: Thu Dec 10, 2015 12:05 am

Re: RUTSHELLE revele 2/3 secrets kap sou CD li a + MORE!

Postby 1Lov' » Fri Apr 28, 2017 7:13 am

Mwen apresye repons Atis mwen an anpil.
Mpaka tan album sa.
Mamzel ap monte mach pa mach..
Mwen renmen Konfidans ak Himilitel anpil..
Endistri Mizik Ayisyen an se pa yon ti endistri konsa konsa non, sepandan Ruthshelle ap naje ladanl tre byen sejousi.
Bonne Chance Ruthshelle..
Bel bout entevyou KM
Cesaire-Conde-Ceide Guitar Asylum, NYC District
1Lov'
 
Posts: 270
Joined: Fri Feb 05, 2016 1:59 pm
Location: New York

MUSIC

Who is online

Users browsing this forum: Bing [Bot], Google [Bot] and 304 guests